Páginas

MÈKREDI 8

Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
"Sa nou pa konnen n’ap adore a, se li menm menm mwen anonse nou an".
NAN TRAVAY APOT YO 17, 15. 22-18, 1
Jou sa yo:
Moun yo ki te kondui Pòl yo, yo mennen l’ jous Atèn; yo resevwa lòd nan men l’ pou Silas ak Timote, pou yo vin jwenn li byen vit, epi yo menm yo pati.
Pòl menm kanpe nan mitan plas la, li di:
"Mesye Atenyen yo, nan tout bagay mwen wè se nou menm ki gen plis sans relijyon. Sèke antan m’ap mache, mwen wè zidòl nou yo, mwen jwenn ata yon kay sakre kote yo te ekri: "Pou Bondye nou pa konnen an". Ebyen sa n’ap sèvi san nou pa konnen an, se li menm mwen anonse nou.
Bondye, ki fè tè a, ak tout sa k’ ladan l’, li menm, kòm se Granmèt syèl la ak tè a, li pa abite nan kay sakre ki fèt ak men moun, ni li pa bezwen pou men lèzòm sèvi l’ kichòy, paske se li menm ki bay tout moun lavi, respirasyon ak tout bagay.
Apati yon sèl moun li fè tout ras lèzòm nan abite sou tout fas tè a, li fikse tan egzak ak limit abitasyon yo, pou yo chèche Bondye, pou yo eseye antre an kontak avèk li oubyen pou yo jwenn li, paske li pa lwen chak moun nan nou. Reyèlman vre se nan li nou viv, nou gen mouvman, nou ekziste; jan kèkzen nan powèt nou yo te di yo: “Se ras li tou nou ye”.
Konsa si nou se ras Bondye, nou pa dwe konsidere sa Bondye ye a sanble ak lò oubyen lajan oubyen bijou, fòm pòtre nou kalkile pou yo bèl ak panse lèzòm.
Bondye pa okipe tan inyorans sa a, li anonse lèzòm koulye a, pou yo tout, tou patou, chanje konduit; paske li fikse yon jou, kote l’ap jije fas tè a avèk jistis, nan yon mesye kote li fikse sa, antan li ofri tout moun lafwa, antan li fè l’ leve sot nan pami mò yo".
Lè yo tande rezireksyon sot nan pami mò yo, gen nan yo ki pase sa nan rizib, kèkzen menm di: “N’a tande ou yon lòt fwa”. Se konsa Pòl sòti nan mitan yo.
Gen kèk mesye ki dakò, yo kwè nan li; nan pami yo te gen Deni Lareopajit, ak yon madanm yo rele Damaris, ak kèk lòt moun avèk yo. Aprè sa, li kite Atèn, li rive Korent.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 148, 1-2. 11-12ab. 12c-14a. 14bcd
R/ Syèl la ak tè a plen ak bèlte ou.
Oubyen: Alelouya.
Fè lwanj Granmèt la depi sot nan syèl yo, fè lwanj li nan anwo syèl yo. Fè lwanj li, tout mesaje yo, fè lwanj li, tout pouvwa l’ yo.R.
Wa yo sou tè a ak tout pèp yo, chèf yo ak tout jij tè yo, jèn jan ak vyèj yo, granmoun yo ak timoun yo.R.
Se pou yo fè lwanj pou non Granmèt la, paske se non l’ sèl ki anlè nèt. Lwanj li anlè syèl la ak tè a.R.
Li leve kòn pèp li. Lwanj pou tout sen l’ yo, pou pitit Izrayèl yo, pèp ki tou pre l’ la.R.
LEVANJIL
"Lespri laverite a ap aprann nou tout laverite a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN   KI SEN 16, 12-15
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Mwen gen anpil bagay ankò pou m’ di nou; men nou pa kapab pote yo koulye a. Men lè lespri laverite sa a ap vini, l’ap aprann nou tout laverite a. Sèke se pa ak pwòp fòs li l’ap pale; men tout sa l’ tande l’ap deklare l’, epi sa k’ap vini yo, l’ap anonse nou yo. Li menm l’ap mete m’ nan limyè, paske se nan men m’ l’ap resevwa, epi l’ap anonse nou.
Tout sa Papa a genyen, se pou mwen; se pousa mwen di: “Se nan men m’ l’ap resevwa, epi l’ap anonse nou”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Apot Pòt montre nou nan premye lekti a, kòman pou nou anonse bòn nouvèl Granmèt la; li pwofite reyalite pèp Atèn nan te genyen pou l’ fè pèp sila a konprann ak rekonèt Bondye tout bon vre a. Li fè yo sonje tou, ke Bondye sa a, se yon Bondye lavi, se poutèt li resisite Jezikri pitit li a, e tout moun ki kwè nan li va resisite menm jan avèk li.
Pòl pa manke fè Atenyen yo sonje ke  yo se pèp ki pi relijye, men gen anpil nan pami yo ki mèm gen kèt sen zidòl. Pafwa nou kapab tonbe nan menm sitiyasyon pèp sa a, nou montre n’ap sèvi Bondye epoutan nou kwè nan tout vye zidòl, nenpòt ti tèt fè mal nou genyen nou panse se mal y’ap fè n’, e kèkfwa bagay yo rive pi lwen nou kouri n’al chache remèd fèy. Granmèt la envite nou viv yon lafwa fèm nan li, yon lafwa rèk; paske si Bondye avèk nou, ki moun ki ka kont nou? Epi tout se yon ekzòtasyon pou nou adore vrè Bondye a, pou nou mete tout konfyans nou nan li, nan nenpòt sitiyasyon n’ap viv.
Nan Levanjil jodi a, nou wè jan Jezi fè disip li yo aprann se Lespri Sen an k’ap vin montre tout laverite, l’ap toujou la pou l’ klere chemen nou, l’ap fè nou rekonèt Bondye ki wa pou tout tan an, l’ap ede n’ viv lafwa nou pi fèm, paske se li menm Granmèt la voye pou l’ akonpanye nou, pou l’ montre chemen lavi ak laverite a. Ak Lespri  sa a, n’ap renonse ak tout sa ki anpeche nou viv lafwa nou kòm sa dwa, n’ap angaje nou ak tout kouraj nou dekwa pou nou travay pou nou kapab chita nan plas Jezi al prepare pou nou kot Papa a.
LAPRIYÈ: Granmèt m’ap di w’ mèsi poutèt ou fè m’ kado fòs Lespri Sen w’ lan, ban m’ yon kè ak yon espri ki saj pou m’ ka viv lafwa m’ jan k’ fè w’ plezi a.
PWOPOZISYON: Fè yon ti analiz nan lavi w’ devan Bondye, pou w’ wè si w’ap sèvi l’ ak tout kè w’, si w’ap adore li menm sèl.

 

No hay comentarios:

Publicar un comentario