Koulè Blan
FRANSWA GZAVYE KI SEN, PRÈT
(Memwa)
PREMYE
MOSO LABIB
“Madichon
pou mwen, si m’ pa preche Bòn Nouvèl la”
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 9, 16-19. 22-23
Frè m’ yo:
Si m’ap preche Bòn Nouvèl la, se pa
yon onè pou mwen, se yon nesesite ki blije m’ fè l’; madichon pou mwen, si m’
pa preche Bòn Nouvèl la! Si m’ fè l’ avèk pwòp volonte m’ mwen gen rekonpans mwen;
men si m’ obeyi volonte yon lòt, se yon misyon yo ban mwen.
Ki rekonpans mwen genyen? Se antan m’ap
preche Bòn Nouvèl la, mwen ofri Bòn Nouvèl la san m’ pa resevwa anyen, pou m’
pa jwi pouvwa mwen genyen nan Bòn Nouvèl la.
Reyèlman, malgre mwen lib parapò a tout moun, mwen vin
tounen esklav tout moun, pou m’ pran tèt anpil moun.
Mwen vin fèb avèk fèb yo, pou m’ pran tèt sa k’ fèb
yo; mwen fè ou tout jan ak tout moun, pou m’ sove tout moun. Mwen fè tout bagay
poutèt Bòn Nouvèl la, pou m’ patisipe ladan l’ tou.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 95,
l-2a. 2b-3. 7-8ab. 10
R/ Anonse mèvèy
Granmèt la nan tout pèp yo.
Chante pou Granmèt la yon kantik
nouvo, chante pou Granmèt la, tout tè a.
Chante pou Granmèt la, fè konpliman
pou non l’.R.
Anonse jou an jou delivrans li. Anonse glwa l’
pami nasyon yo,
nan tout pèp yo mèvèy li yo.R.
Pote bay Granmèt la, fanmi pèp yo,
pote bay Granmèt la glwa ak pouvwa,
pote bay Granmèt la glwa non l’.R.
Di nan nasyon yo: “Granmèt la wa”
L’ap drese fas tè a pou l’ pa souke;
l’ap jije pèp yo nan jistis.R.
LEVANJIL
“Ale
sou tout tè a, preche Bòn Nouvèl la”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 16, 15-20
Lè sa a:
Jezi parèt devan onz yo, li di yo: “Ale sou tout tè a,
preche Bòn Nouvèl la bay tout kreyati. Moun ki kwè epi ki batize, l’ap sove;
moun ki pa kwè, l’ap kondane.
Men siy k’ap akonpaye moun ki kwè yo: o non m’ y’ap
chase demon yo, y’ap pale lang nouvo, y’ap pran sèpan mechan nan men yo, si yo
bwè pwazon, yo p’ap gen anyen, y’ap poze men sou malad yo, malad yo ap geri”.
Lè l’ fin pale avèk yo, Granmèt, Jezi
monte nan syèl la, li chita adwat Bondye. Yo menm yo pati, y’al preche tout kote;
Granmèt la t’ap travay avèk yo, li t’ap bay prèch yo fòs avèk siy ki t’ap
akonpaye yo.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a
Legliz la ap fete Franswa Gzavye ki sen. Nan okazyon sa a li enpòtan pou nou
raple nou kèk enfòmasyon sou gran misyonè sa a. Franswa Gzavye mouri 3 desanm
1552 nan misyon nan Kontinan Lazi. Se yon gwo misyonè ki te travay anpil nan
kontinan sa a. Legliz la rekonèt li kòm patwon tout misyonè pou bèl travay levanjelizasyon
li te reyalize epi pou gwo ekzanp lavi li. Se yon misyonè ki te pran nesans nan
peyi Espay nan dat 7 avril, lane 1506, nan yon fanmi kretyen kote li te resevwa
premye fòmasyon ak lafwa. Nan lane 1525, Franswa Gzavye te voyaje nan peyi Lafrans
kote li ta pral pase onz lane nan vil Pari, nan kesyon etid ak fòmasyon inivèsitè.
Se yon etap enpòtan ki te make lavi sen an. Aprè sa,
Franswa te rankontre ak Inyas nan peyi Itali kote yo te travay ansanm epi tou
kote li te kontinye fòmasyon espirityèl li. Nan vil Wòm li te resevwa premye
ministè apostolik li. Pami tout travay sen Franswa Gzavye te reyalize nan lavi
misyonè li, nou kapab raple n’: li te fè pwomosyon pou vokasyon natif yo, li te
travay nan keksyon edikasyon ak katechèz. Li te rive louvri misyon nan plizyè zòn
nan Ekstrèm Oryan.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te fè anpil pèp vin jwenn ou gras a
prèch Franswa ki sen, fè nanm fidèl yo boule ak menm chalè lafwa a, fè Legliz la
ki sen an kontan nan anpil pitit li genyen tout kote yo. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Mwen vle viv chak jou, espesyalman jodi a, tankou yon vrè
disip misyonè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario