Koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
“Si yo kapab sonde bagay tan sa
a, kijan fè yo pa kapab jwenn Granmèt tan sa a?”
NAN LIV SAJÈS LA 13, 1-9
Tout moun ki pa gen syans Bondye
a nan yo, se vid yo vid; apati sa yo wè ki bon, yo pa t’ kapab konnen sa a ki
toujou la a; antan yo konsidere travay li, yo pa rekonèt sa a ki fè yo a. Men
se swa dife, swa van, swa van leje, swa mouvman zetwal yo, swa fòs dlo, swa
solèy ak lalin, se sa yo konsidere kòm dye k’ap dirije fas tè yo.
Si yo pran plezi ap gade glwa sa
yo wè a, e poutèt sa yo konsidere yo kòm dye, se pou yo konnen kijan mèt bagay
sa yo pi bèl toujou; sèke sa a ki fè glwa a, se li menm ki fè tout bagay sa yo.
Oubyen, si yo sezi poutèt fòs avèk aktivite bagay sa yo, se pou yo konnen,
apati bagay sa yo, kijan sila a ki fè bagay sa yo, li gen plis fòs pase yo.
Reyèlman apati grandè ak glwa kreyati a, yo kapab wè avèk konesans yo sila a ki
kreye yo a.
Sèlman moun sa yo, se yon ti
kras koreksyon yo merite, paske petèt yo twonpe chemen antan y’ap chèche Bondye
epi antan yo anvi jwenn li. Sèke, pandan yo vlope nan travay li yo, y’ap
chèche, epi yo gen konviksyon yo rive jwenn, paske sa yo wè a yo bon.
Sèlman nou repete l’, menm yo
menm yo pa inosan. Paske si yo te kapab konnen tèlman bagay pou yo sonde syèk
tan an, kijan fè yo pa t’ jwenn Granmèt tan sa a pi fasil?
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS: 18, 2-3. 4-5
R/ Syèl yo ap rakonte glwa Bondye.
Syèl yo ap rakonte glwa Bondye,
travay men l’, platfòm syèl la ap anonse l’.
Jou ap deklare pawòl bay jou,
nannuit ap montre syans bay nuit.R.
Pa gen langaj ni pawòl pou yo pa
konprann vwa yo.
Sou tout tè a bwi vwa yo sòti,
jous nan limit tè a pawòl yo rive.R.
LEVANJIL
“Jou Pitit moun nan ap devwale sa
l’ ye a”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
17, 26-37
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Jan sa te rive nan jou Noe yo,
se konsa tou sa ap fèt nan jou Pitit moun nan; yo t’ap manje, yo t’ap bwè, yo
t’ap marye, ni gason ni fi, jous jou Noe antre nan Ach la; delij la rive, li
detwi yo tout.
Se menm jan tou, jan sa te rive
nan tan Lòt la: yo t’ap manje, yo t’ap bwè, yo t’ap achte, yo t’ap vann, yo
t’ap plante, yo t’ap bati; jou Lòt kite Sodòm nan, yon lapli dife ak souf sot
nan syèl la, li detwi yo tout. Se konsa sa ap fèt jou Pitit moun nan ap devwale
sa l’ ye a.
Jou sa a, moun k’ap sou tèt kay,
si l’ gen afè l’ nan kay la, li pa bezwen tounen dèyè. Sonje madanm Lòt la.
Moun k’ap chèche sove lavi l’, l’ap pèdi l’; se moun k’ap pèdi l’, k’ap jwenn
li nèt ale.
Mwen di nou: nan nuit sa a, ap
gen de moun nan yon sèl kabann: y’ap pran youn, y’ap kite lòt la; ap gen de
moun k’ap moulen ansanm: y’ap pran youn, y’ap kite lòt la; ap gen de moun nan
jaden: y’ap pran youn, y’ap kite lòt la”.
Yo pran lapawòl, yo di l’: “Ki
kote, Granmèt?”
Li di yo: “Kote kò a ap ye a, se
la èg yo ap rasanble”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Nan kòmansman Liv Sen Ogisten ki
rele «Les Confessions»(= Konfesyon yo), li di: “Ou fè nou pou ou Granmèt, e kè
nou ap toujou rete enkyè toutotan li poko repoze nan ou”. Nou menm kòm moun nou
toujou enkyè, nou toujou ap kondisyon ki ki ka ba nou kè poze, kondisyon pou
nou viv ak trankilite, n’ap chèche: nou anvi rantre an relasyon ak yon fòs ki
pi wo pase nou, nou gen yon swaf espirityèl nan nou.
Nan sans sa a, li enpòtan pou nou
fè yon konvèsyon enteryè pou nou resantre lavi nou nan Jezikri, li menm ki
prensip e fondman lavi nou. Sen Inyas de Loyola di nou: se pou nou aprann
chèche e jwenn Bondye nan tout bagay. Sa vle di, itilize tout sa Bondye mete
osèvis nou kòm moun pou nou antre an kontak avèk Li, san nou pa bay bagay sa yo
plis enpòtans pase Bondye. Sa vle di, se sèl nan Jezi n’ap rive kontanple glwa
Bondye a, e se li k’ap fè kè nou poze.
LAPRIYÈ: Bondye ou menm ki kreye tout bagay, tanpri
ede nou chèche e dekouvri volonte w’ nan tout bagay ou mete osèvis nou. Aprann
nou itilize yo kòm mwayen pou nou rive jwenn ou antan n’ap fè lwanj ak
konpliman pou ou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap
chèche dekouvri nan ki fason Bondye pale ak mwen jodi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario