Páginas

DIMANCH 22-12-2019


Koulè Vyolèt
KATRIYÈM DIMANCH TAN LAVAN ANE-A
PREMYE LEKTI
Men vyèj la ap vin ansent
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 7, 10-14
Jou sa yo :
Granmèt la pale avèk Akaz, li di : “Mande Granmèt Bondye w’ la yon siy nan bafon anba tè a oubyen nan syèl la anwo nèt la.
Akaz di : “Mwen p’ap mande, mwen p’ap tante Granmèt la.
Izayi di : “Koute, kay David : èske sa pa kont nou pou n’ap fatige lèzòm, pou nou rive ap fatige ata Bondye m’ nan? Se pousa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy. Men vyèj la ap vin ansent, l’ap fè yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, paske Bondye-avèk-nou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 23, 1-2. 3-4ab. 5-6
R/ Granmèt la ap antre: se li menm wa glwa a.
Pou Granmèt la tè a ak sa k’ plen l’, fas tè a ak sa k’ abite ladan l’.
Sèke se li menm ki poze l’ sou lanmè yo, ki rann li solid sou gran larivyè yo.R.
Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt la, oubyen kilès k’ap kanpe sou plas li ki sen an ?
Moun ki gen men l’inosan ak kè l’ nèt, ki pa nonmen non l’ pou granmesi.R.
Moun sa a ap resevwa benediksyon nan men Granmèt la ak jistis nan men Bondye Sovè l’ la.
Sa a se ras moun k’ap chèche l’ yo, k’ap chèche fas Bondye Jakòb la.R.
DEZYÈM LEKTI
“Jezikri, nan ras David la, Pitit Bondye”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 1, 1-7
Pòl, sèvitè Jezikri, li menm yo rele kòm apot, yo mete apa pou bòn nouvèl Bondye a, bòn nouvèl sa a Bondye te pwomèt davans pa lentèmedyè pwofèt li yo nan sa k’ ekri yo ki sen an, osijè Pitit li a, ki vin fèt pou li sot nan ras David la daprè chè a.
Li menm ki te prevwa davans kòm Pitit Bondye nan pouvwa a daprè Lespri k’ap fè nou vin sen an, gras a rezireksyon nan pami mò yo, Jezikri Granmèt nou an. Se pa pouvwa l’ nou resevwa gras avèk misyon apot pou reyalize obeyisans lafwa nan tout nasyon yo pou non l’, nou menm ki nan pami nasyon sa yo, Jezikri rele nou tout: Pou nou tout ki a Wòm, nou menm Bondye renmen an, nou menm li rele pou nou vin sen an, gras pou nou ak lapè sot nan Bondye Papa nou ak Granmèt nou Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Jezi fèt sot nan Mari, ki te fiyanse avèk Jozèf, pitit David la”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 1, 18-24
Men kijan Jezikri te fèt.
Lè manman l’ Mari te fiyanse avèk Jozèf, anvan yo te abite ansanm, rive li te vin ansent pa pouvwa Lespri Sen an. Jozèf menm, mari l’, kòm li te kòrèk, epi li pa t’ vle denonse l’, li te vle ranvwaye l’ankachèt.
Pandan l’ap kalkile sa, zanj Granmèt la parèt devan l’ nan rèv, li di : « Jozèf, pitit David, pa pè resevwa Mari, madanm ou an ; sèke sa k’ fèt nan li a, se nan Lespri Sen an li sòti. L’ap anfante yon ti gason, w’ap rele non l’ Jezi ; se li menm k’ap sove pèp li a sot nan peche l’ yo».
Tout sa rive pou pawòl Granmèt la te di pa lentèmedyè pwofèt la rive vre : « Men vyèj la ap vin ansent, l’ap anfante yon ti gason ; y’ap rele non l’Emanyèl, sa vle di Bondye-avèk-nou ». Lè Jozèf leve sot nan dòmi, li fè jan zanj Granmèt la te pase lòd la, li resevwa madanm li an.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Sa fè  prèske 4 semѐn depi n’ap prepare nou pou nou fete yon gwo evènman nan lavi nou tankou pѐp Bondye. Jodi a, nou pi pre Nwѐl la, ann gade ki mesaj lekti yo pote pou nou jodi a.
Daprè tѐks Legliz la pwopoze nou pou dѐnye dimanch tan Lavan an, nou kapab konsidere dimanch sa a tankou yon veye Nwѐl paske nou jwenn apeprѐ menm lide Nwѐl la atravѐ tѐks yo.  Nan premye moso labib la, nou wѐ kòman wa Akaz te vle aji pou kont li, li pa t’ vle mete Bondye devan nan desizyon l’ t’ap pran. Granmѐt la te di l’ mande yon siy men li menm li te di non li p’ap tande Bondye Granmѐt la. Li pa t’ vle se paske li te pѐ, li te prefere mete konfyans li nan lèzὸm pase nan Bondye. Men pwofѐt Izayi te ba li yon siy pou l’ te ka mete li an konfyans, li te di l’ : «Men vyѐj la ansent, l’ap fѐ yon ti gason, l’ap rele non li Emanyѐl, sa vle di Bondye-avѐk-nou ».
Nan sὸm 23, deja yo te gen tan aklame wa sa a ki te gen pou vini an ; e nan dezyѐm moso labib la, Sen Pὸl nan lѐt li ekri Women yo, prezante nou Jezi tankou yon moun ki sòti nan ras David, men ki fѐt selon Lespri Sen an e ki se pitit Bondye. Konsa li souliye orijin Jezi tankou pitit Bondye e an menm tan tou nati li tankou moun ki sòti nan ras David.
Pi devan nan Levanjil la, nou wѐ tout sa ki t’ap anonse depi nan tan lontan nan bouch pwofèt yo vin akonpli, si nou gade byen, nou kapab di 3 moso labib yo fѐ yon sѐl e nou retwouve menm fraz sa a ki te sòti nan bouch pwofѐt Izayi lontan avan. Mari ansent, Jozѐf te vle voye l’ale an sekrѐ men zanj Bondye te vin pale avѐ l’, li te obeyi san poze kesyon paske li te fѐ Bondye konfyans, li te kwѐ sa li di se sa. Bondye ba nou sѐl grenn pitit li a : kidonk dimanch sa a se yon envitasyon pou nou renouvle lanmou nou ak lamitye nou pou Bondye Granmѐt nou an. Lѐ nou gade kijan Bondye renmen nou, nou dwe manifeste yon santiman konfyans ak gratitid anvѐ li, pandan n’ap fѐ efὸ pou nou pa janm pѐdi lanmou sa a li genyen pou nou an.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, jodi a mwen mande w’ padon pou chak fwa mwen pa mete konfyans mwen nan ou, pou chak fwa mwen pa bay lanmou w’ genyen pou mwen enpὸtans. Jodi a mwen vle kòmanse yon lavi tou nѐf, yon eksperyans pwofon lanmou w’ pou mwen, tanpri ede m’ Granmѐt. Amѐn
PWOPOZISYON:Idantifye Jezi tankou Emanyѐl, Bondye-avѐk-nou, nan lavi m’, nan atitid mwen ak desizyon m’ yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario