Páginas

VANDREDI 20-12-2019


Koulè Vyolèt.
PREMYE LEKTI
"Men Vyèj la ap vin ansent".
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 7, 10-14
Jou sa yo:
Granmèt la pale avèk Akaz, li di: "Mande Granmèt Bondye w’ la yon siy nan bafon anba tè-a oubyen nan syèl la anwo nèt la".
Akaz di: "Mwen p’ap mande, mwen p’ap eseye Granmèt la".
Izayi di: "Koute, kay David: Èske sa pa kont nou pou n’ap fatige lèzòm, pou nou rive ap fatige ata Bondye m’ nan? Se pousa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy. Men vyèj la ap vin ansent, l’ap fè yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, paske Bondye-avèk-nou".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 23, 1-2. 3-4ab. 5-6
R/ Granmèt la ap antre: li se wa bèlte a.
Pou Granmèt la tè a ak sa k’ plen l’,
fas tè a ak sa k’ abite ladan l’.
Sèke se li menm ki poze l’ sou lanmè yo,
ki rann li solid sou gran rivyè yo. R.
Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt la,
oubyen kilès k’ap kanpe sou plas li ki sen an?
Moun ki gen men l’ inosan ak kè l’ nèt,
ki pa nonmen non l’ pou granmesi.R.
Moun sa a ap resevwa benediksyon nan men Granmèt la
ak jistis la nan men Bondye Sovè l’ la.
Sa a se jenerasyon moun k’ap chèche l’ yo,
k’ap chèche fas Bondye Jakòb la. R.
LEVANJIL
"Men w’ap ansent, w’ap anfante yon ti gason".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 1, 26-38
Sou sizyèm mwa-a Bondye voye anj Gabriyèl nan yon vil Galile yo rele Nazarèt, kot yon vyèj ki te fiyanse avèk yon mesye yo te rele Jozèf, nan kay David, non vyèj la se te Mari.
Anj la antre kote l’, li di: "Se pou kè ou kontan, plen gras, Granmèt la avèk ou, ou beni nan pami tout fi". Lè l’ tande sa, li twouble poutèt pawòl li a, li t’ap kalkile ki kalite mòd jan salye sa a.
Anj la di l’: "Pa pè, Mari; ou jwenn gras kot Bondye: men w’ap ansent, w’ap anfante yon ti pitit gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba l’ twòn David papa l’, l’ap kòmande kòm wa nan kay Jakòb la pou tout tan, peyi-wa l’ la p’ap janm fini".
Mari di Anj la: "Kijan pou sa fèt, paske mwen pa gen konesans lèzòm?"
Anj la reponn, li di l’: "Espri Sen-an ap vini nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak lonbraj li. Se pousa sa a k’ap fèt nan ou-a, l’ap sen, y’ap rele l’ Pitit Bondye. Men Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason nan vyeyès li, mwa sa-a se sizyèm nan pou sa a yo te rele steril la; paske anyen pa enposib kot Bondye".
Mari di: "Men sèvant Granmèt la; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a". Anj la pati kite l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Anons Nesans Jezi: Sis mwa aprè, nan Nazarèt, Anj Gabriyèl parèt lakay Mari, fiyanse Jozèf la nan kay David la. Vyèj la, ki se yon jèn fi, te twouble, li te boulvèse. Anj la fè li kalme li, aprè sa li anonse li li pral manman Jezi. Pou Mari, se te yon gwo sipriz! Anj la fè l’ konnen Espri Sen-an ap vini nan li, fòs Sa a ki anwo nèt la ap kouvri li ak lonbraj li. Mari di «wi».
Mari, se pèsonaj prensipal la (li se pwotagonis). Li te twouble akòz fason Bondye manifeste prezans li nan lavi li. Men li akeyi pwojè Bondye a nan lavi li, malgre sa pa t’ fasil; li te fè li obeyisan, e li te kite se volonte Bondye ki fèt nan lavi li. Se pou sa  li te di Bondye wi. «Wi» Mari a fè li tounen kolaboratè Bondye: li fè plan delivrans Bondye a reyalize pi vit pou tout moun te kapab gen lavi. Mèsi Manm Mari poutèt ou ba nou Jezi, Pitit ou a. Manman cheri, tanpri, granmesi konkou lapriyè ou, fè nou obeyisan menm jan ak ou, antan n’ap fè nou disponib pou Bondye, ki vle itilize nou kòm enstriman pou li kapab rive jwenn frè ak sè nou yo.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki pèmèt pou Vyèj ki san tach la resevwa Pawòl ou a yo pa kapab eksplike a, lè Anj la te pot nouvèl la, epi ou fè l’ vin tounen kay Bondye, ou plen l’ak limyè Lespri Sen an, tanpri, fè nou suiv ekzanp li, pou nou rabese tèt nou pou nou kole kò nou sou volonte ou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Si m’ koute sa Bondye di m’, si m’ fè m’ dosil nan men li, m’a gen plis disponiblite pou kopere ak li nan sèvis pwochen mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario