Koulè Wouj
FILIP AK JAK KI SEN, Apot
(Fèt)
PREMYE MOSO
LABIB
"Granmèt
la parèt devan Jak, aprè sa devan tout Apot yo".
NAN PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 15, 1-8
Mwen fè nou
sonje frè m’ yo, Bòn Nouvèl la mwen te preche nou an, li menm nou te resevwa a,
nan li nou rete a, pa lentèmedyè l’ nou sove a, si nou kenbe l’ jan mwen te
anonse nou li, otreman, se pou granmesi nou ta kwè.
Reyèlman mwen
te transmèt nou tou dabò sa mwen menm mwen te resevwa: Jezikri mouri pou peche
nou yo, daprè sa k’ ekri yo, yo antere l’, li resisite sou twazyèm jou a, daprè
sa k’ ekri yo, li parèt devan Sefas, aprè sa devan onz yo; aprè sa li parèt devan
plis pase senk san frè ansanm, nan pami yo gen anpil ki la jous koulye a, kèk menm
mouri; aprè sa li parèt devan Jak, aprè sa devan tout Apot yo; aprè tout moun,
li parèt devan m’ tou, mwen menm ki tankou yon pitit ki fèt anvan tèm.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 18, 2-3. 4-5
R/ Sou tout
tè a yo tande vwa yo.
Syèl yo ap rakonte glwa Bondye, travay men l’, platfòm syèl
la ap anonse l’. Jou ap deklare pawòl bay jou, nannuit ap montre syans bay nuit.R.
Pa gen langaj ni pawòl, pou yo pa konprann vwa yo. Sou tout
tè a bwi vwa yo sòti, jous nan limit tè a pawòl yo rive.R.
LEVANJIL
"Depi
tout tan sa a mwen avèk nou, epi nou pa konnen m’"?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 14, 6-14
Lè sa a: Jezi di Toma:
"Mwen se chemen an, verite a ak lavi a. Pèsòn pa vin
kot Papa a, sof si l’ pase pa lentèmedyè m’. Si nou te konnen m’, nou ta konnen
Papa m’ tou; koulye a nou konnen l’, epi nou wè l’".
Filip di l’:
"Granmèt, montre nou Papa a, epi sa ap kont nou".
Jezi di l’:
"Depi tout tan sa a mwen avèk nou, epi nou pa konnen m’? Filip, moun ki wè
m’, li wè Papa a tou. Kijan ou fè di: "Montre nou
Papa a"? Ou pa kwè mwen nan Papa a, epi Papa a nan mwen? Pawòl yo mwen pale
nou an, se pa nan mwen menm mwen pale yo. Papa a ki rete nan mwen an, se li menm
ki fè travay yo. Nou pa kwè mwen nan Papa a, epi Papa a nan mwen? Omwen poutèt
travay yo se pou nou kwè.
Amèn, amèn, mwen di nou, sa ki kwè nan mwen, travay mwen fè
yo, l’ap fè yo tou, l’ap fè pi gran pase yo menm, paske m’a pral kay Papa a; nenpòt
ki sa n’ap mande Papa a o non m’, m’ap fè l’, pou Papa a kapab jwenn glwa nan
Pitit la. Si nou mande yon bagay o non m’, m’ap fè li".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
R/
Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Jodi a Legliz la ap fete de (2) gwo poto mitan l’ ki se Sen Jak ak Sen Filip. Nan
meditasyon jodi a n’ap pran tan nou pou n’ gade Apot sa yo ki te bay tout yo
menm pou kòz Levanjil la. Koute Sen Jan k’ap di nou Jezi se sèl chemen ki pou
mennen nou kay Papa a. Se poutèt sa nou pa dwe janm bouke chèche Jezi nan lavi
nou pou nou swiv li. Tankou Pòl ap fè patizan l’ yo sonje tout pawòl li te
montre yo, se pou yo kenbe yo epi yo pa dwe janm dekouraje; se pou yo kenbe fèm
nan lafwa yo, paske se gras a pawòl la yo delivre. Jodi a, frè m’/sè m’, se avèk nou
Pòl ap pale, e sa l’ap di nou an
gen anpil enpòtans; paske l’ap anonse sa ki nan nannan lafwa yon kretyen, men
li: Jezi te mouri, Papa l’ te leve l’ byen vivan sòti nan pami mò yo e se sou
sa lafwa nou chita; se temwayaj Apot yo ak tout moun ki te wè l’, fi tankou
gason; li te parèt sou yo aprè li te fin leve byen vivan an, se sa ki baz lafwa
yon kretyen. Se pou nou kwè nan sa premye patizan yo ekri kite pou nou; Jezi
mouri epi li leve byen vivan pou l’ fè nou kado yon lavi tou nèf, verite sa a
nou dwe respekte l’; tankou Sen Jan di nou: Jezi se chemen, laverite ak lavi, pèsonn
pa kab al jwenn Papa a san li pa pase kot Jezi. Nan Levanjil la nou wè kòman
Jezi pral devwale gwo entimite li genyen ak papa li, li devwale idantite li kòm
sila ki ap viv an kominyon ak Bondye Papa lè li di Filip: “Depi tout tan sa a mwen avèk nou,
epi nou pa konnen m’? Filip, moun ki wè m’, li wè Papa a
tou. Kijan ou fè di: "Montre nou
Papa a"? Ou pa kwè mwen nan Papa a, epi Papa a nan mwen? Pawòl yo mwen
pale nou an, se pa nan mwen menm mwen pale yo. Papa a ki rete nan mwen an, se
li menm ki fè travay yo.” Vrèman vre, patizan sila yo pa t’
konprann si Jezi se pòtre ak Papa a tout bonvre, kòm si li egal ego ak li.Repons
Jezi bay Filip la, se menm repons li ta kapab ba nou tou jodi a. Koute sa Jezi
di ankò, yon moun ki kwè nan zèv mwen yo li kapab fè yo tou si li kwè tout
bonvre; kidonk nou kapab fè bagay ki pi gwo ankò. Li te pale avèk yo konsa, se
yon fason pou l’ di yo li pral jwenn Papa l’ li p’ap sou tè a ankò; travay li
te kòmanse a, se nou k’
pou kontinye l’. Ak fòs pa nou p’ap kapab, fòk nou gen yon lafwa fèm, tankou
Sen Filip ak Sen Jak, ansyen patizan Jezi yo ki te gen yon lafwa solid ki te fè
yo kwè nan mouri Jezi te mouri epi Papa l’ te leve l’ byen vivan an. Ann mande
Jezi pa lentèsesyon patizan sa yo, pou li ogmante lafwa nou pou n’ kab kwè menm
jan avèk yo.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt n’ap di w’
mèsi pou Legliz la ki bati sou lafwa Apot yo k’ap sèvi n’ jis jodi a; puiske w’
se chemen laverite ak lavi, tanpri ba nou yon lafwa ki solid tankou yon blòk
wòch ki fè nou p’ap twouble ni tranble nan mitan tray ak desepsyon lavi a; Jezi
nou konte sou ou. Amèn
PWOPOZISYON:
Si m’ konnen w’ Jezi, m’a konnen Papa a. Mwen vle rekonèt ou nan lòt yo e sèvi
ou atravè yo, paske se yo menm ou mete sou wout mwen pou m’ sèvi w’ nan yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario