Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Bondye reyalize pwomès la, antan l’ fè Jezi resisite”.
NAN TRAVAY APOT YO 13, 26-33
Jou sa yo :
Lè Pyè rive Antyòch Pisidi, li di nan sinagòg la : “Mesye frè m’ yo, pitit
ras Abraam, epi nou menm ki krenn Bondye, se pou nou pawòl delivrans sa a yo
voye l’. Sa yo ki te abite Jerizalèm yo, ni chèf li yo, yo pa rekonèt li, ni pawòl
pwofèt yo yo konn li chak saba a, yo reyalize pawòl sa yo antan yo jije l’.Yo
pa jwenn okenn koz lanmò nan li, yo mande Pilat pou yo touye l’. Lè yo fin reyalize
tout sa k’ te ekri sou li, yo desann li sot sou bwa a, yo depoze l’ nan yon
kavo. Men Bondye leve l’ sot nan pami mò yo sou twazyèm jou a; li parèt pandan
anpil jou devan sa yo ki te monte avèk li sot Galile a rive Jerizalèm nan, yo menm
ki sèvi l’ temwen jous koulye a devan foul la. Nou menm nou anonse nou reyalizasyon
pwomès la yo te fè bay papa nou yo ; Bondye reyalize l’ pou pitit nou yo
antan l’ fè Jezi resiste, jan sa ekri nan sòm dezyèm nan : “Ou se Pitit mwen ; jodi a mwen
anfante ou”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye,
mèsi.
SÒM REPONS 2.
6-7. 8-9. 10-11
R/ Se Pitit mwen
ou ye: jodi a mwen anfante ou.
Oubyen: Alelouya.
“Mwen enstale wa m’ nan sou Siyon,
mòn mwen an ki sen an” ! M’ap
anonse desizyon l’ nan. Granmèt la di m’:
“Se Pitit mwen
ou ye, se mwen menm jodi a ki anfante ou.R.
Mande m’, m’ap ba ou nasyon yo kòm eritaj ou, posesyon ou, se limit tè a.
W’ap kòmande yo ak yon bagèt an fè, tankou vèso ki fèt ak tè, w’ap kraze yo”.R.
Koulye a, wa yo, konprann, pran leson, nou menm k’ap jije tè a. Sèvi
Granmèt la ak krent, fete devan l’ avèk sezisman.R.
LEVANJIL
“Mwen se chemen
an, verite a, ak lavi a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 14, 1-6
Lè sa a: Jezi di disip li yo:

An nou fè Lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou,
Granmèt.
REFLEKSYON: Bondye gen yon pwojè pou nou chak; mwen sonje yon pwovèb ki di “pwomès
se dèt”. Kidonk lè w’ pwomèt yon moun yon bagay, se yon angajman ou deja pran,
fòk ou fidèl; moun sa a gen
espwa nan ou, li konte sou ou, li fè w’ konfyans, l’ap tann ou ba li kichòy. Nou
menm tou, fòk nou sonje pwomès nou yo, nou dwe sonje pwomès nou te fè Bondye
nan batèm nou, pwomès pou nou pa mele nan sèvis dyab, nan sòlòkòtò. Nou wè nan
premye lekti a, Apot yo di yo vin pote Bòn Nouvèl la ba nou ki se pwomès Bondye
te fè zansèt nou yo; pwomès sa yo, Bondye reyalize yo tout bon vre pou nou ki
se pitit li, nan leve li leve Jezi byen vivan, tankou Sòm 2 a di l’: Bondye di
Jezi li se pitit li chwazi a. Jezi se wa nou e nou pa gen 2 reyèlman vre, se wa
ki fè tèt li pase pou sèvitè (esklav) pou li kapab sèvi nou, epi nan fason sa a
li montre nou kijan nou menm tou, nou
youn dwe sèvi lòt. Se Jezi ki vin reyalize pwomès Papa a: si se li menm ki Wa
nou, poukisa pou n’ap bay tèt nou pwoblèm? Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan pa yo
pou anyen? Kilès ki kapab kont Wa
sila a ki kòrèk la? Li menm ki se Chemen, Laverite ak Lavi. Jodi a Jezi
kontinye ap fè mèvèy pou nou tout kote li pase; paske se li menm ki vrè chemen
an ki mennen kay Papa a, se poutèt sa se pou nou toujou chèche Jezi nan lavi
nou, pou n’ fè sa l’ mande nou fè, epi pou nou swiv li. Nan Levanjil Jan, nan
chapit 14, vèsè 1-6, Jezi di nou pa bezwen boulvèse nou pou anyen: yon sèl
bagay, se pou nou kwè nan Papa a epi kwè nan li. Jezi di :“kay Papa m’ gen
anpil plas pou nou rete”, men fòk nou fè atansyon! Se pa tout moun k’ap kapab
chita nan plas sa a, fòk nou travay pou sa paske syèl la pa piyay, se pa tankou
yon jaden w’ plante, epi w’al ladan l’ lè w’ vle; nan syèl la nan pwen vòlè, nan
pwen achte; pou w’ chita nan plas sa a Jezi prepare a, ou pa bezwen ni parenn
ni marenn, ou p’ap bezwen peye raketè anba, ni ou pa bezwen fè kou mal taye; yon
sèl bagay se redi nan travay epi fè volonte Bondye nan tout bagay. Nan
meditasyon nou pou jodi a. Ann mande Jezi ouvri je n’ pou n’ kab dekouvri epi
suiv vrè Chemen an ki mennen kay Papa a, ki se li menm menm.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, tanpri louvri je m’ pou m’ wè chemen ki mennen
kay Papa a. Ede mwen sispann bay tèt mwen pwoblèm antan m’ap rekonèt ou se Chemen
an, Laverite a ak Lavi a. Jezi mwen bezwen fòs ou pou m’ kab kwè nan Papa a
avèk w’, konsa, peche a p’ap jwen plas nan mwen; lè sa a m’a ba ou premye plas
nan lavi m’. Amèn.
PWOPOZISYON: Puiske syèl la pa piyay, m’ap
trayvay pou m’ fè volonte Bondye, pou m’ kab eritye plas Jezi al pare pou mwen
an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario