SIZYÈM DIMANCH PAK ANE C
PREMYE MOSO
LABIB
"Lespri
Sen an avèk nou deside pou yo pa poze okenn lòt chaj sou nou pase bagay sa yo
ki nesesè yo".
NAN TRAVAY APOT YO 15, 1-2. 22-29
Jou sa yo:
Gen kèk moun ki desann sot nan Lajide, yo t’ap anseye frè
yo: “Si nou pa resevwa lasikonsizyon daprè abitid Moyiz la, nou pa kapab sove”.
Vin gen diskisyon ki pa piti ant Pòl ak Banabe kont yo, yo deside pou Pòl ak
Banabe monte avèk kèkzen nan lòt yo kot Apot yo ak prèt yo Jerizalèm sou kesyon
sa a.
Lè sa a atò Apot yo ak ansyen yo deside ansanm ak tout Legliz
la pou yo chwazi kèk mesye nan pami yo, pou yo voye yo Antyòch avèk Pòl ak
Banabe, se Jid, sa yo bay ti non Basabas la, epi Silas, moun ki gen gran konsiderasyon
nan pami frè yo; yo ekri pa lantremiz yo:
"Apot yo ak ansyen yo, frè yo, pou sila yo ki Antyòch,
Siri ak Silisi yo, frè yo ki nan pami nasyon yo, Sali! Kòm nou tande gen kèkzen
ki sòti nan pami nou bò isit la, k’ap twouble nou lòt bò a, yo boulvèse nanm
nou avèk pawòl yo, men se pa nou menm ki te bay lòd sa a; nou deside, nou tout
ansanm tankou yon sèl moun pou nou chwazi kèk mesye, pou nou voye yo kote nou
ansanm avèk Banabe ak Pòl nou renmen anpil yo, se moun ki bay lavi yo pou non
Granmèt nou Jezikri. Konsa nou voye Jid ak Silas, yo menm y’a rapòte nou menm
bagay sa yo nan pawòl yo.
Lespri Sen an deside avèk nou, pou yo pa poze okenn lòt chaj
sou nou pase bagay sa yo ki nesesè yo: pou nou evite bagay yo sakrifye bay
zidòl, ni san, ni vyann toufe, ni move plezi, n’a aji byen antan nou prezève
tèt nou sot nan bagay sa yo. Kouraj".
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 66, 2-3. 5. 6 e 8
R/ Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp yo fè
lwanj ou.
Oubyen: Alelouya.
Se pou Bondye pran pitye pou nou, se pou l’ beni nou; se
pou l’ fè figi l’ klere sou nou. Pou yo rekonèt chemen w’ yo sou tè a, delivrans ou a
nan tout nasyon yo.R.
Se pou nasyon yo kontan, se pou yo
danse, paske ou jije pèp yo yon fason kòrèk, ou dirije nasyon yo sou tè a.R.
Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp yo fè
lwanj ou. Se pou Bondye nou an beni
nou, se pou tout limit tè a respekte l’.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
"Li montre m’ vil ki sen an k’ap
desann sot nan syèl la".
NAN LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 21, 10-14. 22-23
Mesaje a soulve m’ nan lespri sou
yon mòn ki gran, ki wo, li montre m’ vil ki sen an, Jerizalèm, k’ap desann sot
nan syèl la, kot Bondye, li gen bèlte Bondye a, limyè l’ te tankou bijou kalite
siperyè, tankou bijou yo rele jasp la, tankou kristal. Li te gen yon miray ki
gran, ki wo, ki gen douz pòt, nan pòt yo te gen douz mesaje, ak non ki ekri,
non douz ras pitit Izrayèl yo. Nan direksyon solèy leve: twa pòt, nan direksyon
nò: twa pòt, nan direksyon sid: twa pòt, nan direksyon solèy kouche: twa pòt.
Miray vil la te gen douz kolòn; sou yo te gen douz non douz Apot Mouton yo.
Mwen pa wè kay sakre ladan l’: se
Granmèt Bondye ki gen tout pouvwa a ki kay sakre l’ ak Mouton an. Vil la pa bezwen
solèy ni lalin, pou yo klere l’; paske klète a klere l’, epi lanp li se Mouton an.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye,
mèsi.
