Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"N’ap
obeyi lalwa papa nou yo"
LEKTI PREMYE LIV MAKABE YO 2, 15-29
Jou sa yo:
Moun yo wa Antyokis te voye yo,
yo rive, pou yo fòse sa yo ki kache nan vil Modi n’ nan, pou yo ofri sakrifis,
pou yo boule lansan, pou yo abandone lalwa Bondye a; anpil nan pèp Izrayèl la
dakò, yo monte al jwenn yo, men Matatyas ak pitit li yo kanpe fèm.
Sa yo Antyokis te voye yo, yo
pran lapawòl, yo di Matatyas: "Ou se yon chèf, yon moun ki gen ran
siperyè, ki gran nan vil sa a, ou gen anpil pitit ak frè; konsa, monte an
premye epi fè sa wa a kòmande a, jan tout nasyon yo te fè yo ak moun Jida yo,
ak sa k’ rete nan Jerizalèm; epi ni ou menm ni pitit ou yo n’ap nan pami zanmi
wa a, w’ap plen ak lò ak lajan ak anpil kado".
Matatyas reponn, li di byen fò:
"Menm si tout nasyon yo ta obeyi wa Antyokis, pou chak moun abandone
obligasyon lalwa papa yo, pou l’ dakò ak lòd li yo, mwen menm ak pitit mwen yo
ak frè m’ yo, n’ap obeyi lalwa papa nou yo. Bondye ap pran pitye pou nou, nou
pa gen avantaj pou nou kite lalwa ak desizyon Bondye yo: nou p’ap koute pawòl
wa Antyokis, ni nou p’ap ofri sakrifis, antan nou ta derespekte kòmandman lalwa
nou an, pou nou ale nan yon lòt chemen".
Kon l’ fin di pawòl sa yo, gen
yon Juif ki monte devan je tout moun pou l’ ofri sakrifis zidòl sou lotèl la
nan lavil Modin nan, daprè lòd wa a. Matatyas wè sa, li pran lapenn, ren l’
tranble, kòlè l’ flanbe daprè jijman lalwa a, li fonse, li touye l’ sou lotèl
la. Ni mesye a tou, sa wa Antyokis te voye a, ki t’ap fòse l’ pou l’ ofri
sakrifis la, li touye l’ menm lè a, li detwi lotèl la, li pran defans lalwa a,
tankou Fineyès te fè Zamri, pitit Salomi an.
Matatyas rele byen fò, nan vil
la, li di: "Tout moun ki cho pou lalwa a, ki kenbe alyans la, se pou l’
sòti aprè m’". Li voye kò l’ ak pitit li yo nan mòn yo, yo kite tout bagay
yo te genyen nan vil la.
Lè sa a atò anpil moun desann
antan y’ap chèche jijman ak jistis nan dezè a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
49, 1-2. 5-6. 14-15 (r.: 23b)
R/ Moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’
delivrans Bondye a.
Bondye dye yo, Granmèt la pale,
li rele tè a depi olevan jous okouchan.
Depi Siyon Granmèt la klere avèk
bèl dekorasyon.R.
"Rasanble sen m’ yo ban
mwen,
Yo menm ki te pase alyans mwen
an nan sakrifis la".
Syèl yo ap anonse jistis li,
paske Bondye se yon jij.R.
"Sakrifye sakrifis lwanj
pou Bondye,
Renmèt Sa a ki anwo nèt la sa ou
te pwomèt yo;
Rele m’ nan jou tray la,
M’ap delivre ou, w’a fè m’ jwenn
konsiderasyon".R.
LEVANJIL
"Si ou te rekonèt sa k’ap
ba ou lapè a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 19,
41-44
Pandan Jezi ap pwoche Jerizalèm,
li wè vil la, li kriye sou li, li di: "Si ou te konnen ou menm tou, epi jodi
a menm, sa k’ap ba ou lapè! Men koulye a li kache pou je ou.
Sèke gen jou k’ap rive sou ou,
ènmi ou yo ap antoure ou ak kannal yo fouye, y’ap sènen ou, y’ap fèmen ou tout
kote, y’ap jete ou atè ni ou menm ni pitit ou yo ki anndan ou yo, yo p’ap kite
wòch sou wòch nan ou; paske ou pa t’ rekonèt moman ou te resevwa vizit
la".
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Granmèt la.
REFLEKSYON: Kisa Bondye di m'
nan Pawòl li a jodi a?
LAPRIYÈ: Mèsi Bondye pou revelasyon pawòl ou a.
Tanpri, aprann mwen fè volonte w’ chak jou nan lavi mwen. Pa pouvwa Jezikri.
Amèn.
PWOPOZISYON: Mwen p’ap
wont di m’ se kretyen; mwen p’ap pè di mwen se katolik. M’ap angaje m’ jodi a
pou m’ sèvi Verite a temwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario