Páginas

LENDI 29

Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Nou anonse nou kite bagay sa yo ki pa vo anyen an, pou nou vire kot Bondye vivan an”.
NAN TRAVAY APOT YO 14, 5-17
Jou sa yo:
Kòm foul payen Ikonyòm yo ak Juif yo te rasanble ansanm ak chèf yo, pou yo maltrete Pòl ak Banabe, pou yo touye yo ak kout wòch, lè yo vin konn sa, yo sove kò yo nan vil Likawòni yo: List ak Dèb ak tout rejyon alantou yo; yo t’ap anonse bòn nouvèl la.
Lis, te gen yon mesye ki te chita la, li te enfim nan pye, depi l’ nan vant manman l’ li te enfim, li pa t’ janm mache. Li tande Pòl k’ap pale. Pòl gade l’ byen, li wè li te gen lafwa pou l’ sove, li di byen fò: “Leve sou pye ou byen dwat”. Li vòltije, li pran mache.
Lè foul yo wè sa Pòl te fè, yo te leve vwa yo, yo di nan langaj likawonyen: “Se dye yo, ki pran fòm moun, ki desann kote nou”. Yo rele Banabe Zès, yo rele Pòl Mèki, paske se li menm ki te chèf pawòl la. Prèt Zès la, ki te devan lavil la, li mennen towo ak kouwòn devan pòt yo, ansanm ak pèp yo, li te vle ofri sakrifis.
Lè apot yo Banabe ak Pòl tande sa, yo chire rad yo, yo vòltije nan foul yo, yo rele byen fò, yo di: “Mesye, ki sa n’ap fè la a? Nou menm tou, se moun k’ap mouri nou ye, menm jan avèk nou, se moun k’ap anonse nou pou nou kite bagay sa yo ki pa anyen an, pou nou vire nan direksyon Bondye vivan an, ki fè syèl la ak tè a ak lanmè a ak tout sa k’ nan yo; li menm ki te kite tout nasyon yo mache nan chemen yo nan jenerasyon ki pase yo. Men li pa t’ kite pwòp tèt li san temwayaj, antan li fè dibyen sot nan syèl la, li bay lapli ak sezon ki donnen fwi, li plen kè nou ak manje, ak kontantman”. Malgre bagay sa yo di a, se apèn si yo rive kalme foul yo, pou yo pa ofri sakrifis pou yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 113 b, 1-2. 3-4. 15-16
R/ Se pa nou menm, Granmèt, men se non ou pou w’ bay bèlte a.
Oubyen: Alelouya.
Se pa nou menm, Granmèt, se pa nou menm, men se non ou pou w’ bay bèlte a, anlè kè sansib ou ak verite w’ la, poukisa pou nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo a”? R.
Bondye nou an nan syèl la, tout sa l’ vle, li fè l’. Zidòl payen yo se lajan ak lò, travay men lèzòm.R.
Benediksyon pou nou sot nan Granmèt la, li menm ki fè syèl la ak tè a. Syèl yo, syèl yo se pou Granmèt la, tè a menm, li bay pitit lèzòm yo li.R.
LEVANJIL
“Avoka a Papa a ap voye a, l’ap aprann nou tout bagay”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 14, 21-26
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Moun ki gen kòmandman m’ yo epi ki kenbe yo, se li menm ki renmen m’. Moun ki renmen m’ nan menm, Papa m’ ap renmen l’ tou; mwen menm tou m’ap renmen l’, m’ap fè l’ wè m”. Jid di l’, se pa Iskaryòt la: “Granmèt, pou ki rezon se nou menm w’ap fè wè w’, se pa tè a”? Jezi pran lapawòl, li di l’: “Si yon moun renmen m’, l’ap kenbe pawòl mwen, Papa m’ap renmen l’, n’ap vin jwenn li, n’ap abite lakay li. Moun ki pa renmen m’, li pa kenbe pawòl mwen yo. Pawòl la nou tande a, se pa nan mwen li sòti, men se nan sila a ki voye m’ nan, Papa a”. Mwen di nou bagay sa yo, pandan m’ ret avèk nou toujou. Avoka a menm, Lespri Sen an, sa Papa a ap voye o non m’ nan, se li menm k’ap aprann nou tout bagay, l’ap soufle nou tout sa m’ te di nou yo.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Kòmandman Bondye yo se garanti chemen ki pou mennen nou  nan syèl la. Se sa k’ fè dyalòg sa Jezi t’ap fè ansam ak Jid la, jan levanjil sen Jan eksplike nou an, se te dènye repons Jezi t’ap bay Jid. Nan repons sa gen anpil bon lansèyman k’ap itil nou pou nou kapab avanse nan Legliz la. Jezi fè nou konnen "moun ki gen kòmandman l’ yo epi ki kenbe yo, se yo menm ki renmen l’, e moun ki renmen l’, papa l’ va renmen l’ tou". E li pale nou sou kòmandman ki di kijan n’ dwe renmen youn ak lòt la, li montre n’ kijan nou dwe renmen nan ekzanp li bay ak pwòp lavi pa li, antan li bese, li koube li byen ba pou li lave pye zanmi li yo. Se konsa Bondye papa a ap pran plas nan lavi nou ; chak moun dwe koute sa kòmandman Bondye a di ; sa vle di yo dwe fè tout jefò li kapab pou li mete li an pratik. Li enpòtan pou nou konnen kijan nou kapab aplike yo nan lavi nou. Moun ki kapab swiv tout sa Bondye mande yo, se li menm k’ap eritye wayòm syèl la, ki se wayòm Papa ak Pitit la ak Lespri Sen an rezève pou nou an.

LAPRIYÈ : Bondye papa, ou menm ki gen lespri bon konprann nan, tanpri vin met entelijans pa w’ nan entelijans pa nou, pou nou kapab rive konpran sa ou mande nou fè yo, pou avansman wayòm ou an. Amèn

PWOPOZISYON: Ann apran viv selon lalwa Bondye pou nou kapab dwat sou fas tè a.


 

No hay comentarios:

Publicar un comentario