Páginas

SAMDI 21-12-2019


Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Men renmen m’ nan ap vini, l’ap sote sou mòn yo".
NAN LIV KANTIK DE KANTIK 2, 8-14
Vwa renmen m’ nan: men l’ap vini, l’ap vòltije sou mòn yo, l’ap sote sou ti wotè yo. Renmen m’ nan tankou yon kabrit, yon pitit mouton. Men li, li kanpe dèyè miray nou an, l’ap gade nan fenèt yo, l’ap obsève nan pèsyèn yo.
Men renmen m’ nan ap pale avèk mwen: "Leve, fè vit, zanmi m’, toutrèl mwen, bèlte m’. Tan frèt la deja pase, lapli a pati, 1’al fè wout li. Flè yo parèt sou tè nou an, tan womans yo rive; nou tande vwa toutrèl la sou tè nou an; pye figye a donnen premye fwi l’ yo, pye rezen yo fleri, yo bay bon lodè yo.
Leve, zanmi m’, bèlte m’, vini, toutrèl mwen, nan fant wòch la, nan twou falèz la. Montre m’ fas ou, vwa ou sonnen nan zòrèy mwen; vwa ou dous, figi ou bèl".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 32, 2-3. 11-12. 20-21
R/ Fete pou Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo, chante yon kantik nouvo pou li.
Fè lwanj pou Granmèt la sou gita, sou enstriman dis kòd la, chante pou li.
Chante yon kantik nouvo pou li, jwe mizik byen pou li avèk gran bravo. R.
Men plan Granmèt la rete pou tout tan, kalkil kè l’ pou jenerasyon ak jenerasyon.
Ala kontantman pou nasyon an, ki gen Granmèt la pou Bondye l’, pèp la li chwazi kòm eritaj li a. R.
Nanm nou ap konte sou Granmèt la, paske se sekou nou ak pwoteksyon nou li ye;
Paske se nan li kè nou ap fete, se nan non l’ ki sen an n’ap espere. R.
LEVANJIL
''Kote sa sòti pou mwen pou manman Granmèt mwen vin kote m’"?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 1, 39-45
Jou sa yo, Mari leve, li pati al nan mòn yo byen vit, nan yon vil Jida. Li antre nan kay Zakari, li salye Elizabèt.
Rive, kon Elizabèt tande Mari salye l’, ti pitit la danse nan vant li, epi Elizabèt vin plen ak Lespri Sen an, li rele byen fò, li di:
"Ou beni nan pami tout fi, epi li beni tou, fwi vant ou a. Epi kote sa sòti pou mwen, pou manman Granmèt mwen vin kote m’? Gade, kon vwa ou rive nan zòrèy mwen lè w’ salye m’ nan, ti pitit la danse nan vant mwen ak kè kontan. Ala kontantman pou ou, poutèt ou te kwè, paske sa Granmèt la voye di w’ yo, y’ap reyalize".
Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nou ka rele twazyèm semèn nan tan Lavan an "semèn kè kontan" paske Sovè n’ nan prèt pou vizite n’. Liv Kantik yo ke yo rele Liv powèm montre nou kijan nan Labib la maryaj se yon bagay ki dakò ak volonte Bondye; se poutèt sa yo toujou pran maryaj la tankou yon modèl pou eksplike nou ki kalite rapò Bondye genyen avèk moun sou tè a ; se tankou de moun ki damou. Se konsa Jwif yo te konn chwazi pi bèl chan sa yo kòmkwa yo ta vle chante nòs Bondye ak pèp Izrayèl la.
Jodi a se pawòl sa yo k’ap sòti nan bouch Bondye, se pa nou k’ap di li nou renmen li, men se li k’ap di nou li renmen nou. Nan pwezi sa l’ap di nou, ann mete nou atantif pou tande vwa sa tankou lè yon fi mete tout atansyon li pou li tande sa yon gason ap di li. Li dispoze li pou tande vwa fiyanse a k’ap vini, ki parèt nan fenèt la pou l’ gade; tout preparasyon gentan fèt pou l’ resevwa li, a la bèl bagay se renmen, se konsa depi nan batèm nou Bondye chwazi nou kòm madam marye l’. Paske li te chwazi nou, li toujou renmen nou. Nou menm ki kalite renmen nou genyen pou mesye sa a? Se pou nou fè bagay ki fè kè l’ kontan: pran ka sa ki pi piti yo, sila yo yo meprize yo, rann tout moun sèvis san gade sou figi moun.
Mari ba nou ekzanp li menm ki te manman Bondye. Lè l’te konnen Bondye te chwazi l’ pou l’ manman Pitit li a, malgre li pa t’ menaje kouraj li, li pa t’ di kounye a se mwen ki manman Bondye m’ap rete chita pou yo vin sèvi m’, non! Nan tout senplisite li leve li pati, nan mòn peyi Jida pou l’al rann kouzin li Elizabèt sèvis. Nan menm moman l’ap di li bonjou, ti pitit la kite nan vant li a gentan santi prezans Granmèt la, li te kontan. Elizabèt di: Mari ou se yon fanm Bondye  beni pase tout fanm sou latè paske ou te kwè tout Pawòl  Granmèt la te voye di w’ yo gen pou rive vre.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, mèsi, paske w’ pa gade sa mwen ye pou w’ vin lakay mwen.  Aprann mwen renmen epi sèvi lòt yo, selon ekzanp ou ba nou. Amèn
PWOPOZISYON: M’ap pote kole lakay mwen, nan katye mwen pou tout moun ka gen kè kontan.

No hay comentarios:

Publicar un comentario