PREMYE MOSO LABIB
"Travèse Masedwán, pote nou sekou".
NAN TRAVAY APOT YO 16, 1-10
Jou sa yo: Pòl rive Dèb ak Lis.
Te gen yon disip la yo te rele Timote, pitit yon Juif ki te gen lafwa, papa l’ te payen. Frè yo ki te Lis avèk Ikonyòm yo, yo te bay bon temwayaj sou li. Pòl te vle pati avèk li, li pran l’, li fè l’ resevwa sikonsizyon akoz Juif yo ki te nan kote sa yo; men tout moun te konnen papa l’ te payen.
Pandan y’ap travèse vil yo, yo t’ap transmèt yo desizyon yo pou yo kenbe, sa Apot yo ak ansyen Jerizalèm yo te deklare yo. Legliz yo t’ap vin solid nan lafwa a, chak jou yo t’ap gen plis moun.
Yo travèse Friji ak rejyon Galat la, Lespri Sen an te anpeche yo pale pawòl Bondye a nan Lazi. Lè yo rive nan Mizi, yo t’ap eseye ale nan Bitini; men lespri Jezi pa t’ pèmèt yo. Yo travèse Mizi, yo desann Twoas.
Nan nuit Pòl gen yon vizyon: se yon mesye Masedwán ki te kanpe, ki t’ap lapriyè l’, ki t’ap di: "Travèse nan Masedwán, vin pote nou sekou". Kon l’ wè vizyon an, menm lè a nou chèche pati nan Masedwán, nou te gen lasirans se Bondye ki te rele nou pou nou anonse yo levanjil la.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 99, 2. 3. 5.
R/ Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a.
Oubyen: Alelouya.
Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a, sèvi Granmèt la nan kè kontan; antre devan fas li avèk gran fèt.R.
Konnen Granmèt la se li menm ki Bondye; se li menm ki fè nou, se pou li nou ye, pèp li ak mouton pak li.R.
Sèke Granmèt la bon; pou tout tan kè l’ sansib, pou jenerasyon ak jenerasyon verite l’ la.R.
LEVANJIL
"Nou pa fè pati tè a, men mwen chwazi nou sot sou tè a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 15, 18-21
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Si tè a rayi nou, konnen li te rayi m’ anvan nou. Si nou te fè pati tè a, tè a ta renmen sa k’ pou li; men paske nou pa fè pati tè a, okontrè mwen chwazi nou sot sou tè a, se pousa tè a rayi nou an. Sonje pawòl mwen an, sa m’ te di nou an: "Sèvitè a pa pi gran pase mèt li. Si yo te pèsekite m’, nou menm tou y’ap pèsekite nou; si yo te kenbe pawòl mwen yo, y’ap kenbe pa nou yo tou". Men tout bagay sa yo, y’ap fè nou yo poutèt non mwen, paske yo pa konnen sila a ki voye m’ nan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pak se fete Jezi ki leve byen vivan soti nan pami mò yo. Nan premye lekti a, liv Travay Apot yo prezante nou yon gran nèg, nèg sa a se Timote, se konpanyon misyon apot Pòl, aprè konvèsyon l’. Espri Pak la se yon espri kè kontan, yon espri misyonè, se yon espri ki vanyan. Lè yon moun gen chalè espri sa a sou ou, gen fason pou w’ remake sa. Nan yon premye moman li ba w’ anpil kè kontan ak kè poze, li ba w’ fòs pou w’ temwaye nan non Jezikri. Nan yon dezyèm moman, espri a pa kite nou tranquil, nou ta renmen tout moun goute ladan l’, nou ta renmen tout moun konnen ki gran sakrifis Jezi te fè pou nou; ke li te aksepte vini sou tè a nan yon ko frajil, li trase yon chemen renmen, jistis ak verite, li te asepte soufri, alafen, yo touye l’ sou yon kwa, men Papa a rann li jistis, li leve l’ byen vivan sou twa jou. De mesye sa yo, Pòl ak Timote pa t’ pè bay temwayaj sa a, menm kan akòz li yo te pase anpil tray. Pou sa, tan Pak la tou se yon tan boulvès. Jezi nan Levanjil jodi a bay dispip li yo avètisman sa a: “Sèvitè a pa pi gran pase mèt li. Si yo te pèsekite m’, nou menm tou y’ap pèsekite nou; si yo te kenbe pawòl mwen yo, y’ap kenbe pa nou yo tou”. Si Jezi ki t’ap fè anpil mirak devan je tout moun, yo te rive maltrete l’ konsa , e nou menm ki sa ya fè nou?
LAPRIYÈ: Mèsi Bondye Papa paske ou fè m’ kado Jezi Pitit ou, li menm ki montre m’valè
renmen ou renmen m’; mèsi pou renmen sa a, aprann nou renmen menm jan avè w’,
retire nan mwen tout wont ak perèz ki anpeche m’ simaye pawòl ou a. Amèn
PWOPOZISYON: Pak se
moman pou tout kretyen soti nan koki yo, paske kris la resisite, fo tout moun
konn sa, jodia m ap bay Bon Nouvel sa a sito unan aksyon ma p komet.
No hay comentarios:
Publicar un comentario