PREMYE MOSO LABIB
"Èske nou te resevwa Lespri Sen an lè nou te kwè a"?
NAN TRAVAY APOT YO 19, 1-8
Pandan Apolon te Korent, Pòl travèse rejyon anwo yo, li rive Efèz, li jwenn kèk disip. Li di yo: "Èske nou te resevwa Lepri Sen an lè nou te kwè a"? Yo di l’: "Nou pa menm tande pale sou Lespri Sen an". Li di: "Nan ki sa nou te batize"? Yo di: "Nan batèm Jan an". Pòl di: "Jan te batize pèp la nan batèm penitans, antan li te di pou yo kwè nan sila a ki gen pou l’ vini aprè l’ la, sila a menm sa vle di nan Jezi".
Lè yo tande sa, yo batize o non Granmèt Jezi. Lè Pòl poze men sou yo, Lespri Sen an vin sou yo; yo t’ap pale nan lang, yo t’ap fè deklarasyon pwofèt. Tout mesye yo te apeprè douz. Li antre nan kay reyinyon an, li pale avèk asirans pandan twa mwa, l’ap diskite, l’ap bay prèv sou rèy Bondye a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 67, 2-3. 4-5ac. 6-7ab
R/ Rèy tè yo, chante pou Bondye.
Oubyen: Alelouya.
Bondye leve, se pou lènmi l’ yo gaye; se pou sila yo ki rayi l’ yo sove kò yo devan fas li. Tankou lafimen gaye, ou gaye yo; tankou lasi fonn devan fas dife, konsa moun peche yo peri devan fas Bondye.R.
Se pou moun ki kòrèk yo fè kè yo kontan, pou yo danse devan Bondye, se pou yo jwi nan kè kontan. Chante pou Bondye, di kantik pou non l’; Granmèt la se non l’ sa.R.
Papa òfelen yo ak jij vèv yo, Bondye nan lakay li ki sen an. Bondye ki fè pòv yo abite nan yon kay, ki kondui prizonye yo nan richès.R.
LEVANJIL
"Pran konfyans, mwen ranpòte laviktwa sou tè a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 16, 29-33
Lè sa a:
Disip yo di Jezi: "Koulye a menm w’ap pale klè, ou pa di anyen an parabòl. Koulye a nou konnen ou konnen tout bagay, pèsòn pa bezwen poze ou kesyon: konsa nou kwè se nan Bondye ou sòti". Jezi reponn yo: "Koulye a nou kwè? Men lè a ap rive, li deja rive, chak moun ap gaye kote pa l’, n’ap kite m’ pou kont mwen; men mwen pa pou kont mwen, paske Papa a avèk mwen. Mwen di nou bagay sa yo pou nou gen lapè nan mwen. Sou tè a n’ap gen tray, men, konfyans, mwen ranpòte laviktwa sou tè a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: “Èske nou te resevwa Lespri Sen an lè nou te kwè a?
Sen Pòl eksplike disip Efèz yo diferans ki genyen ant batèm penitans lan ke Sen Jan Batis te administre a, epi batèm nan Lespri Sen an ke Jezi bay la. Disip say o te konprann reyalite peche a ak nesesite repantans lan, men yo pa te konnen Lespri Sen an ni don lavi tou nèf la. Konsepsyon sou devosyon yo te genyen te limite sèlman nan fè jefò pou yo pa ofanse Bondye epi repanti lè yo fè peche; men yo pa te konnen ke Levanjil la tou antoure ak pouvwa Lespri sen an pou monte yo a yon nouvo plan de vi. Konsa tou, fidèl jodi a nou kapab redwi lavi kretyen an pou nou pa mete nou nan difikilte, ba t’ pou nou bon, e repanti lè nou fè sa ki pa bon; men Jezi prepare pou nou misyon pou imite li kote Bondye mete nou: nan fanmi an, nan travay la, lekòl la, nan pawas la, nan vwazinaj. Men difikilte a se sa: pou nou renmen epi sèvi; lè rezilta a pa atire atansyon pèsonn ni itil, lè sa nou dwe envoke gras Lespri Sen an. Renmen an egzije sajès, kreyativite epi kontak, kalite ki pa janm manke. Lespri Sen an vle agrandi kapasite nou avèk don sajès la, avèk matirite epi lafwa, pou jwenn pi bon mwayen pou ede nou grandi kòm moun, nan renmen youn gen pou lòt. Se sèlman ak konkou Lespri Sen an nou kapab akonpli misyon Bondye mande nou pou nou fè a. “Vini, Lespri Sen, vin plen m’ avèk prezans ou; ede m’, Granmèt, pou w’ etire nan mwen tout sa ki se yon baryè nan aksyon ou nan lavi mwen. Mwen vle resevwa pouvwa ou k’ap fè mwen reviv e itilize don yo ke ou te ba mwen pou efikasite travay ou a. “Rèy tè a, chante pou Bondye”, chante pou Li yon chan nouvo, fè kè nou kontan nan li danse devan Li, jwi nan kè kontan. “Pran konfyans, mwen ranpòte laviktwa sou tè a”. Mwen ranpòte laviktwa sou tè a, se sa Jezi di disip yo, pawòl sa yo sonnen pou nou tou. Nan lavi a anpil bagay sèvi baryè pou pèmèt nou inyore Jezi, men nan rezireksyon nou konnen Li kòm Gran Nèg ki toupwisan an, nan ranpòte Li ranpòte laviktwa sou tè a ak tout fòs fènwa yo. San nou pa pè fòk nou swiv Kris la avèk kouraj epi nan Li nou jwenn yon nouvo lavi. Jezi montre nou ke tout konfyans li poze sou Papa a; sila ki p’ap janm kite Li pou kont Li. Renmen Jezi a pou Papa a ki revele a pral chanje mantalite disip yo. Yo pral gen lafwa, fòs ak lapè pou afwonte tout difikilte ki prezante devan yo, pakse yo konnen Jezi avèk yo menm jan Papa a te toujou avèk Li.
LAPRIYÈ: Mèsi Granmèt, pou lafwa ke
ou ban mwen, lespwa ak charite, nan jou batèm mwen, ou fè mwen gen kapasite pou
mwen aji byen, akoz renmen mwen genyen pou ou epi pou lòt yo. Ou ba mwen
trankilite lè ou fè mwen konnen ke ou ranpòte laviktwa sou tè a, epi ou avèk
mwen, ban mwen lapè sa a, ke avèk gras ou mwen kapab transmèt bay lòt yo,
espesyalman fanmi mwen.
PWOPOZISYON:M’ap revize atitid ak konpòtman mwen yo pou mwen
kapab chanje tout sa ki fè mwen kanpe lwen limyè verite a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario