Koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
"Yo batize lotèl la, yo
ofri sakrifis avèk kè kontan".
LEKTI PREMYE LIV MAKABE YO 4, 36-37.
53-59
Jou sa yo:
Jida ak frè l’ yo di: «Men ènmi
nou yo kraze; an nou monte koulye a pou nou pwòpte Tanp la, pou nou mete l’ a
nèf ». Tout lame
a rasanble, yo monte sou mòn Siyon an.
Yo leve byen bonè, granmaten,
vennsenkyèm jou nevyèm mwa a (se mwa Kasle a) sankatreven-uityèm ane a; yo ofri
sakrifis daprè lalwa a sou lotèl nouvo, lotèl sakrifis antye yo, sa yo te fè a.
Daprè tan an ak daprè jou a, kote nasyon yo te sal li a, se menm dat sa a yo
renouvle l’ avèk kantik ak gita ak bandyo ak senbal.
Tout pèp la tonbe sou fas li, yo
adore, yo fè konpliman nan syèl la pou sa a ki te fè yo ranpòte viktwa a, yo
batize lotèl la pandan ui jou, yo ofri sakrifis antye avèk kè kontan, epi
sakrifis sove ak lwanj: yo dekore fasad Tanp la avèk kouwòn lò ak zam defans,
yo konsakre pòt yo ak sal yo, yo mete pòtay pou yo.
Vin gen yon gran kè kontan nan
pèp la anpil; lawont nasyon yo te pote a, li efase. Jida deside avèk frè l’ yo
ak tout asanble Izrayèl la, pou yo fete jou konsekrasyon lotèl la nan tan l’ yo
chak ane pandan ui jou, vennsenkyèm jou mwa Kasle a, avèk kè kontan ak fèt.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 1 Kr, 29, 10. 11abc. 11d-12a. 12bcd (r.: 13b)
R/ N’ap fè lwanj pou non ou ki gran an, Granmèt.
Konpliman pou ou, Granmèt Bondye
Izrayèl, papa nou, sot nan syèk tan al nan syèk tan.R.
Se pou ou, Granmèt, grandè ak
pouvwa, ak glwa, ak viktwa, ak lwanj se pou ou;
tout bagay ki nan syèl la ak sou
tè a, se pou ou yo ye.R.
Se pou ou, Granmèt, peyi wa a ye;
ou anlè tout chèf.
Richès se pou ou, glwa se pou
ou.R.
W’ap kòmande sou tout bagay, nan
men ou se otorite ak pouvwa,
nan men ou se grandè ak kòmandman
tout bagay.R.
LEVANJIL
"Nou fè kay Bondye a vin
tounen yon kachèt asasen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 19,
45-48
Lè sa a:
Jezi antre nan Tanp la, li kòmanse
chase moun k’ap vann ladan l’ yo, epi k’ap achte yo, li di yo: "Men sa k’
ekri: 'sèke kay mwen an se kay priyè li ye'; nou menm menm nou fè l’ vin tounen
yon 'kachèt bandi' ".
Li t’ap bay ansèyman chak jou nan
Tanp la. Chèf prèt yo menm ak skrib yo ak chèf pèp yo t’ap chèche touye l’, men
yo pa t’ jwenn kijan pou yo te fè l’, sèke tout pèp la te pandye ap koute l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, Jezi ap fè nou sonje
enpòtans kay sakre a: se pa yon espas kote nou kapab fè sa nou vle, men se kay
pou nou lapriyè, fè adorasyon; se yon espas pou nou chita-pale ak Bondye, se
pou sa nou dwe respekte espas sa a ki sakre. Nou menm tou, se pou nou gen respè
pou kay Sakre Granmèt la, nou pa kapab fè nenpòt bagay ladan l’, sof lapriyè ak
adorasyon. Tanp la,
se pa yon mache ni yon jaden ni yon bank pou moun chanje kòb.
LAPRIYÈ: Bondye
Granmèt, aprann nou respekte kay Sakre w’ la, nan jan n’ap respekte kò nou ki
se tanp Lespri Sena n. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap
libere kè mwen ak move santiman ki ladan li, pou Lespri Bondye a kapab abite
ladan li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario