PREMYE MOSO
LABIB
"Granmèt la louvri kè l’ pou l’ met atansyon
nan sa Pòl t’ap di yo".
NAN TRAVAY APOT YO 16, 11-15
Nou navige sot Twoas, nou rive tou dwat Samotras, epi nan
landmen nou rive Neapolis; nou sot la, nou rive Filip, vil ki pi enpòtan nan rejyon
Masedwán nan, kote anpil etranje abite.
Nou te rete pase kèk jou nan vil sa a. Jou saba a, nou sòti
deyò pòt la, bò larivyè a, kote yo konn lapriyè a, nou chita, nou t’ap pale
avèk medam yo, ki te rasanble yo.
Yon madanm yo rele Lidi, yon machann vlou nan vil Tiati,
ki te adore Bondye, li t’ap koute; Granmèt la louvri kè l’ pou l’ fè atansyon
nan sa Pòl t’ap di yo. Lè l’ fin batize, ni kay li tou, li ensiste, li di: Si
nou konsidere m’ kòm fidèl Granmèt la, antre lakay mwen, rete la". Li fòse
nou.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye,
mèsi.
SÒM REPONS 149, 1-2. 3-4. 5-6a e 9b
R/ Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a.
Oubyen:
Alelouya.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo; lwanj li nan Legliz
sen yo. Se pou Izrayèl kontan nan sila a ki fè l’ la, se pou pitit Siyon yo
danse pou wa yo.R.
Se pou yo fè lwanj pou non l’ avèk dans, sou tanbou ak
gita se pou yo chante pou li. Paske Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a, l’ap
fè pòv yo jwenn konsiderasyon nan delivrans la.R.
Se pou sen yo fete nan bèlte a, se pou yo kontan sou kabann
yo. Lwanj Bondye yo nan bouch yo: bèlte sa a pou tout sen l’ yo.R.
LEVANJIL
"Lespri laverite a ap sèvi m’ temwen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN 15, 26-16, 4
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Lè Avoka a ap rive, li menm m’ap
voye ba nou sot kot Papa a, lespri laverite a ki sòti nan Papa a, se li menm k’ap
sèvi m’ temwen. Nou menm tou n’ap sèvi m’ temwen, paske se depi nan kòmansman
nou avèk mwen. Mwen di nou
bagay sa yo, pou nou pa dekontwole. Y’ap mete nou deyò nan kay reyinyon yo. Men
lè a ap rive, tout moun k’ap touye nou, y’ap konprann se yon sèvis yo rann Bondye.
Y’ap fè nou sa, paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm. Men mwen di nou
bagay sa yo, pou lè lè pa yo a rive, nou sonje mwen te di nou sa".
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou,
Granmèt.
REFLEKSYON: Nan tan pèsekisyon Legliz
la, se nan moman sa a li pran bon jan rasin, moman kote fondasyon an vin pi
solid, kote lafwa boujonnen. Kòman nou
ka eksplike sa? Lè yo t’ap chèche febli Legliz la, se lè sa a li pi fò, lè y’ap
maspinen oubyen touye kretyen yo, se lè sa a pi plis moun konvèti, lè y’ap
depeyize yo, se lè sa a yo mache fè patizan pou Jezi tout kote, lè y’ap chèche
toufe yo, se lè sa a yo preche Levanjil la ak plis kouraj. Men nan tan n’ap viv
la, yon tan tout moun gen libète relijye pou yo viv lafwa yo jan yo vle, se nan
epòk jodi a mwens moun ap chèche vin kretyen, oswa yo di y’ap swiv Kris la men
yo pa dakò ak Legliz. Sa vle di se yon Legliz ki pase mòd, nou pa
dwe lite pou li ankò, alevwa mouri. Sepandan nan Levanjil jodi a, Jezi ba nou
yon mesaj ki trè enpòtan: “Y’ap mete nou deyò nan kay reyinyon yo. Men lè
a ap rive, tout moun k’ap touye nou, y’ap konprann se yon sèvis yo rann Bondye.
Y’ap fè nou sa, paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm. Men mwen di nou
bagay sa yo, pou lè lè pa yo a rive, nou sonje mwen te di nou sa”. Tan pou nou
bay temwanayaj pou Jezi p’ap janm fini, toutotan Rèy Bondye a pa tabli sou tout
fas tè a.
LAPRIYÈ: Nan moman sa a, m’ap di w’ mèsi Bondye papa m’, m’ap fè lwanj pou ou,
paske ou leve Jezi byen vivan, ou mete l’ Granmèt, tanpri ba nou fòs temwaye mèvèy
li fè pou nou. Amèn
PWOPOZISYON: Jodi a m’ap
bay yon ti moman nan tan mwen pou m’ pataje pawòl Levanjil sa a ak pwochen mwen
yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario