Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Bondye ap fè
yon peyi wa leve, li p’ap janm gaye, l’ap vale tout peyi wa yo”
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 2, 31-45
Jou sa yo: Danyèl di Nabikodonozò:
“Ou menm, wa, ou te wè, se te yon gran pòtre moun; gran
pòtre moun nan bèl wotè te kanpe an fas ou, aparans li te fè moun pè. Tèt pòtre
moun sa a te fèt avèk lò pi bon kalite, pwatrin nan menm ak bra yo te fèt ak
lajan, vant la ak kuis yo te fèt ak kuiv, janm yo menm te fèt ak fè, yon pati pye
yo se te fè, lòt pati a se te labou yo kuit.
Konsa ou t’ap gade, joustan yon wòch detache sot sou
mòn nan san men moun pa touche l’, li frape pòtre moun nan nan pye l’ yo ki te
fèt ak fè ak labou kuit la, li kraze yo. Lè sa a atò, ni fè a kraze, ni labou
kuit la, ni kuiv, ni lajan, ni lò, yo vin tounen tankou pay nan tan cho sou
glasi, sa van an ap bwote a, yo pa kite okenn mak; kanta pou wòch la menm, ki te
frape pòtre moun nan, li vin tounen yon gran mòn, li plen tout tè a.
Sa a se rèv la. N’ap bay sans li tou devan ou, wa. Ou menm ou se wa lòt wa yo, Bondye syèl
la te ba ou peyi wa ak pouvwa ak kòmandman ak glwa, tout kote pitit moun yo
abite, ni bèt bwa yo, ni zwazo syèl yo, li renmèt yo nan men ou, li enstale
tout bagay anba lòd ou; konsa se ou menm ki tèt ki fèt ak lò a. Aprè ou gen yon lòt peyi wa k’ap leve, k’ap
pi piti pase ou, se lajan an; epi yon twazyèm peyi wa se kuiv la, l’ap kòmande
sou tout tè a; epi yon katriyèm peyi wa ap tankou fè. Tankou fè kraze tout
bagay, konsa l’ap kraze, l’ap detwi tout sa yo.
Kòm ou wè yon
pati pye yo ak dwèt yo fèt ak labou kuit epi lòt pati a fèt ak fè, peyi wa a ap
separe; l’ap gen menm kalite ak fè, jan ou wè fè a ki mele ak labou kuit la.
Pou dwèt pye yo ki fèt yon pòsyon ak fè, lòt la ak labou kuit la, sa vle di peyi
wa a ap solid sou yon bò, l’ap kraze sou lòt bò a. Jan ou wè fè a melanje ak
labou kuit la, y’ap melanje ak ras lèzòm, men yo p’ap antann yo, menm jan fè pa
kapab melanje ak labou yo kuit.
Men nan jou peyi
wa sa yo, Bondye syèl la ap fè yon peyi wa kanpe, ki p’ap janm gaye, peyi wa l’
la p’ap pase nan men lòt pèp, okontrè l’ap kraze, l’ap vale tout peyi wa sa yo,
men li menm menm l’ap kanpe pou tout tan. Daprè jan ou wè a, wòch la ki detache
sot sou mòn nan san men pa touche l’ la, epi li kraze ni labou kuit, ni fè, ni
kuiv, ni lajan, ni lò a, Bondye ki gran an montre wa a sa k’ap rive aprè; rèv
la vrè, sans li ekzak”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS Dn
3, 57, 58. 59. 60. 61
Fè konpliman
pou Granmèt la, tout travay Granmèt la.
R/ Fè lwanj li,
leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman
pou Granmèt la, zanj Granmèt la.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman
pou Granmèt la, syèl yo.
R/ Fè lwanj li,
leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman
pou Granmèt la, tout dlo yo ki anlè syèl yo.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, tout pouvwa Granmèt la.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
LEVANJIL
“P’ap rete wòch sou wòch”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21, 5-11
Lè sa a:
Kèk nan disip
yo t’ap pale sou Tanp la, kijan li gen bèl wòch, kijan li dekore avèk kado. Jezi
di: “Bagay sa yo nou wè a, gen jou k’ap rive, p’ap rete wòch sou wòch nan yo ki
p’ap detwi”.
Yo t’ap poze l’
kesyon, yo t’ap di: “Mèt, kilè bagay sa yo ap rive, epi ki siy k’ap fè konnen
lè y’ap kòmanse?”
Li di: “Atansyon
pa kite yo twonpe nou; sèke anpil moun ap vini o non m’, y’ap di: “Se mwen menm,
epi tan an ap rive”; pa suiv yo. Lè n’ap tande y’ap pale sou lagè ak revòlt, pa
pè: bagay sa yo gen pou yo rive anvan, men se p’ap toutsuit finisman an”.
Lè sa a li t’ap
di yo: “Nasyon ap leve kont nasyon, peyi wa kont peyi wa. Ap gen gran tranbleman
tè kèk kote, epidemi, grangou, ap gen bagay ki sot nan syèl la k’ap fè moun
tranble, epi gran mèvèy”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Levanjil Legliz la prezante nou jounen jodi a
trè enteresan pou nou menm, pitit tè Dayiti, paske nou kapab konprann byen, lè
yo pale de tout evènman sa yo, kisa yo vle di. An menm tou, anpil moun kapab
kòmanse tranble epi kòmanse doute tou lè y’ap tande pale de grangou,
tranblemantè, elatriye. Anpil moun kapab kòmanse panse fen mond la tou pre rive
menm jan anpil moun te panse sa jou 12 janvye 2010, lè gwo tranblemantè te ravaje
peyi Dayiti nan fraksyon segond. Se yon evènman pèsonn pa swete reviv. Nou menm
kretyen lè n’ap li Levanjil sa nou dwe li l’ avèk je lafwa nou paske san sa nou
p’ap kapab konprann anyen. Youn nan premye bagay nou gen pou nou kenbe, se
raple nou depi nou kòmanse ap li kalite lekti sa yo, nou kòmanse rive nan fen
ane litijik la epi nan yon ti tan ki pa twò lwen n’ap rive nan fen ane nòmal la
tou. Nou kòmanse ap li lekti apokaliptik yo ki
kòmanse rakonte nou kijan fen tan yo ap ye. Nan fason sa Legliz la vle raple
nou tout bagay genyen yon fen; men pou nou kapab prepare nou pi byen pou nou pa
soufri lè fen an rive, se depi kounye a pou nou kòmanse prepare nou pou nou pa di
nou pa t’ konnen, paske pwovèb kreyòl la di nou “si m’ te konnen toujou dèyè”. Kidonk
se sa Legliz la vle fè nou sonje jounen jodi a.
Si lè yon moun fin li tèks sa, li rete endiferan: sa vle di gen yon bagay
ki pa mache. Nou kapab konprann lanmò, se pa yon bagay ki dous pou moun eksperimante,
men pou kretyen an lanmò a gen yon siyifikasyon espesyal. Kretyen an konsevwa
lanmò a tankou yon pasaj kò sa a ki kapab pouri a pou nanm nan kapab ale viv
yon lavi ki p’ap janm fini. Kidonk vrè kretyen an, se yon moun ki toujou ap
travay maten tankou lannuit pou li kapab fè sa ki bon, sa ki byen, ede sa ki
nan bezwen, fè volonte Bondye pou lè gran jou sa a rive pou li kapab jwi eritaj
ki rezève pou li a. Kretyen an pa gen yon gwo prewokipasyon pase sa, paske li
konnen lè li fè byen sou tè sa a, ebyen se ak anpil kontantman tou l’ap espere
bèl rekonpans ki rezève pou li a nan dènye jou a.
Envitasyon jodi a mande nou pou nou kapab aprann byen entèprete
levanjil yo. Li pa dwe fè nou pè, okontrè li dwe reveye konsyans nou, pou nou
kapab revize pou nou wè si aksyon n’ap poze chak jou yo koresponn ak volonte
Bondye. Li enpòtan pou chak kretyen kapab travay chak jou pi
plis pou li kapab prepare jou festen sa a.
LAPRIYÈ: Granmèt ede nou travay nan konstwiksyon peyi wa w’ la, pou
lapè, jistis ak renmen kapab blayi sou tout tè a. Amèn
PWOPOZISYON: Mwen menm tou mwen
kapab kolabore pou konstwi peyi wa Bondye a. Kisa mwen kapab fè? Ki talan mwen
genyen? Ki mwayen mwen genyen?
No hay comentarios:
Publicar un comentario