PREMYE MOSO LABIB
“Apolon te fè wè daprè Labib kijan Jezi se Kris”.
NAN TRAVAY APOT YO 18, 23-28
Aprè kèk tan li pase Antyòch, Pòl pati, li travèse rejyon Galasi a ak Friji a youn aprè lòt, l’ap bay tout disip yo asirans. Te gen yon Juif yo te rele Apolon, yon moun Aleksandri, ki te konn pale byen, li rive Efèz, li te fò nan Labib. Li te gen konesans chemen Granmèt la; li te gen chalè lespri nan pawòl li, li t’ap bay lansèyman sou Jezi yon fason ekzak, men se batèm Jan an sèlman li te konnen. Li kòmanse met aktivite avèk asirans nan kay reyinyon an. Lè Prisil avèk Akila tande l’, yo pran l’, yo montre l’ chemen Granmèt la yon fason pi ekzak ankò. Kòm li te vle ale Lagrès, frè yo mete ankourajman, yo ekri disip yo pou yo resevwa l’. Lè l’ rive, li bay fidèl yo gran konkou. Sèke li t’ap kontredi Juif yo an piblik, antan l’ montre daprè Labib Jezi se Kris.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 46, 2-3. 8-9. 10
R/ Bondye wa tout tè a.
Oubyen: Alelouya.
Tout nasyon yo, se pou nou bat bravo, fè lwanj pou Bondye avèk rèl kè kontan. Paske Granmèt la ki anwo nèt la, li terib, wa ki gran anlè tout tè a.R.
Paske Bondye se Wa tout tè a, fè lwanj avèk sajès. Bondye wa sou nasyon yo, Bondye chita sou fotèy li ki sen an.R.
Chèf pèp yo rasanble, ansanm ak pèp Bondye Abraam nan, paske zam defans yo sou tè a, se pou Bondye: li leve byen wo.R.
LEVANJIL
"Papa a renmen nou, paske nou renmen m’, epi nou kwè nan mwen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 16, 23- 28
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"An verite, an verite mwen di nou, si nou mande Papa a kichòy o non m’, l’ap ba nou l’. Jous koulye a nou pa mande anyen o non m’. Mande, n’ap jwenn, pou kè nou kapab kontan nèt. Bagay sa yo se an parabòl mwen te pale nou yo. Lè a rive, se pa an parabòl ankò m’ap pale avèk nou, men se aklè m’ap anonse nou sa k’ konsène Papa a. Jou sa a n’ap mande o non m’; mwen pa di nou m’ap lapriyè Papa a pou nou. Papa a li menm li renmen nou, paske nou renmen m’, epi nou kwè se nan Bondye mwen sòti. Mwen sòti nan Papa a, mwen vini sou tè a; m’ap kite tè a ankò pou m’ ale kay Papa a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè m’ ak sè m’ yo, Jezi Granmèt nou an pote yon gwo asirans pou nou nan pawòl Levanjil la jounen jodi a. Jezi ban nou asirans ke si nou mande Papa a nan non li, n’ap jwenn sa nou mande a. Kisa pawòl sa vle di ? Mande nan non Jezi vle di kwè nan li ; kwè nan pwisans li ; kwè li se Bondye ; kwè ke li ka fè tout bagay. Se menm pawòl sa pè a di chak jou nan lamès nou yo aprè chak lapriyè : « nou mande ou sa pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an ». Se yon pawòl ki plen fòs; se yon pawòl lafwa. Atravè pawòl sa a Jezi ap mande nou pou nou kwè nan li pi plis toujou ; l’ap mande nou pou nou kole sou li pi plis toujou. Anpil fwa nou pa ka wè fwi lapriyè nou yo, se paske nou pa priye ak lafwa ; nou manke konviksyon nan lapriyè nou yo. Lapriyè pa mache san lafwa. Ebyen frè m’ak sè m’ yo, fòk nou mande ak anpil konfyans. Se Jezi menm ki di nou nan Pawòl li si lafwa nou gwo tankou yon grenn moutad n’ap di mòn yo deplase epi y’ap obeyi. Sa mande nou pou kwè nan Jezi ki se pitit Papa a. Frè m’ak sè m’ yo nou konnen trè byen ke nou pa ka di nou kwè nan Granmèt la san nou pa fè travay li mande nou pou nou fè a. Nou konnen trè byen ke lafwa pa mache san aksyon. Se nan zèv nou yo n’ap montre nou kwè nan Granmèt la tout bon vre. Jodi a nan premye lekti a, nou wè modèl moun ki te kwè tout bon nan Granmèt la. Nou wè Pòl ki t’ap bay Bòn Nouvèl la tout kote li pase. Nou wè tou yon jwif ki rele Apolon ki t’ap anonse pawòl la tout kote li pase. Sa montre nou a klè ke fòk nou viv selon sa nou kwè a ; fòk nou anonse sa nou kwè a. Jodi a n’ap viv nan yon mond ki de jou an jou ap vin pi materyalize ; kote dejou an jou tarif moun ki kwè nan Granmèt la yo ap bese. Jodi a Jezi di nou si nou mande Papa nan non l’, n’ap jwenn sa nou mande a. Ebyen kretyen, an nou mande Bondye fòs konkou Lespri Sen an pou nou ka anonse Rèy delivrans lan tout kote nou pase.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, ou menm ki gen tout pouvwa, vire je w’ gade
pèp ou a k’ap lapriyè w’. Tanpri souple Papa, voye fòs Lespri Sen ou an vin
antre nan feblès nou pou nou kapab ret kole sou ou pi fèm toujou ; nou
mande ou sa pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an.
PWOPOZISYON : An nou mande Papa a non Jezi, konsa n’a jwenn sa nou
mande a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario