Páginas

JEDI 9

Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Li te rete lakay yo, li t’ap travay, li t’ap diskite nan kay reyinyon an”.
NAN TRAVAY APOT YO 18, 1-8
Nan jou sa yo:
Pòl kite Atèn, li rive Korent; li jwenn yon Juif yo rele Akila, se moun Pon, li te fèk sot an Itali, avèk Prisil madanm li (paske Klod te pase lòd pou tout Juif yo kite Wòm), li al jwenn yo. Kòm se menm metye yo te genyen, li ret lakay yo, l’ap travay; se joupa yo te konn fè. Li t’ap diskite nan kay reyinyon an chak saba, li poze non Granmèt Jezi, li t’ap eseye konvenk Juif yo ak Grèk yo.
Lè Silas ak Timote rive sot Masedwán, Pòl mete tout fòs li nan pawòl la, l’ap sèvi temwen devan Juif yo, Jezi se Kris la. Yo menm yo kontredi l’, yo joure l’, li souke rad li, li di yo: "San nou sou tèt nou; mwen menm mwen pwòp, apati koulye a se kot nasyon yo m’a prale".
Li sot la, li antre nan kay yon moun yo rele Titus Justus (Titris Jistis), yon moun ki adore Bondye, kay li te tou kole ak kay reyinyon an. Krispus menm, chèf kay reyinyon an vin kwè nan Granmèt la avèk tout kay li, anpil Korentyen lè yo tande l’, yo kwè, yo resevwa batèm.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 3cd-4
R/ Devan fas nasyon yo Granmèt la devwale delivrans li a.
Oubyen: Alelouya.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè. Men dwat li sove pou li, bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a, devan fas nasyon yo li devwale jistis li a. Li sonje kè sansib li, ak verite l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye nou an. Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
LEVANJIL
"Nou gen chagren, men chagren nou an ap vin tounen kè kontan".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 16, 16-20
Le sa a:
Jezi di patizan l’ yo: "Yon ti moman ankò, epi nou p’ap wè m’: epi yon lòt ti moman ankò, epi n’ap wè m’, paske m’a pral kay Papa a".
Gen nan patizan l’ yo ki t’ap di antan youn ap pale ak lòt: "Ki bagay sa a l’ap di nou an: “Yon ti moman ankò, epi nou p’ap wè m’; epi yon lòt ti moman ankò, epi n’ap wè m”, epi “M’a pral kay Papa a”? Konsa yo t’ap di: “Ki bagay sa a l’ap di a: “Yon ti moman ankò a? Nou pa konn kisa l’ap di a”.
Jezi konnen yo te vle poze l’ kesyon, li di yo: “Se sou bagay sa a n’ap chèche antre nou, poutèt mwen di: “Yon ti moman ankò, epi nou p’ap wè m’; epi yon lòt ti moman ankò, epi n’ap wè m’. An verite, an verite mwen di nou, n’ap plenn, n’ap kriye, nou menm; men tè a ap kontan. Nou menm n’ap nan chagren, men chagren nou an ap vin tounen kè kontan.
 An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè m’ ak sè m’ yo, an nou fè yon ti reflechi ansanm sou pawòl Bondye Granmèt nou an ba nou jounen jodi a. Pawòl Bondye a se pawòl delivrans. Se pawòl esperans. Se pawòl sa ki ka refè fòs nou. Men fòk nou kwè nan li, fòk nou viv selon pawòl la : malè ak moun ki tande pawòl la e ki pa mete l’an pratik.
Jodi a pawòl la envite nou reflechi sou esperans. Nan Levangil la nou wè Jezi k’ap pale ak disip li yo k’ap di yo ke nan yon ti moman yo p’ap wè l’, men nan yon lòt ti moman y’ap wè l’. Men disip yo pa t’ konprann sans pawòl sa a yo te tande a. Yo t’ap plede pale antre yo sou sans pawòl la. Ebyen frè m’ ak sè m’ yo, nou menm ki se kretyen, nou kwè ke Jezi toujou avèk nou menm si nou pa wè l’; nou kwè nan prezans li. Jezi anonse nou ke li p’ap la pou yon ti moman e nan yon lòt ti moman l’ap la, nou dwe kontan paske se lakay Papa a li ale. Se plas pa nou li al prepare bò kot Papa a. Se pou nou kontan; se pou nou rejwi paske nou gen espwa ke yon jou n’ap antre nan peyi kote Bondye wa a. Sa se yon pawòl ki chaje ak esperans. Nou menm kretyen k’ap tann vini Granmèt nou an, fòk nou pa rete chita bra kwaze san fè anyen. Fòk nou fè travay Granmèt la paske plas Jezi al prepare kay Papa a se pou moun ki fè volonte l’. Fè volonte Granmèt la vle di fè misyon pou li. Fè misyon pou li vle di al chèche lòt moun ki pa konnen l’ yo pou yo kapab antre nan rèy Bondye a. Se bèl ekzanp sa a premye lekti jounen jodi a ba nou. Nou wè Pòl ki t’ap fè travay Granmèt la nan vil Atèn. Li t’ap anonse pawòl delivrans lan bay tout moun. Li t’ap preche ni jwif yo ni payen yo. Men jwif yo pa t’aksepte kwè nan Granmèt la. Pòl te oblije al pote Bòn Nouvèl bay payen yo. Anpil nan yo te kwè nan Granmèt la. Yo te konvèti e yo te batize. Nou menm kretyen k’ap di nou kwè nan Bondye, an nou pran modèl sou Pòl. An nou anonse Bòn Nouvèl la pandan n’ap tann Granmèt la retounen.
LAPRIYÈ : Bonbye Granmèt, se pitit ou nou ye. Se ou menm ki te kreye nou. Gade pèp ou a k’ap lapriyè w’ jounen jodi a. Ou konnen ki sa n’ap mande ; ou konnen tout sa nou bezwen. Ou mande pou nou renmen, men nou twò fèb. Tanpri souple Papa, voye Lespri renmen ou an sou nou, konsa n’a renmen jan ou mande a. Nou mande ou sa pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an.
PWOPOZISYON : An nou fè travay Granmèt la pandan n’ap tann li retounen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario