Koulè Blan
JOZÈF KI SEN, Travayè (Memwa)
Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
"Plen tè a, mete l’ anba lòd nou".
NAN LIV LAJENÈZ 1, 26 - 2, 3
Bondye di:
"An nou fè moun nan sou pòtre nou ak resanblans nou; se pou l’ kòmande sou
pwason lanmè yo ak zwazo syèl yo ak tout bèt tè a ak tout sa k’ap glise atè, ki
gen mouvman sou tè a".
Bondye kreye
moun nan sou pòtre l’; sou pòtre Bondye li kreye l’; gason ak fi li kreye
yo. Bondye beni yo,
li di: "Devlope, vin anpil, plen tè a, mete l’ anba lòd nou; se pou nou
kòmande sou pwason lanmè a ak zwazo syèl la, ak tout bèt vivan, ki gen mouvman
sou tè a". Bondye di:
"Men mwen ba nou tout zèb ki pote semans sou tè a ak tout kalite pye bwa
ki gen semans ras yo nan yo, pou yo sèvi nou kòm manje, ni pou tout bèt vivan
sou tè a, ni pou tout sa ki an mouvman sou tè a, ki gen lavi nan yo, pou yo
kapab jwenn manje". Sa fèt konsa. Bondye wè tout sa l’ te fè yo, yo te bon
anpil. Vin gen yon aswè ak yon maten, sizyèm
jou. Konsa syèl la ak tè a reyalize, ak
tout dekorasyon yo. Setyèm jou a
Bondye konplete travay li a li te fè a, li repoze setyèm jou a pou travay li te
fè yo.
Pawòl
Granmèt la.
R/Mèsi
Bondye, mèsi.
OUBYEN:
"Nenpòt
ki sa n’ap fè, fè l’ avèk kè, tankou pou Granmèt la, men pa pou moun".
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 3, 14-15. 17. 23-24
Frè m’ yo:
Anlè tout bagay sa yo se pou nou gen renmen an, li menm ki
fè sa k’ bon nèt fè youn, epi se pou lapè Jezikri a danse nan kè nou, se nan sa
yo rele nou nan yon sèl kò, se pou n’ap di Bondye mèsi.
Nenpòt ki sa n’ap fè nan pawòl oubyen nan aksyon, se pou nou
fè tout bagay o non Granmèt Jezikri, antan n’ap di Bondye Papa a mèsi pa lentèmedyè
l’.
Nenpòt ki sa n’ap fè, se pou nou fè l’ avèk kè, tankou pou
Bondye, men pa pou moun, antan nou konnen se nan men Granmèt la n’ap resevwa rekonpans
eritaj la. Sèvi Granmèt Jezikri.
Pawòl
Granmèt la.
R/Mèsi
Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
89, 2. 3-4. 12-13. 14 e 16
R/ Asire travay men
nou, Granmèt.
Oubyen:
Alelouya.
Anvan mòn yo fèt, oubyen tè a ak fas tè a pran nesans,
depi tout
tan ak pou tout tan ou se Bondye.R.
Ou fè moun
nan tounen nan pousyè; ou di: "Tounen, pitit moun yo", Sèke mil ane devan
je ou, se tankou jou yè a ki pase, ak tan yon santinèl fè pòs nan nuit.R.
Aprann nou
konte jou nou yo, pou nou kondui kè nou nan sajès.Tounen, Granmèt, jouskilè?
Padonnen sèvitè ou yo.R.
Plen nou ak
kè sansib ou a depi nan maten, n’a fete, n’a jui pandan tout tan n’ap viv.Se
pou travay ou a parèt sou sèvitè ou yo, ak glwa ou sou pitit yo.R.
LEVANJIL
"Èske
sa a se pa pitit bòs chapant la"?
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 13, 54-58
Lè sa a:
Jezi rive
nan peyi l’, li t’ap bay ansèyman nan sinagòg yo, atèl pwen yo te sezi, yo t’ap
di: "Kote l’ jwenn sajès sa a ak
pouvwa sa yo? Èske sa a se pa pitit bòs
chapant la? Èske manman l’ pa rele Mari,
epi frè l’ yo Jak, Jozèf, Simon ak Jid? Epi
sè l’ yo, èske yo tout pa lakay nou? Kote
tout bagay sa yo sòti pou li"? Yo te dekontwole parapò a li. Jezi menm di yo: "Pa gen pwofèt ki san konsiderasyon,
sof nan peyi l’ ak nan kay li". Li pa fè anpil mèvèy la, poutèt mank lafwa
yo.
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Frè m’ ak sè m’ yo, jodi a n’ap fete Jozèf travayè, an menm tan tou n’ap fete fèt
agrikilti ak travay. Se jou pou nou sonje enpòtans travay nan
lavi nou. Bondye te
travay: nan sis jou li te fè tout bagay. Jodi a, se ak men nou li vle kontinye
travay pou pran swen kreyasyon li an. Li bezwen gason ak fanm vanyan ki pou
kolabore ak li. Nan ki fason w’ap kite Bondye itilize ou kòm enstriman pou li
travay jodi a?
Pawòl Bondye a, nou sot tande nan Levanjil Matye a,
rezime tout lavi Jezi avèk yon brèf referans sou kondisyon li kòm pitit gason
bòs chapant lan.Tout bèl lwanj ak kè kontan Sen Jozèf, se te wè li papa legal
epi pwofesè Kris la nan travay manyèl l’ap fè lakay li, Nazarèt. Jezi konsakre
30 ane nan lavi l’, nan travay senp kòm bòs chapant, sètènman pou l’ ban nou
leson nan vwayaj nou, nan viv apa, nan chemen santifikasyon, nan lavi nòmal
chak jou. Travay se enstriman pou plèn reyalizasyon pèfeksyon nou: fen li, se pwolongasyon
zèv Bondye, li ede moun nan jwenn matirite l’ak ekilib li oubyen balans li; li soutni
lavi yon fanmi, travay la bati sosyete a, li kontribiye nan byen komen; lè li
fèt byen li oryante nou nan renmen Bondye ansanm ak frè nou yo; se yon sous ki
apa ki sòti depi nan baz menm, nan egzistans mond lan.
Nan lekòl Jozèf ak Mari, Jezi aprann fè lwanj pou
Bondye nan lapriyè, nan litiji, travay ak nan kay senp yon fanmi travayè. Sa a
se sans Bondye bay tout travay lòm nan pandan lavi nou sou tè. Lè travay la
reyalize nan yon klima lafwa, konfyans ak lapriyè nou vin wè pi klè epi konnen
diyite li. Travay la ede moun nan viv pi byen, e li se diyite
moun nan. Epoutan, konsepsyon materyalis travay la, ki malerezman priyorite nan
sosyete a, konsidere travay la e travayè a kòm sous pwofi. Epi yo bliye ki vrè
sans travay la genyen nan lavi kretyen an.
Jodi
a, an nou mande Bondye pou diyite tout travayè yo, sitou sa yo ki santi yo
tounen esklav, travayè oswa anplwaye yo, sila yo k’ap travay nan konstriksyon,
nan koupe kann, pou diyite yo kapab respekte. Pou dwa yo kapab respekte kòm
Pitit Bondye. An nou mande patriyach Sen Jozèf ki se pwotektè tout moun k’ap
travay, pou li ede yo jwenn pen chak jou a k’ap pèmèt yo soutni fanmi yo. Se pou tout moun anndan sosyete a gen aksè ak travay
diy e diyman respekte ak tout valè li. Se pou travayè kretyen an dekouvri kè
kontan nan jefò li chak jou, nan pwòp chemen sanktifikasyon li, nan viv apa pou
Bondye. Pou
fanmi yo kapab resevwa fwi nan travay la, yon kontribisyon solid e positif pou
plis konsolidasyon li. Je nou jodi a
fikse yon fason espesyal sou Mari, fanm travayè depi kay fanmi l’, konsakre pou
Jezi ak Jozèf nan pran swen yo kòm manman yon fanmi. Nou vle onore Mari nan
premye jou mwa Me a avèk anpil bèl flè, pandan n’ap sonje bèl flè lè nou te jèn,
ki te bay sans ak lavi kretyèn nou nan tout moman. Ede nou Mari, pou nou kapab
santi apèl Bondye chak jou nan lavi nou pou n’ kapab vin sen, pandan n’ap pran
pou modèl: ou menm, Pitit ou a, Jezi epi Jozèf, mari ou.
LAPRIYÈ: Bondye
Papa, mwen di w’ mèsi poutèt Jozèf ou ba nou kòm modèl yon papa travayè ak yon
bon edikatè. Tanpri ede nou imite li, konsa n’a travay pou pran swen kreyasyon
w’ lan epitou n’ap aprann konnen wòl nou nan fanmi nou ak nan kominote a.
PWOPOZISYON: Pran responsablite pou fè yon travay lakay ou
oubyen nan kominote a; aprann viv selon posiblite ou genyen; menm jan ak Jezi,
pa kouri dèyè gwo bagay, viv selon mwayen ak posiblite fanmi w’ genyen. Konsa
w’ap evite tonbe nan fè sa k’ pa sa epi ou p’ap bay okazyon pou yo griyen dan
sou ou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario