Páginas

SAMDI 30-11-2019


Koulè Wouj
ANDRE KI SEN, APOT (Fèt)
PREMYE LEKTI
“Lafwa a vin nan sa yo tande a, sa yo tande a menm, se pa lentèmedyè pawòl Jezikri a”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO: 10, 9-18
Si ou rekonèt ak bouch ou Jezi se Granmèt, epi si ou kwè nan kè ou Bondye fè l’ leve sot nan pami mò yo, w’ap sove. Moun ki kwè ak kè l’, se pou jistis la; moun ki rekonèt ak bouch li, se pou delivrans la. Sa k’ ekri a di: “Tout moun ki kwè nan li, yo p’ap wont”.Nan pwen distenksyon Juif ak Grèk, paske se yon sèl Granmèt tout moun, ki fè anpil gras pou tout moun ki rele l’ yo. “Sèke nenpòt ki moun ki rele non Granmèt la, l’ap sove”.
Men, kijan pou yo priye sa a yo pa kwè nan li a? Oubyen kijan pou yo kwè nan sa a yo pa tande sou li a? Kijan pou yo fè tande, si pa gen moun ki preche? Kijan pou yo preche, si yo pa voye yo? daprè sa k’ ekri a di a: “Ala bèl yo bèl, pye mesaje bòn nouvèl lapè a, mesaje bòn nouvèl byen ki rive yo!”
Men se pa yo tout ki obeyi Bòn Nouvèl la; sèke Izayi di: “Granmèt, kilès ki te kwè mesaj nou an?” Konsa lafwa a rive nan sa yo tande a, epi sa yo tande a, se pa lentèmedyè pawòl Jezikri a. Men mwen di: “Èske yo pa t’ tande”? Men wi, “sou tout tè a mesaj yo gaye, pawòl yo jous nan bout fas tè a”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 18, 2-3. 4-5
R/ Sou tout tè a yo tande vwa yo.
Syèl yo ap rakonte glwa Bondye, travay men l’, platfòm syèl la ap anonse l’.
Jou ap deklare pawòl bay jou, nannwit ap montre syans bay nwit.R.
Pa gen langaj ni pawòl, pou yo pa konprann vwa yo.
Sou tout tè a bwi vwa yo soti, jous nan limit tè a pawòl yo rive.R.
LEVANJIL
“Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo, yo swiv li”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
4, 18-22
Lè sa a:
Jezi t’ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè, Simon, sa yo rele Pyè a, epi Andre, frè l’ la, yo t’ap voye filè nan lanmè a; se pechè pwason yo te ye.
Li di yo: “Vini apre m’, m’ap fè nou al lapèch moun”.
Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo, yo suiv li. Li kontinye pi lwen, li wè de lòt frè, Jak, pitit Zebede a, avèk Jan, frè l’ la, yo te nan kannòt la avèk Zebede, papa yo, yo t’ap rapyese filè yo; li rele yo.
Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo ak papa a; yo swiv li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezikri vle nou mache dèyè l’ jodi a menm; pa tann li pi ta; li di nou: “vini, swiv mwen”. Swiv li paske li se chemen, laverite ak lavi. Andre kite tout sa l’ te genyen, fanmi li, filè li, travay li, pou l’ swiv Jezi. Paske nan Jezi li jwenn lavi a. Sa sa koute l’ si li genyen tout bagay epi li pa gen Jezi. Mèt la rele l’ pou l’al simaye pawòl la bay tout moun, paske Bondye pa fè distenksyon ant rich ak pòv, ant blan ak nèg, ant dominiken ak ayisyen: nou tout se pitit menm Papa -a.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, granmesi lapriyè Sen Andre, fè nou resevwa gras pou nou sèvi ou san gade dèyè. Pa pouvwa Jezikri.PWOPOZISYON: Se nan ti aksyon charite chak jou m’ap ka fè travay apostola.

No hay comentarios:

Publicar un comentario