PREMYE MOSO LABIB
“Men nou vire nan direksyon nasyon yo”.
NAN TRAVAY APOT YO 13, 44-52
Nan saba ki suiv la, prèske tout vil la te rasanble pou koute pawòl Bondye a. Lè Juif yo wè foul yo, yo plen ak raj, yo atake sa Pòl t’ap di yo antan y’ap blasfeme. Pòl ak Banabe menm kenbe fèm, yo di: “Se nou menm ki te gen pou nou pale pawòl Bondye a an premye; men kòm nou repouse l’, nou montre nou pa merite lavi ki p’ap janm fini an, men n’ap vire nan direksyon nasyon yo. Se konsa Granmèt la te pase nou lòd: “Mwen mete ou kòm limyè nasyon yo, pou w’ sèvi delivrans jous nan bout tè a”. Lè nasyon yo tande sa, yo kontan, yo fè lwanj pou pawòl Granmèt la, tout sa yo Bondye te rezève pou lavi ki p’ap janm fini an, yo kwè. Pawòl Granmèt la menm t’ap simen nan tout rejyon an. Juif yo menm rasanble medam relijye yo ak medam lasosyete a, ak chèf vil yo, yo monte pèsekisyon kont Pòl ak Banabe, yo chase yo sot nan limit peyi yo. Men yo menm, yo souke pousyè pye yo, yo rive Ikonyòm. Disip yo te plen ak kè kontan ak Lespri Sen.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 3cd4
R/ Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye nou an.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè. Men dwat li sove pou li, bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a, devan fas nasyon yo li devwale jistis li a. Li sonje kè sansib li ak verite l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye nou an. Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik; sou twonpèt ki dous ak son kòn,fè konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R.
LEVANJIL
“Moun ki wè m’, li wè Papa a tou”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 14, 7-14
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Si nou te konnen m’, nou ta konnen Papa m’ tou; koulye a nou deja konnen l’, nou wè l”.
Filip di l’: “Granmèt, montre nou Papa a, sa kont nou”.
Jezi di l: “Depi tout tan sa a mwen avèk nou, epi nou pa konnen m’? Filip moun ki wè m’, li wè Papa a tou. Kòman ou fè di: “Montre nou Papa a”? Nou pa kwè mwen nan Papa a, epi Papa a nan mwen? Pawòl yo, sa mwen deklare nou yo, se pa ak pwòp fòs mwen mwen deklare yo. Papa a ki rete nan mwen an, se li menm ki fè aksyon yo. Nou pa kwè mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen? O mwen poutèt aksyon yo, se pou nou kwè.
Amèn, amèn, mwen di nou, moun ki kwè nan mwen, aksyon mwen fè yo, li menm tou l’ap fè yo, epi l’ap fè bagay ki pi gran ankò pase sa yo. Paske mwen menm m’a prale kay Papa a. Nenpòt ki sa nou mande Papa a o non m’, m’ap fè l’ pou Papa a jwenn bèlte l’ nan Pitit la. Si nou mande m’ kichòy o non m’, m’ap fè l”.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
YON ANONS KI POTE LESPWA
Lekti nou li jodi a, ale nan menm sans gwo kè kontan inivèsèl ki sòti nan Fèt Pak la. Lekti sa yo ap fè nou sonje nou genyen vokasyon pou nou pote Levanjil kè kontan an, Bòn Nouvèl delivrans la, bay sila yo ki poko konnen li, sila yo ki tris, ki nan lapenn. Nan premye moso Labib la Pòl ak Banabe fè kè etranje yo kontan, epi etranje sa yo pran fè lwanj ak konpliman pou Bondye paske yo santi yo menm tou yo pa etranje, men yo se pitit Bondye menm jan ak tout moun, yo se moun ki jwenn gras pou yo kapab rive goute delivrans Granmèt la. Genyen anpil kote moun yo swaf koute pawòl Bondye a, yo swaf renmen Bondye a, yo swaf delivrans Granmèt la. Kidonk nou pa kapab rete endiferan, nou pa kapab kwaze bra nou, nou genyen gwo misyon pou nou pote Bòn Nouvèl liberasyon an bay moun sa yo. Nan Ane Lafwa sa a Legliz la envite nou pote Levanjil esperans lan bay sila yo ke sosyete mete sou kote. Menm jan an tou, nou pa dwe bliye sila yo ki lage nan fimen dwòg, sila yo ki pèdi tèt yo nan bwè alkòl, moun ki ap viv nan tout kalite delenkans, elatriye.
Sepandan, nan sèvis Levanjil n’ap ofri sila yo ke sosyete a mete sou kote, nou menm tou, nou dwe fè yon gwo konvèsyon espirityèl, yon vrè rankont ak Sila k’ap pouse nou renmen frè nou yo san nou pa gade sou mankman yo, difikilte yo ak peche yo fè. An nou mande Granmèt la pou li kapab renouvle nou sou pa anndan pou nou kapab anonse li, pa sèlman ak pawòl men tou ak tout lavi nou, puiske menm jan ak Filip, sa ka rive nou pase tout tan nou ak Granmèt la epi nou pa janm rive konnen kilès li ye tout bon vre.
LAPRIYÈ: Granmèt Jezi, fè nou
ouvri je nou pou pou nou kapab gade kè nou, pou nou kapab konnen ou an
pwofondè. Se pou renmen mizerikòd ou a lave tout prejije nou yo epi pouse nou
pote bòn nouvèl Pak ou a bay sila yo ki nan bezwen.
PWOPZISYON: Pale osijè de Bondye
ak yon moun ki majinalize, yon moun sosyete a mete sou kote.
No hay comentarios:
Publicar un comentario