LEVANJIL
"Lespri Sen
an ap soufle nou tout sa m’ap di nou".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 14, 23-29
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Si yon moun renmen m’, l’ap kenbe pawòl mwen, Papa m’
ap renmen l’, n’ap vin jwenn li, n’ap abite lakay li. Moun ki pa renmen m’, li
pa kenbe pawòl mwen yo. Pawòl la nou tande a, se pa nan mwen li sòti, men se
nan sila a ki voye m’ nan, Papa a.
Mwen di nou bagay sa yo, pandan m’ ret avèk nou toujou.
Avoka a menm, Lespri Sen an, sa Papa a ap voye o non m’ nan, se li menm k’ap
aprann nou tout bagay, l’ap soufle nou tout sa m’ te di nou yo.
Se lapè mwen kite pou nou, se lapè m’ nan mwen ba nou; se
pa tankou tè a bay li a mwen ba nou li. Pa kite kè nou twouble, pa kite l’ sote.
Nou te tande mwen te di nou: "M’a prale epi m’ap vin jwenn nou". Si
nou te renmen m’, nou ta kontan sètènman poutèt m’a pral kay Papa a, paske Papa
a pi gran pase m’. Koulye a menm mwen di nou sa anvan sa rive, pou lè l’ rive
nou kapab kwè".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou,
Granmèt.
REFLEKSYON: Pawòl
Bondye a, se pa pawòl nan bouch li ye.
Se yon pawòl k’ap aji. Lè Granmèt la pale, bagay yo chanje. Men pou sa
ka rive nan lavi nou, fòk nou tande pawòl la, fòk nou akeyi l’ epi kite l’
pouse rasin nan fon kè nou. Pawòl Bondye
a, se pa bèl fransè. Se yon pawòl verite li ye, k’ap pote lavi nèt ale pou nou.
Lè Granmèt la pale, nou jwenn kè poze.
Depi nou menm nou tande pawòl li a, pa gen yon doulè li p’ap ka soulaje.
Depi nou kenbe pawòl li a, pa gen yon fènwa k’ap fè n’ pèdi lespwa. Depi nou
aji ak pawòl li a, pa gen yon pwoblèm nou p’ap ka rezoud. Se sa Jezi vle fè n’
konprann nan Levanjil jodi a la. Epi nou
wè l’ tou nan premye moso Labib, ki soti nan liv Travay Apòt yo. Yo te gen gwo diskisyon nan mitan yo, men
depi yo te kite Lespri Sen an antre nan lespri yo epi yo chita pale ansanm, yo
te rive nan yon akò. Sa vle di, lè yo te
tande pawòl Granmèt la, epi yo te kite l’ aji nan mitan yo, Lespri Sen an te fè
yo jwenn lapè yo te manke nan kominote a. Dezyèm moso Labib la fè nou wè jis ki kote sa
ka rive. Liv Apokalips la montre nou yon bèl vizyon vil Jerizalèm. Se yon
pwomès li ye, se yon ekzanp pou fè n’ wè tout sa ki posib si nou pemèt Pawòl
Bondye a antre nan lavi nou. Kote k’ te
gen lagè, se lapè. Kote k’ te gen lamò,
se lavi. Se sa Granmèt la vle, reyalize glwa li a nan sosyete a. Pawòl Granmèt
la tankou yon chandèl, se yon lanp ki klere plis pase solèy ak lalin. Se Jezikri ki Pawòl Granmèt la. Nan tout sa l’
di, nan tout sa l’ fè, nan tout sa disip li yo di ak fè onon li, li gen pou li
boulvèse lavi nou, fè n’ jwenn kè poze ak kè kontan tout bon.
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen di ou mèsi, paske ou chanje lavi m’ jodi a
ak Pawòl ou a. Amèn.
PWOPOZISYON: Aswè a, sonje tout sa ou
te pale pandan jounen an, epi poze tèt ou kesyon: èske m’ ka di m’ te pale onon
Jezi, ak pawòl lavi, pawòl verite, ak pawòl lespwa?
No hay comentarios:
Publicar un comentario