Páginas

MÈKREDI 20

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Sa a ki kreye tè a, l’ap renmèt nou espri a ak lavi a”.
NAN DEZYÈM LIV MAKABE YO 7, 1. 20-31
Jou sa yo:
Yo arete sèt frè, yo pran yo ansanm avèk manman yo, wa a fòse yo manje vyann kochon, antan yo bat yo avèk fwèt ak rigwaz.
Manman yo menm merite konsiderasyon depase tout jan, li merite pou bon moun yo sonje l’: li wè sèt pitit li yo k’ap mouri nan yon sèl jou, epi li sipòte sa ak anpil kouraj poutèt esperans li te gen nan Bondye. Li t’ap ankouraje yo chak nan lang zansèt yo avèk fòs, li te plen sajès, li mete nanm gason nan refleksyon li t’ap fè kòm fi, li di yo: “Mwen pa konnen kijan nou te parèt nan vant mwen, ni kijan mwen te ba nou espri ak nanm ak lavi, ni se pa mwen menm ki te konpoze manb nou chak; men se Sa a ki kreye tè a, ki fòme nesans moun, li menm ki jwenn sous tout bagay, se li menm tou avèk mizerikòd li k’ap renmèt nou espri a ak lavi a, menm jan koulye a nou meprize pwòp tèt nou poutèt lalwa l’ yo”.
Antyokis menm konprann se li menm yo tout ansanm t’ap meprize, li te sispèk pawòl sa a te gen bagay ladan l’ k’ap derespekte l’. Pandan sa k’ te pi piti a te vivan toujou, non sèlman li t’ap ba l’ konsèy ak pawòl, men li te fè sèman l’ap fè l’ vin rich pou l’ alèz; pou l’ kite lalwa papa l’ yo, pou l’ vin tounen zanmi l’, li t’ap ba l’ sa li bezwen. Men, kòm jèn ti gason an pa t’ panche ditou sou bagay sa yo, wa a rele manman an, li t’ap chèche pran tèt li pou l’ sove ti gason an.
Aprè wa a fin di l’ anpil pawòl, li pwomèt l’ap bay pitit li a konsèy; konsa li panche sou li, li pase gwo chèf mechan an nan jwèt, li di nan lang papa yo: “Pitit mwen, pran pitye pou mwen, se mwen menm ki te pote ou nan vant pandan nèf mwa epi mwen te ba ou tete, mwen te swen ou pandan twazan, mwen fè ou rive nan laj sa a. Mwen mande ou, pitit, tanpri, pou ou gade nan direksyon syèl la ak tè a ak tout bagay ki nan yo, pou ou konprann se ak anyen Bondye te fè yo, ni ras moun. Konsa pa pè bouwo sa a, men se pou ou montre ou merite menm ran ak frè ou yo, aksepte lanmò, pou m’ resevwa ou avèk frè ou yo nan tan mizerikòd la”.
Antan li t’ap pale toujou, ti gason an di: “Ki sa n’ap tann? Mwen p’ap obeyi lòd wa a, men lòd lalwa a, sa yo te ba nou pa lentèmedyè Moyiz la. Kanta ou menm, ki envante tout mechanste sa a kont Ebre yo, ou p’ap chape nan men Bondye”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.            
SÒM REPONS 16, 1. 5-6. 8bc e 15
R/ Lè m’a leve, m’ap satisfè devan fas ou, Granmèt.
Koute jistis mwen, Granmèt, panche sou priyè m’.
Pare zòrèy ou nan priyè m’ ki pa sot nan bouch manti.R.
Kenbe plant pye m’ nan chemen ou yo, pou demach mwen pa tranble. Mwen menm se kote ou mwen rele, paske ou koute m’, Bondye; panche zòrèy ou sou mwen, koute pawòl mwen yo.R.
Pwoteje m’ tankou grenn je, anba lonbraj zèl ou, pwoteje m’. Kanta mwen menm, nan jistis ou m’ap wè fas ou, lè m’ap reveye, m’ap satisfè devan fas ou.R.
