Páginas

JEDI 12-12-2019


Koulè Blan
Notre Dam Gwadaloupe, Patwòn Amerik.
PREMYE LEKTI
"Fè kè ou kontan, pitit fi Siyon, men m’ap vini"
LEKTI LIV PWOFÈT ZAKARI 2, 10-13
Fè lwanj, fè kè ou kontan, pitit fi Siyon, paske men m’ap vini, m’ap abite nan mitan ou, deklarasyon Granmet la. Jou sa a anpil nasyon ap kole kò yo sou Granmèt la, y’ap tounen pèp mwen, m’ap abite nan mitan ou, w’ap konnen se Granmèt lame yo ki voye m’ kote ou. Granmèt la ap posede Juda kòm pòsyon pa l’ nan peyi ki sen an, l’ap chwazi Jerizalèm ankó. Se pou tout chè fè silans devan fas Granmèt la, paske l’ap leve sot nan kay li ki sen an.
Pawòl Granmèt la.
SOM REPONS 95, 1-2.3 e 10ac. 11-12. 13 (r.: Iz 40, 9-10)
R/ Men Bondye nou an k’ap vini ak fòs.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo, chante pou Granmèt la, tout tè a.
Chante pou Granmèt la, fè konpliman pou li, anonse jou an jou delivrans li. R.
Anonse bèlte l’ pou nasyon yo, nan tout pèp yo mèvèy li yo.
Di nan nasyon yo: "Granmèt la wa", l’ap jije pèp yo nan jistis.R.
Se pou syèl yo kontan, pou tè a danse, pou lanmè a sonnen ansanm ak tout sa k’ plen l’;
Jaden yo ap kontan ansanm ak tout sa ki nan yo.
Lè sa a tout bwa nan rak yo ap danse.R.
Devan fas Granmèt la, paske l’ap vini, paske l’ap vini pou l’ jije tè a.
L’ap jije fas tè a nan jistis epi pèp yo nan verite l’.R.
LEVANJIL
"Kote sa sòti pou mwen pou manman Granmèt mwen vin kote m’ "?
LEKTI LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ SEN LIK 1, 39-45
Jou sa yo, Mari leve, li pati al nan mòn yo byen vit, nan yon vil Juda. Li antre nan kay Zakari, li salye Elizabèt.
Rive, kon Elizabèt tande Mari salye l’, ti pitit la danse nan vant li, epi Elizabèt vin plen ak Lespri Sen an, li rele byen fò, li di:
"Ou beni nan pami tout fi; epi li beni tou, fui vant ou a. Epi kote sa sòti pou mwen, pou manman Granmèt mwen vin kote m’? Gade, kon vwa ou rive nan zòrèy mwen lè ou salye m’ nan, ti pitit la danse nan vant mwen ak kè kontan. Se chans pou ou, poutèt ou te kwè, paske sa Granmèt la voye di w’ yo, y’ap reyalize".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap fete Notredam Gwadaloupe, ki se Patwòn Amerik la. Non sa se yon lòt non yo bay Manman Mari, lè y’ap pale de li tankou Manman tout pèp yo nan Kontinan Ameriken an. Men an reyalite, Mari pa sèlman manman kontinan sa, li se manman tout moun alawonnbadè.
Fèt jodi a ap fè nou sonje gwo wòl timadanm sa te jwe pou nou te kapab rive genyen Jezi, Sovè nou an. Menm jan Jezi aprann nou rele Bondye ‘‘Papa’’ (Mat 6, 9), se konsa tou li aprann nou rele Mari ‘‘Manman’’ (Jn 19, 26-27).
Nou pa bezwen pè rele Mari Manman nou, se sa li ye. Se Manman ki renmen nou e li toujou prè pou li pote nou sekou, se pou sa kòm Patwòn peyi Ayiti nou rekonèt li tankou «Manman Pèpetyèl Sekou». Manman sa a se modèl nou, modèl lapriyè, disponiblite, obeyisans, lafwa, kouraj, sèvis. Nou ka konte sou konpreyansyon li ak konkou lapriyè li: li konnen tout sa nou bezwen, se poutèt sa, sa li pa kapab ba nou li mande Pitit li a li pou nou. Manman sa a se kanal, se atravè li menm nou resevwa Jezi, se atravè li menm nou resevwa tout gras nan men Bondye.
Manman sa san tach: Bondye te rezève li depi byen davans pou li te kapab vin Manman Jezi. Se pou sa li fèt san mak peche orijinèl la. Manman sa a se kle delivrans nou, san li nou pa t’ap gen Jezi ki delivre nou an. Li se kolaboratè Bondye. Elizabèt, kouzin Mari a, lè li te plen ak Lespri Sen an, li te gen yon kantantman ekstrawòdinè. Koute sa li te di Mari: «Ou beni nan pami tout fi; epi li beni tou, fwi vant ou a. Epi kote sa sòti pou mwen, pou manman Granmèt mwen vin kote m’!».
Mari plen ak Lespri Sen an, kidonk li plen ak Bondye.Se pou sa li chante chan nou rele    ‘‘Mayifikat’’ la pou li li fè lwanj ak konpliman pou Bondye ki leve li anlè:
«Nanm mwen ap chante pou Mèt la ki gen pouvwa.
Lespri m' pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.
Paske li voye je l' sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li.
Wi, depi koulye a, epi pou tout tan, tout moun pral di:
Ou se yon fanm Bondye beni!
Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen.
Non li, se yon non pou tout moun respekte.
L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li.
Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li.
Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo.
Li desann chèf ki te byen chita nan fotèy yo.
Li leve moun ki pa gen pretansyon yo.
Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen.
Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l' la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib, pou Abraram ansanm ak tout ras li a, daprè pwomès li te fè zansèt nou yo» (Lik 1,46-55).
LAPRIYÈ: Mèsi Jezi Sovè mwen, pou Manman w’ ou ba nou; tanpri aprann nou renmen li chak jou menm jan ou te renmen li. Tanpri, fè nou merite jwenn gras nan men Bondye gras a lapriyè l’ap fè an favè nou. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap pran yon ti moman nan jounen an pou mwen pale ak Manman Mari, m’ap di l’ mèsi paske gras a li menm mwen resevwa tout gras nan men Bondye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario