Koulè
Blan
PREMYE MOSO
LABIB
"Kwè nan Granmèt Jezi, w’ap sove, ni ou
menm ni kay ou a".
NAN TRAVAY APOT YO 16, 22-34
Jou sa yo:
Foul Filipyen yo rasanble kont Pòl ak Silas; majistra yo
chire rad yo, yo pase lòd pou yo bat yo ak fwèt. Lè yo fin ba yo anpil kou, yo
voye yo nan prizon, yo pase yo lòd pou yo veye yo byen. Moun nan ki resevwa lòd
sa a, li mete yo nan prizon ki anndan an, li mare pye yo sere avèk bwa.
Nan mitan nannuit, Pòl ak Silas t’ap lapriyè pou fè lwanj
Bondye; santinèl yo te tande yo. Yon ti moman, gen yon gran tranblemantè ki
rive, atèlpwen fondasyon prizon an souke. Menm lè a, tout pòt yo louvri, chenn
tout moun lage. Gadyen prizon an reveye, li wè pòt prizon yo louvri, li rale
epe a, li te vle touye tèt li, li te konprann prizonye yo te chape. Pòl menm rele
byen fò, li di: "Pa fè tèt ou anyen ki mal: sèke nou tout nou isit
la".
Li mande limyè, li antre, li sezi, li lage kò l’ nan pye
Pòl ak Silas. Li fè yo sòti deyò, li di: "Mèt, kisa pou m’ fè, pou m’
sove"? Yo di: "Kwè nan Granmèt Jezi, w’ap sove, ni ou menm ni kay ou
a".
Yo anonse l’ pawòl Granmèt la avèk tout moun ki te nan
kay li a. Li pran yo menm lè sa a nan nuit la, li lave kote yo te blese yo; li
batize, ni li menm ni tout kay li a menm lè a. Li kondui yo nan lakay li, li ba
yo manje, li kontan ansanm avèk tout kay li a, antan l’ kwè nan Bondye.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye,
mèsi.
SÒM REPONS
137, l-2a. 2bc-3. 7c-8
R/ Men dwat ou ap sove m’, Granmèt.
Oubyen: Alelouya.
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, ak tout
kè m’, paske ou tande pawòl bouch mwen yo. Devan fas mesaje yo m’ap chante pou
ou. M’ap adore nan kay sakre w’ la ki sen an.R.
M’ap fè lwanj pou non ou, poutèt kè
sansib ou ak verite ou. Nenpòt ki jou mwen rele ou, ou reponn mwen; w’ap
devlope bon kalite nan nanm mwen.R.
Men dwat ou ap sove m’. Granmèt la ap
reyalize travay la pou mwen; Granmèt, kè sansib ou pou tout tan: travay men ou
yo, pa renmèt li.R.
LEVANJIL
"Si m’ pa ale Avoka a p’ap vin jwenn
nou".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN 16, 5b-ll
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Koulye a m’a pral jwenn sila a ki te voye m’ nan,
epi pèsòn nan nou pa poze m’ kesyon: 'Kote w’a prale'? Men, poutèt bagay sa yo
mwen di nou an, chagren plen kè nou. Epoutan se laverite mwen di nou: li pi bon
pou nou pou m’ ale; sèke si m’ pa ale, Avoka a p’ap vin jwenn nou; si m’ ale,
m’ap voye l’ vin jwenn nou. Lè l’ap rive, l’ap akize tè a sou peche, ak jistis
ak jijman: sou peche a, paske yo pa t’ kwè nan mwen; sou jistis la, paske m’a
pral kay Papa a, epi nou p’ap wè m’ ankò; sou jijman an, paske chèf tè sa a
deja jije".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou,
Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a Bondye envite
nou pou nou kontanple grandè li ak pouvwa mizerikòd li, kontanple li nan fason
li kapab fè mirak nan lavi nou. Men nou kapab kontanple li nan fason li kapab
itilize nou kòm enstriman pou nou chanje reyalite lavi frè ak sè nou yo, pou
nou chanje mond lan. Pouvwa Bondye gran anpil. Li depase tout limit entelijans
ak konpreyansyon nou. Nan premye lekti a nou sot li a, nou wè jan pwizans
Granmèt la te manifeste nan prizon kote yo te fèmen Pòl ak Silas, aprè yo fin
woule yo anba baton poutèt yo t’ap preche bòn nouvèl Jezikri a. Bondye pa janm
kite pitit li yo pou kont yo, sitou lè yo nan kalamite, se poutèt sa li montre
pouvwa li tankou yon tranbleman tè, kote tout chèn ki te mare disip sa yo kase,
epi tou tout pòt prizon te ouvri, konsa li fè santinèl la konprann se Bondye
Papa a ki gen tout pouvwa.
Menn jan tou nan lekti sa a nou wè mizerikòd Granmèt
la pa gen limit, li bay santinèl la chans pou l’ ka konnen l’ ak tout fanmi li;
yo tout aksepte Jezi nan lavi yo, e yo montre sa piblikman lè yo aksepte
resevwa batèm nan men de disip sa yo. Li pa janm twò ta pou yon moun antre nan
chemen konvèsyon si li vle, e Granmèt la toujou gen pòt li byen ouvri pou l’
resevwa chak fwa nou vle pran konsyans de move fason n’ap viv.
Atitid apot sa yo se yon lòt mesaj ak ekzanp pou nou
chak jodi a, yo aksepte tout kontraryete pou yo kapab pote bòn nouvèl la. Nou
ta fèt pou n’ poze tèt nou kesyon, si nou prè pou soufri pou Levanjil la? Èske
nan fason w’ap viv ou temwaye bòn nouvèl Levanjil sa a? Se yon envitasyon pou
w’ aprann sakrifye vi ou nan sikontans lavi a pou ou pwoklame pawòl Bondye a
chak jou nan reyalite n’ap viv la.
Se poutèt Jezi anonse nan Levanjil jodi a li dwe ale
pou nou kapab resevwa fòs Lespri a, paske se li menm ki Avoka nou, k’ap toujou
la pou akonpaye nou nan tout sa n’ap fè; se li ki va defann nou nan moman
difikilte. Se menm Lespri sa k’ap ba nou limyè pou nou ka prepare n’ pou nou ka
antre pou nou al chita nan plas Jezi ,Gran Frè nou an, t’ al prepare pou nou
an.
PWOPOZISYON: Jodi a mwen deside pou m’ temwaye Levanjil la,
nan tout sa m’ap panse ak nan tout sa m’ap fè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario