Páginas

LENDI 2-12-2019


Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Granmèt la ap rasanble tout nasyon yo nan lapè tout tan Rèy Bondye a»
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 2,1-5
Pawòl Izayi, pitit Amòs la, te wè osijè Jida ak Jerizalèm.
Nan dènye jou yo, mòn kay Granmèt la ap pare anlè tèt mòn yo, l’ap anlè ti mòn yo, tout nasyon yo ap kouri vin jwenn li. Anpil pèp ap vini, y’ap di :
«Vini, an nou monte sou mòn Granmèt la, ak nan kay Bondye Jakòb la, l’ap aprann nou cheme l’ yo, n’ap mache nan santye l’ yo; paske se nan Siyon lalwa a ap sòti, pawòl Granmèt la ap vin sot Jerizalèm».
L’ap jije nasyon yo, l’ap korije anpil pèp: y’ap fonn epe yo pou yo fè pikwa, ak fwenn yo pou yo fè sèpèt. Nasyon p’ap leve epe kont nasyon ankò, yo p’ap aprann fè lagè ankò.
Kay Jakòb la, vini an nou mache nan limyè Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
121, 1-2, 34a (4b-5. 6-7) 8-9
R/ Nan lakay Granmèt la n’a prale ak kè kontan
Mwen kontan, lè yo di m’: «N’a pral nan lakay Granmèt la».
Pye nou deja kanpe nan pòt ou yo, Jerizalèm.R.
Se la reyèlman vre ras yo ap monte, ras Granmèt la,
Temwayaj Izrayèl, pou fè lwanj pou non Granmèt la.
Paske se la fotèy yo ap poze pou jijman an, fotèy kay David la.R.
Mande sa k’ap bay Jerizalèm lapè.
Se pou yo gen asirans, sila yo ki renmen ou nan.
Se pou gen lapè nan miray ou yo, avèk asirans nan kay defans ou yo. R.
Poutèt frè m’ yo ak pwochen m’ yo m’ap di: «Lapè nan ou!
Poutèt kay Granmèt Bondye nou an m’ap mande byen pou ou.R.
LEVANJIL
«Anpil moun ap sòti nan direksyon solèy leve ak nan direksyon solèy kouche, y’ap vin nan rèy syèl yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 8, 5-11
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap antre Kafanawòm, yon kapitèn pwoche kote l’, li di: «Granmèt, sèvitè m’ nan kouche lakay la, yon bò mouri, l’ap soufri anpil».
Jezi di l’: «M’a prale, m’ap geri l’».
Kapitèn nan reponn, li di: «Granmèt, mwen pa merite pou ou antre anba fetay lakay mwen; men di yon pawòl, epi sèvitè m’ nan ap geri. Sèke mwen menm mwen se yon moun ki anba lòd lòt moun, mwen gen sòlda anba lòd mwen, mwen di sa a: «Ale», epi 1’ale; epi lòt la: «Vini», epi li vini; epi sèvitè m’ nan: «Fè sa», epi li fè l’».
Lè Jezi tande sa, li sezi, li di sila yo ki t’ap suiv li a: «An verite, mwen di nou, mwen pa jwenn kalite lafwa sa a nan Izrayèl. Ebyen mwen di nou: anpil moun ap vin sòti nan direksyon solèy leve ak nan direksyon solèy kouche, y’ap manje avèk Abraam, Izaak ak Jakòb nan rèy syèl yo».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «An verite, mwen di nou, mwen pa jwenn kalite lafwa sa a nan Izrayèl».
Jezi retounen Kafanawòm e yon kapitèn mande li pou geri yon sèvitè li. Jezi pwomèt li prale l’ap geri li, men kapitèn nan di Jezi: «Granmèt, mwen pa merite pou ou antre anba fetay lakay mwen; men di yon pawòl, epi sèvitè m’ nan ap geri...». Jezi fè lwanj pou lafwa kapitèn nan.
     Jodi a, Kafanawòm, se lavil nou an, se pèp nou an. Pami malad yo, genyen nou konnen, genyen nou pa konnen, genyen yo bliye akòz jan mond nou an ap fonksyone a: nou chaje travay, aktivite nou fè nou pa sonje sila yo k’ap viv sou kote sosyete a pou yon rezon maladi, e ki pa kapab bouje menm jan avèk nou. Poutan, yon jou Jezi ap di nou: «chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li» (Mt 25, 40).
Kapitèn nan pa bliye sèvitè li a k’ap soufri, paske li renmen li. Menm si li gen plis fòs pase li, menm si sèvitè sa anba otorite li, li gen rekonesans pou sèvis li rann li pandan anpil tan. Li gen anpil konsiderasyon pou li. Se lanmou sa ki pouse aji lafwa li nan Jezi pou li kapab mande li fè kichòy pou sèvitè a, e se pawòl sa yo nou repete nan lamès avan nou kominye (sa vle di avan Jezi antre lakay nou): «Granmèt, mwen pa merite pou ou antre lakay mwen, men di yon pawòl sèlman, nanm mwen va geri» (Mt 8, 8).
Deklarasyon lafwa sa chita sou esperans la, esperans ki sòti nan konfyans nou mete nan Kris la, ak santiman ki fè nou rekonèt feblès nou ak limit nou devan Bondye.
Se lè nou fè nou tou piti, lè nou nou gen kè nou senp nou kapab pwoche bò kote Kris la, tankou jan kapitèn nan te fè a. Se konsa n’ap kapab viv lespwa tan Lavan an: lespwa delivrans ak lavi, rekonsilyasyon ak lapè. Sèl moun ki kapab espere, se moun ki rekonèt povrete li, e ki rekonèt sans lavi a pa nan li menm, men se nan Bondye li ye. Se moun ki lage kò li nan men Granmèt la. An nou pwoche kote Kris la ak konfyans antan n’ap fè lapriyè kapitèn nan tounen lapriyè pa nou.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, fè m’ gen yon kè ki senp antan m’ap chèche prezans ou ki ka libere mwen. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Si mwen mwen pa ka ede yon pwochen dirèkteman, m’ap ede li fè demach pou jwenn solisyon ak yon pwoblèm. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario