Páginas

DIMANCH 28

SENKYÈM DIMANCH PAK, ANE C
Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Yo rakonte Legliz la tout sa Bondye te fè avèk yo”.
NAN TRAVAY APOT YO 14, 20b 26
Jou sa yo:
Pòl ak Banabe tounen Lis ak Ikonyòm avèk Antyòch, yo asire kè disip yo, yo ankouraje yo pou yo rete nan lafwa a, yo di yo kijan nou gen pou nou pase anpil tray pou nou antre nan peyi wa Bondye a. Yo enstale prèt pou yo nan chak Legliz, yo lapriyè, yo fè jèn, yo renmèt yo nan men Granmèt la yo te kwè nan li a.
Yo travèse Pisidi, yo rive Panfili, yo anonse pawòl Granmèt la Pèje, yo desann Atali. Yo sot la, yo fè vwal pou Antyòch, kote yo te renmèt yo nan gras Bondye a pou travay la yo te reyalize a.
Lè yo rive, yo rasanble Legliz la, yo rapòte tout sa Bondye te fè avèk yo, epi kijan li te louvri pòt lafwa a bay nasyon yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 144, 8-9. 10-l1. 12-13ab
R/ M’ap fè lwanj pou non ou tout tan, Bondye mwen ki wa.
Oubyen: Alelouya.
Granmèt la gen pitye, li gen mizerikòd, li gen pasyans, li gen anpil kè sansib. Granmèt la bon pou tout moun, kè l’ sansib pou tout sa l’ fè. R.
Y’ap fè lwanj ou, Granmèt, tout sa w’ fè yo; sen w’ yo ap fè konpliman pou ou. Y’ap deklare glwa peyi wa w’ la, y’ap anonse pouvwa ou.R.
Pou yo fè pitit moun yo konnen mèvèy ou yo, ak glwa grandè peyi wa w’ la. Rèy ou an, se rèy tout tan, kòmandman w’ nan pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Granmèt la ap siye tout dlo nan je yo”.
NAN LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 21, l-5a
Mwen menm, Jan, mwen wè yon syèl nouvo ak yon tè nouvo. Premye syèl la ak premyè tè a pati, lanmè a menm pa gen sa ankò. Mwen menm Jan, mwen wè vil ki sen an, Jerizalèm nouvo a, k’ap desann sot nan syèl la kot Bondye a, ki abiye tankou yon fi k’ap marye ki anbeli pou mari l’. Mwen tande yon gran vwa ki sot nan twòn nan, k’ap di: “Men tant Bondye a avèk lèzòm yo, l’ap abite avèk yo; y’ap pèp li, li menm Bondye avèk yo l’ap Bondye yo. Bondye ap siye tout dlo sot nan je yo, p’ap gen lanmò, ni dèy, ni rèl, ni doulè ankò; paske premye bagay yo pati”.
Sa a ki te chita sou twòn nan, li di: “Men mwen fè tout bagay nouvo”. Li di m’: “Ekri, pawòl sa yo byen fidèl, yo vre”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Mwen ba nou yon kòmandman nouvo, pou nou youn renmen lòt”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 13, 31-33a. 34-35
Lè Jida fin sòti nan chanmòt la, Jezi di:
“Koulye a Pitit moun nan jwenn glwa a, Bondye jwenn glwa nan li tou. Si Bondye jwenn glwa nan li, Bondye ap fè l’ jwenn glwa nan li menm, l’ap fè l’ jwenn glwa a tout suit.
Ti pitit mwen yo, se pou yon ti moman ankò mwen avèk nou. Mwen ba nou yon kòmandman nouvo, pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an, se konsa pou nou youn renmen lòt. Se konsa tout moun ap rekonèt nou se disip mwen, si nou youn gen bon kè pou lòt.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
LANMOU AN OUVRI PÒT LAFWA A
Tankou nou konnen li deja, n’ap selebre Ane Lafwa a, kote Pap Benwa XVI envite Legliz la komemore 50 tyèm anivèsè ouvèti Konsil Vatikan II ak 20 tyèn anivèsè Piblikasyon Katechis Legliz Katolik la. Nan ane lafwa sa a, ki kòmanse nan dat 11 oktòb 2012 e k’ap fini avèk fèt Jezikri Wa linivè a, nan dat 24 novanm 2013 la, Pap la vle ede tout kwayan katolik yo renouvle lafwa yo epi apwofondi konesans verite Levanjil la, dokiman ki te sòti nan Konsil la yo ak Katechis la, pou tout moun pran konsyans ak desizyon ki pèmèt yo viv an konfòmite ak lafwa ke y’ap deklare, viv ak selebre a.  Se nan premye lekti nou li jodi a Pap la te pran tit ekzòtasyon apostolik ki dwe gide nou pandan ane lagras sa a.Tit Ekzòtasyon apostolik “Porta Fidei” a soti nan liv Travay Apot yo, kote yo pale sou vizit Pòl ak Banabe te fè nan kominote Antyòch la epi kòman gras ak temwayaj yo, pòt lafwa a te ouvè pou payen yo (Travay 14, 27-28). Nan ekzòtasyon sa a, pap la defini kisa ki objektif Ane Lafwa a; e nou kapab rezime yo an senk: 1-Redekouvri sa ki anndan lafwa nou selebre, viva k medite; 2-Fè pwomosyon pou etid ansèyman Konsil Vatikan II; 3-Elaji kad refleksyon sou lafwa pou ede tout moun ki kwè nan Jezikri makonnen ak Levanjil la nan yon fason ki konsyan epi ki fèm, sito nan yon moman gwo chanjman tankou sa limanite ap viv jounen jodi a; 4-Yon apèl pou nou fè yon vrè konvèsyon, yon konvèsyon renouvle; 5-Yon apèl pou nou “angaje nou an favè yon levanjelizasyon tou nèf pou redekouvri kè kontan nou jwenn nan lafwa epi retwouve foug ki pouse nou transmèt lafwa a. Senk objektif sa yo kapab devlope rive devlope vrèman pou mennen nou nan “syèl nouvo ak tè nouvo” dezyèm lekti a pale nou an sèlman si nou kite kòmandman nouvo Granmèt la pouse nou epi gide nou: Pou nou youn renmen lòt menm jan Granmèt la renmen nou an. Se sèlman a pati de esperans sa a nan nouvèl kreyasyon an, epi avèk lanmou nou genyen pou frè ak sè nou yo, se konsa n’ap rive bay bon temwayaj ak siyale ke nou se disip Kris la, vrè manb Legliz li a.
LAPRIYÈ: Granmèt, nan Ane Lafwa sa a, ede mwen dekouvri, santi epi viv renmen san limit ou a, ki te kreye mwen, renmen sa a ke ou ban mwen chak moman nan lavi mwen, pou mwen kapab kòmanse ak yon pwosesis konvèsyon radikal ki pouse mwen renmen selon jan ou menm ou renmen mwen an.
 
PWOPOZISYON: Chèche kèk dokiman Vatikan II, li sa ou jwenn nan oubyen poze yon moun kesyon sou sans ak siyifikasyon Konsil la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario