Koulè
Vèt.
PREMYE
LEKTI
“Men
tankou yon pitit moun ki t’ap vini avèk nyaj syèl yo”
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL
7, 2-14
Mwen te wè nan vizyon mwen te gen nan nuit la: se kat van
syèl la ki t’ap batay nan gran lanmè a, ak kat gran bèt ki t’ap monte sot nan
lanmè a, youn pa sanble ak lòt. Premye a te tankou manman lyon, li te gen zèl
malfini; mwen t’ap gade joustan yo rache zèl li yo; yo wete l’ sot sou tè a, li
kanpe sou pye tankou yon moun, yo ba l’ yon kè moun.
Men yon lòt bèt ki sanble ak yon ous, li kanpe yon kote,
li te gen twa kòt nan bouch li ak nan dan l’, epi yo t’ap di l’ konsa: “Leve,
manje anpil vyann”. Aprè bagay sa yo, mwen gade, men yon lòt tankou yon tig, li
te gen zèl tankou kat zèl zwazo sou li, te gen kat tèt nan bèt la, yo ba l’
pouvwa.
Aprè bagay sa yo, mwen t’ap gade nan vizyon mwen te gen
nan nuit la, men yon katriyèm bèt ki terib, ki ekstrawòdinè, ki fò anpil, li te
gen anpil gwo dan an fè, li t’ap manje, li t’ap kraze, li t’ap foule sa k’ rete
yo anba pye l’; li pa t’ sanble ak lòt bèt yo, sa m’ te wè anvan l’ yo, li te
gen dis kòn. Mwen t’ap gade kòn yo, epi men yon lòt kòn pi piti ki leve sot nan
mitan yo: twa nan premye kòn yo, yo rache sot nan fas li; gen je tankou je moun
ki te nan kòn sa a, ak yon bouch ki t’ap pale gran bagay.
Mwen
t’ap gade joustan yo poze twòn yo; Ansyen nan jou yo chita. Rad li blan tankou
lanèj, cheve tèt li tankou lenn byen blan, fotèy li se flanm dife, wou fotèy li
se dife ki limen. Yon rivyè dife byen rapid t’ap sòti devan fas li, mil milye
t’ap sèvi l’, di mil san milye t’ap monte lagad bò kote l’. Tribinal la
enstale, yo louvri liv yo. Mwen t’ap gade poutèt bwi gran pawòl yo, sa kòn nan
t’ap pale yo, mwen wè yo te touye bèt la, kò l’ te peri, yo te lage l’ pou l’
boule nan dife; lòt bèt yo tou, yo te wete pouvwa yo, yo te fikse tan lavi pou
yo jous pou yon tan ak yon tan.
Mwen
t’ap gade konsa nan vizyon nannuit: se tankou yon pitit moun ki t’ap vini avèk
nyaj syèl yo, li rive jous kot Ansyen nan jou yo.Yo ofri l’ bay Ansyen nan jou
yo, ki ba l’ pouvwa ak konsiderasyon ak peyi wa; epi tout pèp, ras ak lang ap
sèvi l’. Pouvwa l’ se pouvwa k’ap dire tout tan, ki p’ap disparèt; peyi wa l’
se peyi wa ki p’ap detwi.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
REPONS
Dn. 3,
75. 76. 77. 78. 79. 80. 81
Fè
konpliman pou Granmèt la, gwo mòn yo ak ti mòn yo.
R/ Fè lwanj
li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè
konpliman pou Granmèt la, tout plant sou tè a.
R/ Fè lwanj
li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè
konpliman pou Granmèt la, sous yo.
R/ Fè lwanj
li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè
konpliman pou Granmèt la, lanmè yo ak rivyè yo.
R/ Fè lwanj
li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè
konpliman pou Granmèt la, balèn ak tout sa ki an mouvman nan dlo yo,
R/ Fè lwanj
li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè
konpliman pou Granmèt la, tout zwazo syèl yo.
R/ Fè lwanj
li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè
konpliman pou Granmèt la, tout bèt bwa ak bèt volay.
R/ Fè lwanj
li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
LEVANJIL
“Lè n’a wè
bagay sa yo rive, konnen peyi wa Bondye a tou pre”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 21, 29-33
Lè sa a: Jezi di yon parabòl pou
disip li yo:
“Gade pye figye a ak tout pye
bwa yo: lè yo kòmanse donnen fwi, nou konnen tan cho a tou pre. Konsa tou nou
menm, lè n’a wè bagay sa yo rive, konnen peyi wa Bondye a tou pre. Amèn, mwen
di nou jenerasyon sa a p’ap pase, joustan tout bagay rive. Syèl la ak tè a ap pase; men pawòl mwen yo p’ap pase”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
«Lè n’a wè bagay sa yo rive, konnen peyi
wa Bondye a tou pre».
Jodi a, Jezi envite nou gade siy
tan yo nan epòk nou an, pou nou kapab rekonèt nan yo, kijan Wayòm Bondye a pa
lwen.
Mond lan pa la pou toutan, ni
moun ki ladan li pa la pou toutan. Nou se kreyati k’ap mache nan
limit istwa pou n’al fè rankont definitif nou ak Kris la. Vrèman vre, gen yon
tan pou chak bagay sou latè: yon tan pou kraze, yon tan pou konstwi; yon tan
pou tris, yon tan pou kontan. Jezi vle nou konprann sa pi byen, se pou sa li
pale an parabòl ak nou, pou li fè nou konprann reyalite syèl la antan n’ap gade
reyalite tè a.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki Mèt tout sa ki ekziste, tanpri ba nou anvi
pou n’ travay ansanm; konsa n’a bati yon lòt sosyete ki bon pou tout moun viv.
PWOPOZISYON: Pou sosyete
a vin miyò, fòk mwen fè jefò pou mwen vin miyò.
No hay comentarios:
Publicar un comentario