Páginas

DIMANCH 12

Koulè Blan
DIMANCH ASANSYON GRANMÈT LA
ASANSYON GRANMÈT LA
PREMYE MOSO LABIB
"Pandan y’ap gade l’, li leve".
NAN TRAVAY APOT YO 1, 1-11
Mwen te fè yon premye liv, Teofil, sou tout sa Jezi te kòmanse fè ak sa l’ te aprann, jous nan jou, lè l’ te pase Apot yo lòd la pa pouvwa Lespri Sen an, yo menm li te chwazi a, li monte; yo menm li te parèt devan yo byen vivan an aprè soufrans li a avèk anpil prèv, pandan karant jou li parèt devan yo, l’ap pale yo sou rèy Bondye a.
Pandan l’ap manje, li pase yo lòd pou yo pa kite Jerizalèm, men pou yo tann reyalizasyon pwomès Papa a, li di "sa nou te tande nan bouch mwen an; sèke Jan te batize nan dlo, men nou menm se nan Lespri Sen an n’ap resevwa batèm, nan kèk jou".
Sila yo te rasanble yo, yo t’ap poze l’ kesyon, yo t’ap di: "Granmèt, èske se nan tan sa a w’ap refè rèy Izrayèl la?" Li di yo: "Se pa nou menm k’ap konnen tan ak moman Papa a deside nan pouvwa l’; men n’ap resevwa fòs Lespri Sen an k’ap vini sou nou, n’ap sèvi m’ temwen Jerizalèm, nan tout Lajide ak Lasamari, epi jous nan bout tè a".
Kon l’ fin di sa, pandan y’ap gade l’, li monte; yon nyaj kache l’ devan je yo. Kòm yo t’ap gade l’a prale nan syèl la, gen de mesye ki vin kanpe bò kote yo, abiye tout an blan, yo di: "Mesye Galileyen yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jezi sa a yo pran nan men nou an nan syèl la, se konsa l’ap vini menm jan nou wè l’ ale nan syèl la".
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 46, 2-3. 6-7. 8-9
R/ Bondye monte nan gran fèt, Granmèt la monte nan son klewon.
Oubyen: Alelouya
Tout nasyon yo, se pou nou bat bravo, fè lwanj pou Bondye avèk rèl kè kontan. Paske Granmèt la ki anwo nèt la, li terib, wa ki gran anlè tout tè a.R.
Bondye monte nan gran fèt, Granmèt la monte nan son klewon. Fè lwanj pou Bondye, fè lwanj; fè lwanj pou wa nou an, fè lwanj.R.
Paske Bondye se wa tout tè a, fè lwanj avèk sajès. Bondye wa sou nasyon yo, Bondye chita sou fotèy li ki sen an.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
"Li enstale l’ adwat li nan syèl yo".
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO           1, 17-23
Frè m’ yo:
Bondye Granmèt nou Jezikri, Papa bèlte a, se pou l’ ba nou Lespri sajès ak revelasyon nan konesans li; se pou l’ klere je kè nou, pou nou konnen ki espwa rele li rele nou an genyen, ki richès bèlte eritaj li a pou sen yo, ki grandè ekstrawòdinè pouvwa li a nan nou menm ki kwè yo, daprè aktivite fòs pouvwa l’, sa l’ deplwaye nan Jezikri a, antan l’ leve l’ sot nan pami mò yo, li enstale l’ adwat li nan syèl yo, anlè tout chèf, pouvwa, otorite ak kòmandman, ak tout nan yo kapab nonmen non sèlman nan syèl sa a, men nan sa k’ap vini an tou.
Li mete tout bagay anba pye l’, li mete l’ kòm tèt anlè tout Legliz la, Legliz sa a ki kò l’ la, sa l’ plen an, li menm ki reyalize tout bagay nan tout moun.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
Pandan l’ap beni yo, li monte nan syèl la".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK   KI SEN 24, 46-53
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Se konsa sa te ekri, se konsa Kris la te gen pou l’ te soufri, pou l’ te leve sot nan pami mò yo sou twazyèm jou a, pou yo preche o non l’ chanjman konduit ak padon peche yo nan tout nasyon, kòmanse depi Jerizalèm. Nou temwen bagay sa yo.
Mwen menm m’ap voye pwomès Papa m’ nan nan nou; nou menm menm se pou nou rete nan lavil la, joustan nou vlope ak pouvwa ki sot anwo a".
Li mennen yo dèyè, Betani, li leve men l’, li beni yo. Rive, pandan li t’ap beni yo, li kite yo, li monte nan syèl la. Yo menm yo adore, yo tounen Jerizalèm avèk gran kontantman, tout tan yo te nan kay sakre a, yo t’ap fè lwanj, yo t’ap fè konpliman pou Bondye. Amèn.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a se Dimanch Asansyon Granmèt la. Aprè Jezikri te mouri epi l’ leve ankò, li te fè 40 jou nan mitan apot ak disip li yo epi aprè sa li te kite latè pou monte nan syèl la. Se sa yo rele Asansyon, epi se sa menm n’ap fete jodi a. Si Papa Bondye te fè Jezi al jwenn li nan syèl la aprè l’ mouri epi li leve ankò, se yon jan l’ap fè nou konprann si l’ dakò ak tout sa Jezi te fè pandan l’ te nan mitan nou. Lè fini, kòm Pitit Bondye a se gran frè nou, Asansyon li a se yon pwomès pou nou tout, se yon lespwa nan lavi etenèl pa nou an. Menm tan tou, si Jezi te kite latè, sa pa vle di li abandone zanmi li yo. Se pa lage li lage nou. Okontrè, fèt jodi a se yon preparasyon pou yon lòt fèt ki pi gwo toujou, ki se fèt Pannkòt, lè Granmèt la te voye Lespri Sen li an sou latè. Lespri Sen an, se Lespri Jezikri li ye. Sa vle di, Jezi toujou la nan mitan nou. Sèl sa k’ chanje se fòm prezans li a. Gran frè nou an vle pou nou menm kontinye travay li a onon li, ak Lespri pa l’ nan lespri pa nou. Depi yon kretyen aji jan Jezi te konn aji, nou kapab di se Jezi menm ki toujou sou latè. Nan chak epòk, Bondye ap montre nou jan l’ renmen nou. Men sa pa vle di se yon sèl fason li fè l’. Gen yon pwosesis. Avan tan Jezi a, te gen pwofèt yo ki t’ap anonse l’. Aprè sa, Granmèt la te tounen yon ti bebe, ki te grandi nan mitan pèp la. Aprè li mouri, li te leve ankò, epi kèk jou aprè, li monte nan syèl la avan l’ te voye Lespri Sen li an. Nan chak pa, nan chak etap, se yon Bòn Nouvèl l’ap ba nou. 

LAPRIYÈ : Mèsi Granmèt pou tout mèvèy ou fè pou fè nou wè jan ou renmen nou. Jodi a, nan fèt Asansyon Jezi a, nou kontan lespwa sa reprezante pou nou, epi n’ap mande ou fè n’ konprann ke ou p’ap janm abandone nou.
PWOPOZISYON : Aswè a, m’ap fè yon ti reflechi sou kijan Bondye te montre m’ prezans li a nan lavi m’ pandan jounen an.

No hay comentarios:

Publicar un comentario