Páginas

MÈKREDI 11-12-2019


Koulè Vyolèt.
PREMIE LEKTI
"Bondye ki gen tout pouvwa a bay sa ki fatige a fòs".
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 40, 25-31
"Ak ki sa nou fè m’ sanble, nou konpare m’?" deklarasyon Sen an. Leve je nou nan syèl anwo nèt la, epi gade: kilès ki te kreye bagay sa yo, ki fè lame yo sòti nan ran an, ki rele yo tout daprè non yo? Akoz grandè fòs ak pouvwa ak otorite l’, pa gen youn ki rete.
Pouki sa w’ap di, Jakòb, w’ap deklare Izrayèl: «Chemen m’ nan kache devan Granmèt la, jijman m’ nan pati sot devan Bondye m’ nan?» Èske ou pa konnen, oubyen ou pa t’ tande? Se Bondye tout tan an, Granmèt la, ki te kreye limit tè a, li p’ap febli, li p’ap bouke, pa gen fon pou bon konprann li. Li menm ki bay sa k’ fatige a fòs, sila yo ki pa ekziste yo li ba yo fòs, li devlope fòs la. Timoun yo febli, yo bouke, jenn jan yo tonbe ak feblès; men sila yo ki espere nan Granmèt la yo jwenn fòs tou nèf, yo pran zèl tankou malfini, yo kouri epi yo pa bouke, yo mache epi yo pa febli.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 102, 1-2.3-4. 8 e 10.
R/ Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen; tout sa k’ andan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen, pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Li menm ki padonnen tout fot ou yo, ki geri tout maladi ou yo; li menm ki delivre lavi ou sot nan fòs la, ki kouwonnen ou ak kè sansib, ak pitye.R.
Granmèt la pran pitye, li gen kè sansib, li pran pasyans, li gen anpil kè sansib.
Se pa daprè peche nou yo li trete nou, ni daprè fot li renmèt nou yo.R.
LEVANJIL
"Vin jwenn mwen, nou tout k’ap redi".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 11, 28-30
Le sa a: Jezi pran lapawòl li di:
«Vin jwenn mwen, nou tout k’ap fatige, k’ap redi anba gwo chaj, m’ap refè fòs nou. Pran jouk mwen sou nou, pran leson nan men m’, paske mwen tou dou, mwen pòv nan kè m’; n’ap jwenn repo pou nam nou; jouk mwen fasil pou pote, chaj mwen leje».
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Jezi ap mennen nou nan repo Granmèt la. Nou konnen Bondye se yon Papa ki ekzijan, paske li renmen nou e li mande nou pou nou ba li tout bagay, men li p’ap fè nou enjistis, li p’ap maltrete nou. Lè li mande nou yon bagay, se pou nou kapab grandi nan renmen li an. Sèl sa li mande nou fè se renmen. Nou ka soufri poutèt lanmou an, konsa tou nou ka rejui akoz lanmou, nou ka repoze akoz lanmou an.
Lè nou fè nou dosil nan men Bondye, sa fè nou vin lib e kè nou vin pi gran. Se poutèt sa Jezi ki envite nou renonse ak pwòp tèt nou an pou nou pote kwa nou epi suiv li a, li di nou: « jouk mwen fasil pou pote, chaj mwen leje» (Mt 11,30). Menm si pafwa sa pa fasil pou nou obeyi ak volonte Bondye, lè nou rive fè sa avèk lanmou, sa pote anpil lajwa pou nou: «Fè m' viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m'» (Sòm 119,35).
Mwen ta renmen rakonte yon bagay. Pafwa, aprè yon jounen ki te pote anpil fatig, lè m’pral kouche, mwen santi tankou yon vwa ki di m’: Poukisa ou pa pran yon ti moman avèk mwen nan lapriyè? Aprè yon ti moman etònman ak rezistans, mwen aksepte pase yon ti moman ak Jezi. Aprè sa mwen al kouche, mwen santi m’ byen, nan demen maten mwen reveye e mwen pa twò santi fatig mwen abitye santi lematen an.
Men yon lòt fwa, mwen fè yon lòt bagay. Lè mwen fè fas ak yon pwoblèm ki trakase m’, mwen panse e mwen di: Nan nuit sa a, m’ap priye inèd tan pou m’ jwenn yon solisyon. E lè mwen pran dispozisyon pou m’ lapriyè, mwen tande yon vwa ki pale sou pa anndan ki di mwen: Ou konn yon bagay?  Ou ta plis fè m’ plezi si w’ te al kouche touswit e si w’ te fè m’ konfyans; se mwen k’ap rezoud pwoblèm ou an. Epi, lè mwen sonje kondisyon mwen tankou yon «sèvitè initil», mwen ak kouche trankilman, mwen lage tout bagay nan men Granmèt la.
Tout sa, se pou di ke volonte Bondye se kote ki gen pi gwo lanmou an, men pa fòseman kote ki gen pi gwo soufrans la… Gen plis lanmou nan repo konfyans la ke nan nan angwas enkyetid la.
LAPRIYÈ: Bondye ki gen tout pouvwa, ou menm ki pase nou lòd pou nou pare chemen pou Jezikri Granmèt la, fè nou favè, tanpri, pou okenn feblès pa fè nou bouke, nou menm k’ap tann prezans doktè syèl la k’ap konsole nou an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Selon jan mwen viv ak pwochen mwen, mwen ka montre si Jezi prezan oubyen si li absan.

No hay comentarios:

Publicar un comentario