Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
“Sa a ki kreye tè a, l’ap renmèt
nou espri a ak lavi a”.
NAN DEZYÈM LIV MAKABE YO 7, 1.20-31
Jou sa yo:
Yo arete sèt frè, yo pran yo
ansanm avèk manman yo, wa a fòse yo manje vyann kochon, antan yo bat yo avèk
fwèt ak rigwaz.
Manman yo menm merite
konsiderasyon depase tout jan, li merite pou bon moun yo sonje l’: li wè sèt
pitit li yo k’ap mouri nan yon sèl jou, epi li sipòte sa ak anpil kouraj poutèt
esperans li te gen nan Bondye. Li t’ap ankouraje yo chak nan lang zansèt yo
avèk fòs, li te plen sajès, li mete nanm gason nan refleksyon li t’ap fè kòm
fi, li di yo: “Mwen pa konnen kijan nou te parèt nan vant mwen, ni kijan mwen
te ba nou espri ak nanm ak lavi, ni se pa mwen menm ki te konpoze manb nou
chak; men se Sa a ki kreye tè a, ki fòme nesans moun, li menm ki jwenn sous
tout bagay, se li menm tou avèk mizerikòd li k’ap renmèt nou espri a ak lavi a,
menm jan koulye a nou meprize pwòp tèt nou poutèt lalwa l’ yo”.
Antyokis menm konprann se li
menm yo tout ansanm t’ap meprize, li te sispèk pawòl sa a te gen bagay ladan l’
k’ap derespekte l’. Pandan sa k’ te pi piti a te vivan toujou, non sèlman li
t’ap ba l’ konsèy ak pawòl, men li te fè sèman l’ap fè l’ vin rich pou l’ alèz;
pou l’ kite lalwa papa l’ yo, pou l’ vin tounen zanmi l’, li t’ap ba l’ sa li
bezwen. Men, kòm
jèn ti gason an pa t’ panche ditou sou bagay sa yo, wa a rele manman an, li
t’ap chèche pran tèt li pou l’ sove ti gason an.
Aprè wa a fin di l’ anpil pawòl,
li pwomèt l’ap bay pitit li a konsèy; konsa li panche sou li, li pase gwo chèf
mechan an nan jwèt, li di nan lang papa yo: “Pitit mwen, pran pitye pou mwen,
se mwen menm ki te pote ou nan vant pandan nèf mwa epi mwen te ba ou tete, mwen
te swen ou pandan twazan, mwen fè ou rive nan laj sa a. Mwen mande ou, pitit,
tanpri, pou ou gade nan direksyon syèl la ak tè a ak tout bagay ki nan yo, pou
ou konprann se ak anyen Bondye te fè yo, ni ras moun. Konsa pa pè bouwo sa a,
men se pou ou montre ou merite menm ran ak frè ou yo, aksepte lanmò, pou m’
resevwa ou avèk frè ou yo nan tan mizerikòd la”.
Antan li t’ap pale toujou, ti
gason an di: “Ki sa n’ap tann? Mwen p’ap obeyi lòd wa a, men lòd lalwa a, sa yo te
ba nou pa lentèmedyè Moyiz la. Kanta ou menm, ki envante tout mechanste sa a kont
Ebre yo, ou p’ap chape nan men Bondye”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 16, 1. 5-6. 8bc e 15
R/ Lè m’a
leve, m’ap satisfè devan fas ou, Granmèt.
Koute jistis mwen, Granmèt,
panche sou priyè m’.
Pare zòrèy ou nan priyè m’ ki pa
sot nan bouch manti.R.
Kenbe plant pye m’ nan chemen ou
yo, pou demach mwen pa tranble.
Mwen menm se kote ou mwen rele,
paske ou koute m’, Bondye;
panche zòrèy ou sou mwen, koute
pawòl mwen yo.R.
Pwoteje m’ tankou grenn je, anba
lonbraj zèl ou, pwoteje m’.
Kanta mwen menm, nan jistis ou
m’ap wè fas ou, lè m’ap reveye, m’ap satisfè devan fas ou.R.
LEVANJIL
“Poukisa ou pa t’ mete lajan m’
nan labank?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
19, 11-28
Lè sa a:
Jezi di yon parabòl, poutèt li te
tou pre Jerizalèm, epi paske yo te konprann se toutsuit peyi wa Bondye a
t’apral parèt.
Konsa li di: “Te gen yon mesye
ki te nan gran ras, li te pati nan yon peyi ki lwen pou l’ resevwa peyi wa a,
epi pou l’ tounen.
Li rele dis sèvitè l’ yo, li bay
yo dis pyès lajan, li di yo: “Fè yo rapòte, joustan mwen vini”. Sitwayen l’ yo
te rayi l’; yo voye yon delegasyon aprè l’, yo di: “Nou pa vle pou sa a vin wa
sou nou”. Lè l’ tounen, aprè li fin jwenn peyi wa a, li pase lòd pou yo rele
sèvitè yo, sa l’ te bay lajan an, pou l’ konnen konbyen chak moun te rapòte.
Premye a rive, li di: “Mèt, pyès
lajan ou nan rapòte dis pyès lajan”. Li di l’: “Se byen, bon sèvitè: paske ou
te fidèl nan ti bagay, w’ap jwenn pouvwa sou dis vil.Yon lòt rive, li di: “Mèt,
pyès lajan ou nan te fè senk pyès lajan”. Li di sa a: “Ou menm tou w’ap
kòmande sou senk vil”.
Yon lòt rive, li di: “Mèt, men
pyès lajan ou nan, mwen te depose l’ nan yon mouchwa; mwen te pè ou, paske ou
se yon moun ki rèd: ou pran sa ou pa mete, ou ranmase sa ou pa simen”. Li di
l’: “Se ak bouch ou ou jije pwòp tèt ou, sèvitè ki pa vo anyen; ou te konnen
mwen se yon moun ki rèd, mwen pran sa m’ pa mete, epi mwen ranmase sa m’ pa
simen, ebyen poukisa ou pa t’ met lajan m’ nan labank, pou lè m’ rive mwen ta
reprann li avèk enterè?”
Li di moun yo ki te kanpe la a:
“Wete pyès lajan an sot nan men l’, epi bay moun ki gen dis pyès lajan yo”. Yo
di l’: “Mèt, li gen dis pyès lajan!”
“Mwen di nou, tout moun ki genyen,
y’ap ba li, l’ap gen an plis; men sa k’ pa genyen an, menm sa l’ genyen y’ap
wete l’ sot nan men l’. Kanta pou ènmi m’ sa yo, ki pa t’ vle pou m’ kòmande
sou yo kòm wa a, mennen yo isit la, touye yo devan m’”. Kon l’ fin di sa, li
pran devan, l’ap monte Jerizalèm.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kisa
Bondye di m' nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Kisa
Pawòl la enspire mwen pou m' mande Bondye?
AKSYON: Kisa Pawòl la voye m' akonpli jodi a nan lavi mwen,
nan kominote m'ap viv la?
No hay comentarios:
Publicar un comentario