Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
“Ap gen fèt pou sila yo k’ap sove a”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 4, 2-6
Jou sa a jèm Granmèt la ap nan grandè ak bèlte, epi fwi tè a ap leve byen
wo, ap gen fèt pou sila yo k’ap sove nan Izrayèl la. Men sa k’ap rive: tout
sila yo k’ap rete nan Siyon, ti rès k’ap nan Jerizalèm nan, y’ap rele l’ sen,
tout moun ki gen non l’ ekri nan lavi nan Jerizalèm.
Si Granmèt la ap pwòpte fòt pitit fi Siyon yo, l’ap lave san Jerizalèm nan
sot nan mitan l’ nan lespri jijman ak lespri dife. Sou tout plas mòn Siyon an
ak tout kote y’ap lapriyè l’, Granmèt la ap kreye nyaj lajounen ak lafimen epi
klète dife k’ap flanbe nan nuit: sèke sou tout moun bèlte l’ ap sèvi
pwoteksyon, l’ap tankou yon joupa pou fè lonbraj lajounen kont chalè, pou sèvi
kachèt ak twou wòch kont loraj ak lapli.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 121, 1-2, 34a (4b-5. 6-7) 8-9
R/ Nan lakay Granmèt la n’aprale
ak kè kontan.
Mwen kontan, lè yo di m’ : «N’apral nan lakay Granmèt la».
Pye nou deja kanpe nan pòt ou yo, Jerizalèm.R.
Se la reyèlman vre ras yo ap monte, ras Granmèt la, temwayaj Izrayèl, pou
fè lwanj pou non Granmèt la.
Paske se la fotèy yo ap poze pou jijman an, fotèy kay David la.R.
Mande sa k’ap bay Jerizalèm lapè. Se pou yo gen asirans, sila yo ki
renmen w’ nan.R.
Se pou gen
lapè nan miray ou yo, avèk asirans nan kay defans ou yo.R.
Poutèt frè
m’ yo ak pwochen m’ yo m’ap di : «Lapè nan ou !»
Poutèt kay
Granmèt Bondye nou an m’ap mande byen pou ou.R.
LEVANJIL
“Anpil
moun ap sòti nan direksyon solèy leve ak nan direksyon solèy kouche, y’ap vin
nan rèy syèl yo”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
8, 5 -11
Lè sa a :
Pandan Jezi t’ap antre Kafanawòm, yon kapitèn pwoche kote l’, li di : «
Granmèt, sèvitè m’ nan kouche lakay la, yon bò mouri, l’ap soufri anpil».
Jezi di l’: “M’aprale, m’ap geri li”.
Kapitèn nan reponn, li di: “Granmèt, mwen pa merite pou ou antre anba
fetay lakay mwen; men di yon pawòl, epi sèvitè m’ nan ap geri. Sèke mwen menm
mwen se yon moun ki anba lòd lòt moun, mwen gen sòlda anba lòd mwen, mwen di sa
a: “Alé”, epi 1’ale; epi lòt la: “Vini”, epi li vini; epi sèvitè m’ nan: “Fè
sa”, epi li fè li”.
Lè Jezi tande sa, li sezi, li di sila yo ki t’ap suiv li a: “An verite,
mwen di nou, mwen pa jwenn kalite lafwa sa a nan Izrayèl. Ebyen mwen di nou:
anpil moun ap vin sòti nan direksyon solèy leve ak nan direksyon solèy kouche,
y’ap manje avèk Abraam, Izaak ak Jakòb nan rèy syèl yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON
Nan premye moso labib la nou wè
kòman pwofèt Izayi anonse nou bèlte ak Grandè Granmèt la, lè li di nou: nan Izrayèl Granmèt
la pral ratabli dwa ak Jistis. Bondye vle lavi pout tout pitit li yo san
distenksyon koulè, ras, lang ak nasyonalite, li vle lavi an abondans pou tout
pitit fi ak tout pitit gason li yo. Pandan l’ap denonse sa ki mal, an menm tan
l’ap anonse nou libète. Paske li gen pou soufle yon van jistis ak lavi nan tout
Jerizalèm. Nan Levanjil la Sen Matye fè alizyon ak lafwa. Lafwa yon kapitèn
women, yon Jwif. Kisa sa vle di nou, Jezi ki se Jwif ak yon payen? Nan vèsè 8
la, kapitèn nan trè reyalist lè l’ di: “Granmèt, mwen pa merite pou ou antre
anba fetay lakay mwen; men di yon pawòl, epi sèvitè m’ nan ap geri”. Sa vle di,
kapitèn nan te konsyan ke yon Jwif riske kouri nan yon salte kiltirèl si li ale
lakay yon payen. Men li rekonèt pouvwa Jezi sou maladi; alò yon mo sifi pou
geri sèvitè a a distans. Jezi eksprime
admirasyon li yon fason polemik, sa ki vle
di lafwa kapitèn nan raple li mank lafwa
Jwif yo. Sa ki vle di, pòt wayòm Bondye
a, ki se renmen, kè poze, jistis ak lavi pral ouvri a tout moun ki gen yon lafwa
ki sanble ak lafwa kapitèn nan. Se pou sa, ann mande Granmèt plis lafwa nan Tan
Lavan sa, pou n’ ka akeyi nan lavi
nou, nan yon epòk kote moun bay byen
materyèl plis enpòtans pase Bondye,kote gen gwo konpetisyon nan nivo
konsomasyon, kote yo bay rezo sosyal yo plis enpòtans ke koze relijyon an.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki Bondye, ou chwazi desann pou ou ka ba nou lavi, tanpri
fè nou kraze tout tandans egoyist nou yo, ki anpeche nou fè kè nou piti ak
rabese nou tankou Mari manman Bondye.
Nan non Jezi Pitit ou a. Amèn!
PWOPOZISYON: Nan plen Tan Lavan an, ann revize lafwa nou pou n’ wè si nou gen lafwan
nan Bondye oubyen nan bagay k’ap pase yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario