Páginas

DIMANCH 1-12-2019►PREMYE DIMANCH TAN LAVAN (ANE-A)

Koulè Vyolèt
PREMYE DIMANCH TAN LAVAN ANE-A
PREMYE LEKTI
«Granmèt la ap rasanble tout nasyon yo nan lapè tout tan rèy Bondye a »
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 2, 1-5
Pawòl Izayi, pitit Amòs la te wè, osijè Jida ak Jerizalèm :
Nan dènye jou yo, mòn kay Granmèt la ap pare anlè tèt mòn yo, l’ap leve anlè ti mòn yo, tout nasyon yo ap kouri vin jwenn li. Anpil pèp ap vini, y’ap di :
«Vini, an nou monte sou mòn Granmèt la, ak nan kay Bondye Jakòb la, l’ap aprann nou chemen l’ yo, n’ap mache nan santye l’ yo ; paske se nan Siyon lalwa a ap sòti, pawòl Granmèt la ap vin sot Jerizalèm ».
L’ap jije nasyon yo, l’ap korije anpil pèp ; y’ap fonn epe yo pou yo fè pikwa, ak fwenn yo pou yo fè sèpèt. Nasyon p’ap leve epe kont nasyon ankò ; yo p’ap aprann fè lagè ankò.
Kay Jakòb, vini, an nou mache nan limyè Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 121, l-2.3-4a (4b-5.6-7).8-9
R/ Nan lakay Granmèt la n’a pralE ak kè kontan.
Mwen kontan, lè yo di m’ :
« N’apral nan lakay Granmèt la.»
Pye nou deja kanpe
nan pòt ou yo, Jerizalèm.R.
Se la reyèlman vre ras yo ap monte, ras Granmèt la,
temwayaj Izrayèl, pou fè lwanj pou non Granmèt la.
Paske se la fotèy yo ap poze pou jijman an,
fotèy kay David la.R.
Mande sa k’ap bay Jerizalèm lapè ;
se pou yo gen asirans, sila yo ki renmen w’ nan.
Se pou gen lapè nan miray ou yo
avèk asirans nan kay-defans ou yo.R.
Poutèt frè m’ yo ak pwochen m’ yo
m’ap di : «Lapè nan ou !»
Poutèt kay Granmèt Bondye nou an
m’ap mande byen pou ou.R.
DEZYÈM LEKTI
«Delivrans nou an toupre»
 NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 13, 11-14
Frè m’ yo :
Nou konnen tan an, sèke li deja lè pou nou leve sot nan dòmi an ; koulye a reyèlman vre, delivrans nou an pi pre pase lè nou te fèk gen lafwa a.
Lannuit la prèske pati, jou a menm ap pwoche. Se pou nou kite travay fènwa yo, pou nou abiye avèk zam limyè yo. Tankou nan lajounen, se pou nou mache kòrèk, nou pa dwe nan manje anpil ak bwè bwason ki cho, ni nan move plezi ak libètinaj ni nan kont avèk jalouzi, men se pou nou abiye nou avèk Granmèt la Jezikri, pa okipe swen chè a jous pou nou fè sa l’anvi.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
 «Veye pou nou kapab pare »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 24, 37-44
Lè sa a, Jezi di disip li yo:
«Tankou nan jou Noe yo, se konsa Pitit moun nan ap rive. Menm jan reyèlman vre nan jou anvan delij la, yo t’ap manje, yo t’ap marye, ni gason, ni fi, jous jou Noe antre nan batiman an, epi yo pa t’ konnen, joustan delij la rive, li bwote tout moun. Se konsa Pitit moun nan ap vini. Lè sa a ap gen de moun nan jaden, y’ap pran youn, y’ap kite lòt la ; de fi ap moulen nan yon moulen, y’ap pran youn, y’ap kite lòt la.
Konsa, se pou nou veye paske nou pa konnen ki lè Granmèt nou an ap vini. Aprann sa, si mèt kay la te konnen ki lè vòlè a t’ap vini, li t’ap veye sètènman, epi li pa t’ap kite yo kase kay li a. Konsa nou menm tou se pou nou ret ap veye, paske nou pa konnen ki lè Pitit moun nan ap rive».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Tan Lavan an kòmanse. Se yon tan lespwa. N’ap tann Sovè a k’ap vin sove nou. Granmèt vini, vini delivre nou, vini pou ba nou lavi. N’ap tann yon lavi miyò. Nou gen espwa sa va chanje, y’a konprann nou se moun, nou gen dwa. Jezi ap vin rasanble tout nasyon yo nan lapè, l’ap vini pou nou konprann tè a se pou Bondye li ye, nou pa gen pou n’ap divize youn ak lòt. L’ap vini pou moun yo pa pran zam youn kont lòt ankò, pou youn pa rale manchèt sou lòt ankò, pou nou sispann kriminen frè ak sè n’ yo, pou youn pa fè konplo sou lòt ankò. Se sa pwofèt Izayi anonse nan premye lekti nou sot tande a.
Frè mwen yo, sè mwen yo: Granmèt delivrans nou an prèt pou rive. Pa dekouraje, n’ap jwenn delivrans, Bondye pa lwen nou, li koute plent nou yo, li wè tray n’ap pase, li wè mizè pèp ayisyen sou planèt sa a. Men li mande pèp la, leve kanpe pou travay pou travay pou yon lavi miyò.
Pitit peyi a ap soufri an Ayiti tankou nan lòt peyi: anpil nan yo pa menm gen dwa pou gen yon nasyonalite, genyen ki pa gen opòtinite al lekòl, yo pa gen asirans pou sante yo, yo pa ka jwenn lamanjay ni yon bon travay. Granmèt vini pou ba nou lavi, vini pou fè n’ moun, fè n’ pitit Bondye. N’ap tann ou. Tanpri, pa mize.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, gade pitit ou yo k’ap tann ou pou vin delivre yo, pou pale nan kè mechan yo, pou chanje kè moun k’ap fè lòt abi yo, pou fè yo wè lòt yo tankou moun, tankou pitit Bondye, tankou sitwayen tè a ; fè nou pi asire sou ou. Bondye, tanpri, ou menm ki gen tout pouvwa, bay fidèl ou yo volonte sa a pou y’al rankontre Kris ou a k’ap vini an, antan yo fè aksyon ki kòrèk, pou yo kapab merite posede rèy syèl la, kòm asosye adwat li. Pa pouvwa Jezikri, Granmèt nou. Amèn
PWOPOZISYON: Pa meprize lòt yo, resevra yo, pa vyole dwa yo. Pa pèdi espwa, rete kole sou Bondye, li menm sèl ki ka delivre nou.

No hay comentarios:

Publicar un comentario