Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Yo pa jwenn
tankou Danyèl, Ananyas, Mizayèl avèk Azaryas”
KÒMANSMAN LIV PWOFÈT DANYÈL 1, 1-6. 8-20
Sou twazyèm ane Joakim, wa Jida a, Nabikodonozò, wa
Babilòn nan, rive Jerizalèm, li bloke l’. Granmèt la renmèt Joakim, wa Jida-a,
nan men l’, ak yon pòsyon nan vesèl sakre kay Bondye a. Nabikodonozò pote yo
nan peyi Sinea, nan kay dye pa l’ yo, li depoze vesèl sakre yo nan chanm richès
dye pa l’ yo.
Wa a di Asfenèz, sa a ki te chèf sèvitè yo, pou l’ vini
avèk kèk ti moun ki sòti nan pitit Izrayèl yo ak nan ras wa yo ak chèf yo. Yo
pa t’ dwe gen okenn tach nan yo, se pou yo te gen bèl figi, pou yo te gen konesans
nan tout kalite sajès, solid nan syans, savan nan ansèyman, epi ki ta kapab rete
nan palè wa a. Asfenèz ta aprann yo lèt ak langaj Kaldeyen yo. Wa a te pase lòd
pou chak jou yo te ba yo yon pòsyon nan manje pa l’ yo ak nan diven li te konn
bwè li menm, pou yo swen yo pandan twazan, aprè sa yo te gen pou yo te kanpe devan
fas wa a.
Nan pami yo, te gen kèk nan pitit Jida yo: Danyèl, Ananyas,
Mizayèl avèk Azaryas. Danyèl pran desizyon nan kè l’ pou l’ pa sal tèt li avèk
manje ki sot sou tab wa a, ni ak diven l’ap bwè; li mande chèf sèvitè yo pèmisyon
pou l’ pa sal tèt li. Bondye bay Danyèl favè ak mizerikòd devan fas chèf sèvitè
yo. Chèf sèvitè yo di Danyèl: “Mwen pè mèt mwen, wa a, li menm ki fikse manje
nou ak bwason nou; si l’ wè figi nou pi fennen pase lòt ti moun yo ki menm laj
avèk nou yo, n’ap fè fot la tonbe sou tèt mwen devan wa a”.
Danyèl di Malasa, li menm chèf sèvitè yo te mete kòm responsab
Danyèl, Ananyas, Mizayèl avèk Azaryas: “Tanpri, ou mèt eseye sèvitè ou yo
pandan dis jou, yo mèt ba nou legim pou nou manje ak dlo pou nou bwè; w’a gade
figi nou ak figi ti moun yo k’ap manje nan manje wa a, epi w’a aji avèk sèvitè ou
yo daprè sa w’ a wè”.
Lè l’ tande pawòl sa a, li eseye yo pandan dis jou. Aprè
dis jou reyèlman, figi yo vin parèt pi bèl, pi gwo pase tout lòt ti moun yo ki
t’ap manje nan manje wa a; konsa Malasa wete manje ak bwason diven yo, li ba yo
legim nan plas yo.Timoun sa yo menm, Bondye ba yo syans ak ladrès nan tout
kalite liv ak sajès; kanta pou Danyèl menm li te gen entelijans pou l’ konprann
vizyon ak rèv. Lè jou yo rive, daprè limit wa a te fikse pou fè yo antre a,
chèf sèvitè yo mennen yo devan Nabikodonozò.
Lè wa a pale avèk yo, nan yo tout yo pa jwenn tankou
Danyèl, Ananyas, Mizayèl avèk Azaryas; yo kanpe devan fas wa a. Tout pawòl
sajès ak entelijans wa a mande yo, li jwenn li nan yo dis fwa plis pase nan
tout chalatan ak majisyen yo, ki te nan tout peyi wa l’ la.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS Dn 3, 52. 53. 54. 55. 56
Konpliman pou ou, Granmèt, Bondye papa nou yo,
R/ Ou merite lwanj,
ou merite glwa, ou depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Konpliman pou
non glwa ou ki sen an,
R/ Ou merite lwanj, ou depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Konpliman pou
ou Tanp glwa w’ la ki sen an,
R/ Ou merite lwanj depase, ou anlè tout glwa pou tout tan.
Konpliman pou
ou nan twòn peyi wa w’ la,
R/Ou merite lwanj depase, ou anlè tout sa k’ gran pou tout tan.
Konpliman pou
ou, ki ekzamine bafon yo, ki chita anlè Cheriben yo,
R/ Ou merite lwanj, ou anlè tout sa k’ gran pou tout tan.
Konpliman pou ou nan platfòm syèl la,
R/ Ou merite lwanj, ou merite glwa pou tout tan.
LEVANJIL
“Li wè yon
pòv vèv k’ap mete de ti pyès lajan”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21, 1 -4
Lè sa a:
Jezi gade, li wè moun yo k’ap mete kado yo nan kèt la,
yo te rich; men li wè tou yon pòv vèv k’ap mete de ti pyès lajan.
Li di: “Mwen di nou sa: vrèman vèv sa a mete plis pase
yo tout; sèke yo tout se nan sa yo gen an plis yo pran pou yo mete nan kado
Bondye yo, men sa a menm se nan mizè l’, tout sa l’ te gen pou l’ viv, li pran l’
bay”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Lekti liv Danyèl la ap aprann nou kijan
Bondye nou an toujou prezan avèk nou nan
reyalite lavi a ak nan bezwen nou lè nou envite l’ ak konfyans ladan yo, menm
jan ak Danyèl, Ananyas, Mizayèl ak Azaryas.Mesye sa yo te fè Bondye konfyans, li
menm menm te pran swen yo: li te fè yo pi bèl, pi fò pase tout lòt ki t’ap
manje epi bwè diven wa a, anplis de sa Bondye ba yo plis ke manje ak bwason, li
ba yo sa ki te esansyèl tankou ladrès,
syans ak entèlijans; sa vle di ke lè nou rete kole sou Bondye ak konfyans, se
sèten n’ap dekouvri kouman Bondye nou an se yon bon papa, yon papa ki toujou
tou pre pou ban nou gras, pou pote nou
sekou, pou sove nou anba lènmi nou yo, yon papa san parèy. Se sa ki fè menm jan
ak salmis la, chak jou nan lavi nou nou dwe bay Bondye glwa ak konpliman, paske
li gran, li bon e l’ap avèk nou tout tan ki va gen tan.
LAPRIYÈ: Granmèt, avèk lagras san fen
ou lan, ede nou viv nan transparans, nan renmen, nan linyon. Ede nou renmen lòt
yo jan yo ye, san nou pa gen prejije ak ipokrizi, san nou pa gade yo sou
aparans. Konsa nou va sanble avèk ou.
PWOPOZISYON: Pataje sa ou genyen ak yon moun ki nan bezwen,
pa ba li bagay ki pa bon; pataje sa ki gen plis valè ak li. Bondye va renmèt ou
sa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario