Páginas

JEDI 2

Koulè Blan
ATANAZ KI SEN, Evèk e Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
"Mwen konsidere pou yo pa trakase sila yo nan payen yo ki vire vin jwenn Bondye yo".
NAN TRAVAY APOT YO 15, 7-21
Jou sa yo:
Kòm te gen gran diskisyon, Pyè leve, li di Apot yo ak ansyen yo: "Frè m’ yo, nou konnen kijan depi nan jou lontan yo Bondye chwazi pou payen yo tande pawòl levanjil la, pou yo kwè l’, pa lantremiz bouch mwen, nan mitan nou. Bondye, ki konnen kè yo, li sèvi temwen, antan l’ ba yo Lespri Sen an menm jan ak nou menm, li pa fè okenn distenksyon ant nou menm ak yo menm, antan li pwòpte kè yo nan lafwa.
Koulye a menm poukisa n’ap eseye Bondye a, antan n’ap poze yon jouk sou zepòl disip yo, jouk sa a ni zansèt nou yo ni nou menm nou pa t’ kapab pote a? Men se gras a favè Granmèt Jezikri nou kwè nou sove menm jan ak yo menm".
Tout foul la pe bouch li; yo t’ap koute Banabe ak Pòl k’ap rakonte tout siy ak pwodij Bondye te fè nan nasyon yo pa lantremiz yo. Lè yo fin pe bouch yo, Jak pran lapawòl, li di: "Frè m’ yo, koute m’. Simon sot rakonte kijan depi nan kòmansman Bondye te vizite nou pou l’ pran yon pèp nan pami nasyon yo pou non l’. Pawòl pwofèt yo dakò avèk sa, daprè sa k’ ekri a:
"Aprè bagay sa yo, m’ap tounen, m’ap bati joupa David la ankò, sa k’ te tonbe a; m’ap bati debri l’ yo ankò, m’ap mete l’ kanpe, pou rès moun yo chèche Granmèt la, ni tout nasyon yo kote yo rele non m’ sou yo a, deklarasyon Granmèt la ki fè bagay sa yo. Yo konnen depi tout tan se travay Granmèt la".
Se pousa mwen konsidere yo pa gen dwa trakase sila yo nan pami nasyon yo ki vire vin jwenn Bondye yo, men y’a ekri yo pou yo evite sa l’ kò yo ak zidòl yo, pou yo evite move plezi, vyann toufe ak san. Sèke depi nan tan lontan Moyiz gen moun nan chak vil k’ap preche l’ nan kay reyinyon yo, kote yo li l’ chak saba.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 95, l-2a. 2b-3. 10
R/ Anonse mèvèy Granmèt la nan tout pèp yo.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo, chante pou Granmèt la, tout tè a. Chante pou Granmèt la, fè konpliman pou non l’.R.
Anonse jou an jou delivrans li.
Anonse bèlte l’ pami nasyon yo, nan tout pèp yo mèvèy li yo.R.
Di nan nasyon yo: "Granmèt la wa". L’ap drese fas tè a pou l’ pa souke; l’ap jije pèp yo nan jistis.R.
LEVANJIL
"Ret nan renmen m’ nan, pou kè nou kapab kontan nèt".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 15, 9-11
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Menm jan Papa a renmen m’ nan, mwen menm tou mwen renmen l’. Ret nan renmen m’ nan. Si nou kenbe kòmandman m’ yo, n’ap rete nan renmen m’ nan; menm jan mwen menm mwen kenbe kòmandman Papa m’ yo, epi mwen rete nan renmen l’ nan. Mwen di nou sa, pou kè kontan m’ nan kapab nan nou, epi pou kè nou kapab kontan nèt".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Menm jan ak lapè (kè poze), kè kontan ke Jezi ofri a sòti nan sous renmen, renmen ki rive transfòme lavi, ki prodwi zèv renmen, ki fè nou grandi daprè kòmandman Bondye yo.
Se yon bagay ki byen fasil, si nou bezwen grandi epi rete soude ak Jezi, nou pa bezwen chache l’ak yon enterè pèsonèl oubyen ogèy. Chache Kris la, se yon reyalite, nan dyalòg ak lanmou, paske fwi yo se yon repons renmen.
Vrèman vre, Jezi deklare plizyè fwa se li menm ki renmen an, tankou nan chapitat sa a: « Menm jan Papa m’ renmen m’ nan, mwen menm tou mwen renmen l’ ». Nou menm, se pou nou renmen menm jan mwen renmen nou an. Renmen Jezi pou disip yo, li gran anpil, menm jan ak renmen Bondye genyen pou li a. Renmen Jezi gen pou nou an, se ekstansyon renmen ki soti dirèkteman nan Bondye Papa a; se yon renmen total, san limit, yon renmen ke pèsonn moun pa ta kapab imajine.
Ak renmen Jezi a, ki fè nou grandi a, ki rive pwodwi fwi nan lavi nou, se vrè sous kè kontan, yon kè kontan ki espirityèl e ki ranpli tout lavi nou paske li patisipe nan kè kontan Jezi a. Li vle pou kè kontan sa a la pou toutan, pou li konplè : Mwen di nou tout sa pou kè kontan m’ nan ka nan nou, pou nou kontan nèt ale.
A la bèl sa a bèl se lè nou konnen Bondye rele nou pou toujou viv nan kè kontan ki gran, yon kè kontan ki pa diminye men ki elaji avèk tan yo, jis nou inonde nan kè kontan syèl la ki gaye toupatou. Konsil Vatikan II di : “Legliz la se vrè jenès mond lan, li posede tout fòs, kapasite nan kè kontan avèk sa ki kòmanse, bay tèt li sans rekonpans, nan renouvle ak rekòmanse de nouvo pou ale nan yon nouvèl konkèt.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, tanpri m’ap mande ou pou w’ simen kè kontan w’ nan sou mwen, paske se ou ki kapab fè kè nou kontan tout bon vre e se ou ki kreye nou pou nou viv nan kè kontan. Tanpri ranpli m’ak renmen ou, pou renmen sa kapab donnen bon fwi nan lavi mwen, pou li pèmèt mwen tounen sous kè kontan pou tout moun mwen rankontre nan lavi mwen.
PWOPOZISYON : Renmen Bondye avèk tout kè nou epi n’ap jwenn kè kontan ki p’ap janm fini an.

No hay comentarios:

Publicar un comentario