Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Gen dwèt ki
parèt tankou men moun k’ap ekri”.
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL
5, 1-6. 13-14. 16-17. 23-28
Jou sa yo:
Wa Baltaza fè yon gran resepsyon pou chèf li yo, yo te
mil, chak moun t’ap bwè diven daprè laj li. Lè l’ kòmanse chofe, Baltaza pase
lòd pou yo pote vesèl sakre ki fèt ak lò ak lajan, sa papa l’ Nabikodonozò te
pote sot nan Tanp ki te Jerizalèm nan, pou yo bwè nan yo, ni wa a ni chèf li
yo, ni madanm li yo ni metrès li yo.
Konsa yo pote vesèl lò yo ak lajan yo, sa yo te pran
sot nan Tanp la ki te Jerizalèm nan, epi yo bwè nan yo, ni wa a ni chèf li yo,
ni madanm li yo, ni metrès li yo. Yo t’ap bwè diven, yo t’ap fè lwanj dye yo ki
fèt ak lò ak lajan, ak kuiv, ak fè, ak bwa ak wòch.
Menm lè sa a, vin gen dwèt ki parèt, tankou men moun k’ap
ekri anfas etajè lanp la, nan fasad miray palè wa a; wa a menm t’ap gade
mouvman men k’ap ekri a. Lè sa a fas wa a chanje, espri l’ twouble, jwenti ren l’
febli, jenou l’ frape youn kont lòt.
Yo mennen Danyèl devan wa a, wa a pale avèk li, li di: “Ou
se Danyèl, youn nan pitit Jida yo yo mennen nan ekzil yo, sa papa m’ wa a mennen
sot Jida yo? Mwen tande pale sou ou, kijan ou gen espri dye yo; syans, entelijans
ak sajès, yo jwenn sa anpil nan ou. Konsa mwen tande pale sou ou, ou kapab bay
sans bagay ki pa klè, ou kapab defèt sa k’ mare; konsa si ou kapab li sa k’ ekri
a epi ou ban m’ sans li, y’ap abiye ou ak vlou wouj, w’ap gen chenn lò nan kou ou,
w’ap twazyèm chèf nan peyi wa m’ nan”.
Danyèl reponn, li di wa a: “Kado ou yo mèt ret pou ou,
ofrann kay ou a ou mèt bay lotèl la yo; men sa k’ ekri a, m’ap li l’ ba ou, wa,
epi sans li, m’ap montre ou li. Ou leve kont Sa a ki Chèf syèl la, yo pote vesèl
sakre kay li yo devan ou, epi ou menm ak chèf ou yo ak madanm ou yo ak metrès
ou yo, nou bwè diven nan yo; dye yo ki fèt ak lajan, ak lò, ak kuiv, ak fè, ak
bwa, ak wòch, ki pa wè, ki pa tande, ki pa santi, ou fè lwanj yo; men Bondye menm,
ki gen souf ou nan men l’, ni tout wout ou yo, ou pa fè lwanj li; se pousa li
voye dwèt men an, ki ekri sa k’ trase a.
Ekriti a ki make a, men li: Mane, Tesèl, Farès, epi men
sans pawòl la: Mane, Bondye konte peyi wa w’ la, li fè l’ rive bout li; Tesèl,
yo peze ou nan balans, yo jwenn ou pa gen anpil pwa; Farès, yo separe peyi wa
w’ la, yo renmèt li bay Mèd ak Pès yo”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS Dn
3, 62. 63. 64. 65. 66. 67
Fè konpliman pou Granmèt la, solèy ak lalin nan.
R. Fè lwanj li,
leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, zetwal syèl la.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman
pou Granmèt la, tout lapli ak lawouze.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman
pou Granmèt la, tout espri Bondye yo.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman
pou Granmèt la, dife ak chalè.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, fredi ak chalè.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
LEVANJIL
“Tout moun ap rayi nou poutèt non mwen, men yon cheve nan tèt nou p’ap
pèdi”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21, 12-19
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Y’ap met men sou nou, y’ap pèsekite nou, y’ap renmèt
nou nan sinagòg yo ak nan prizon yo, y’ap trennen nou devan wa yo ak prefè yo
poutèt non mwen; sa ap ba nou okazyon pou nou temwaye. Mete sa byen nan kè nou,
pa prepare sa n’ap reponn. Se mwen menm k’ap ba nou yon bouch ak sajès ki fè
tout ènmi nou yo p’ap kapab reziste nou, ni demanti nou.
Epi sa k’ap trayi nou, se paran nou, frè nou, fanmi
nou, zanmi nou; y’ap touye kèk nan nou; tout moun ap rayi nou poutèt non mwen,
men yon cheve nan tèt nou p’ap peri: nan pasyans nou n’ap jwenn lavi nou”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Gen anpil moun lè y’ap li Levanjil jodi a, yo
kapab di: bon mwen menm m’pa nan sèvi Bondye paske m’pa gen kote pou m’ pran
kou e m’pa pral fè moun rayi m’! Mwen kapab konprann pou kèk bagay ki pa gen
sans, li pa enpòtan pou w’ fè moun matirize w’, men nan zafè Bondye a se yon
bagay ki diferan. Atitid kretyen an se konsa li ye menm, li dwe pwovoke
reyaksyon. Li dwe pwovoke mekontantman.Se pa reyaksyon nan sa ki negatif, men
se reyaksyon nan sans lè anpil moun nan lantouraj nou ap gade nou, se pou yo
rive mande nou èske n’ap viv nan yon lòt planèt. Nan mond kote n’ap viv jounen jodi a, se plezi ki kòmande, se fwod, se
fè sa ki mal, se chen manje chen, se egoyis. Men lè moun ki bò lakay ou oubyen
moun k’ap travay bò kote w’ ap gade ou menm ou pa nan fwod, ou menm ou pa nan
pwofite de sa ki pa pou ou, lè li wè ou gen yon konpòtman diferan ak sa li konn
wè moun fè abityèlman, ebyen li p’ap janm kapab konprann ou; donk sa pral kreye
divizyon. Lè fason kretyen an aji a pa soulve ankenn reyaksyon,
sa vle di manke yon bagay. Kretyen an pa dwe bay privilèj premye plas nan lavi
li. Li pa dwe akomode li ak anyen paske li dwe konnen ke se Bondye ki dwe okipe
premye plas nan lavi li. Tout sa li ap fè dwe reflete kwayans sa li genyen e se
nan fason sa li kapab levanjelize lòt yo, malgre tout diskriminasyon.
Gen yon lòt mo nou pa
ka bliye, se paske nan fen levanjil la Jezi di nou “nan pasyans nou n’ap jwenn
lavi nou”. Donk nou wè malgre efò sa ke nou ap fè a nou p’ap pèdi li, n’ap
jwenn rekonpans nou kan menm. Pasyans la jounen jodi a, moun prèske pa kiltive
sa ankò, moun alèkile se kou l’ cho l’ kuit; yo pa vle travay ditou pou yo
reyalize anyen. Levanjil
la mande kretyen yo anpil pasyans paske si yo sibi tout kalamite yo jwenn nan
lavi yo ak pasyans donk rekonpans dènye jou a va ba yo rezon. Donk li enpòtan
pou nou aji ak pasyans epi bat pou konpòtman nou kapab gide lòt yo, konsa n’a
va travay pou nou patisipe nan gwo fèt ki gen pou fèt nan syèl la ak tout zanmi
Bondye yo.
LAPRIYÈ: Granmèt mwen vle ranpli
misyon mwen kòmsadwa, men anpil fwa sosyete a fè m’ timid, mwen pè pou yo pa
kritike mwen, mwen pè pou yo pa lonje dwèt sou mwen. Tanpri voye Lespri w’ la
vin anime mwen pou mwen kapab ranpli wòl mwen kòm disip misyonè.
PWOPOZISYON:
Ki obstak sosyete mete devan mwen anpeche mwen sèvi
Bondye? Kisa m’ap fè pou mwen kapab simonte obstak sa yo, pou mwen ranpli
misyon mwen?
No hay comentarios:
Publicar un comentario