LEVANJIL
“Poukisa ou pa t’ mete lajan m’ nan labank?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 19, 11-28
Lè sa a:
Jezi di yon parabòl, poutèt li te tou pre Jerizalèm, epi paske yo te konprann se toutsuit peyi wa Bondye a t’apral parèt.
Konsa li di: “Te gen yon mesye ki te nan gran ras, li te pati nan yon peyi ki lwen pou l’ resevwa peyi wa a, epi pou l’ tounen.
Li rele dis sèvitè l’ yo, li bay yo dis pyès lajan, li di yo: “Fè yo rapòte, joustan mwen vini”. Sitwayen l’ yo te rayi l’; yo voye yon delegasyon aprè l’, yo di: “Nou pa vle pou sa a vin wa sou nou”.  Lè l’ tounen, aprè li fin jwenn peyi wa a, li pase lòd pou yo rele sèvitè yo, sa l’ te bay lajan an, pou l’ konnen konbyen chak moun te rapòte.
Premye a rive, li di: “Mèt, pyès lajan ou nan rapòte dis pyès lajan”. Li di l’: “Se byen, bon sèvitè: paske ou te fidèl nan ti bagay, w’ap jwenn pouvwa sou dis vil.Yon lòt rive, li di: “Mèt, pyès lajan ou nan te fè senk pyès lajan”. Li di sa a: “Ou menm tou w’ap kòmande sou senk vil”.
Yon lòt rive, li di: “Mèt, men pyès lajan ou nan, mwen te depose l’ nan yon mouchwa; mwen te pè ou, paske ou se yon moun ki rèd: ou pran sa ou pa mete, ou ranmase sa ou pa simen”. Li di l’: “Se ak bouch ou ou jije pwòp tèt ou, sèvitè ki pa vo anyen; ou te konnen mwen se yon moun ki rèd, mwen pran sa m’ pa mete, epi mwen ranmase sa m’ pa simen, ebyen poukisa ou pa t’ met lajan m’ nan labank, pou lè m’ rive mwen ta reprann li avèk enterè?”
Li di moun yo ki te kanpe la a: “Wete pyès lajan an sot nan men l’, epi bay moun ki gen dis pyès lajan yo”. Yo di l’: “Mèt, li gen dis pyès lajan!”
“Mwen di nou, tout moun ki genyen, y’ap ba li, l’ap gen an plis; men sa k’ pa genyen an, menm sa l’ genyen y’ap wete l’ sot nan men l’. Kanta pou ènmi m’ sa yo, ki pa t’ vle pou m’ kòmande sou yo kòm wa a, mennen yo isit la, touye yo devan m’”. Kon l’ fin di sa, li pran devan, l’ap monte Jerizalèm.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo nan Jezi, nou kapab wè Levanjil sa a nou sot li a plen ak imaj, metafò oubyen parabòl. Reyalite li dekri a pèmèt nou gen yon ide sou tradisyon moun yo nan epòk sa a. Se youn nan mwayen Jezi te itilize anpil pou bay lansèyman. Menm nou menm tou, jouk jounen jodi a nou itilize imaj yo pou bay konsèy ak fanmi, zanmi, vwazen nou yo. Nan premye moso labib la yo pale de sèt (7) frè. Jan nou konnen l’ deja, chif sèt (7) senbolize pèfeksyon ak plenitid (1sam 2, 5/ jr 19, 9). Fanm nan ak sèt pitit li yo reprezante pèp Izrayèl, yon pèp frajil, inosan e san defans. Lekti a mande pou nou mete esperans nou nan Bondye ki Mèt lavi a, menmjan ak manman sèt frè yo ki te mete tout esperans li nan Bondye. Paske moun ki fè Bondye konfyans li p’ap janm sòti wont. Lè nou mete konfyans nou nan li, lè nou mize lavi nou sou li, nou p’ap mache sou lwa pechè latè yo, e menm si yo ta matirize nou, touye nou akoz konviksyon nou nan Bondye, Bondye ki Mèt lavi a ap leve nou byen vivan. Frè ak sè m’ yo, menm jan salmis lan mande pou Bondye kenbe plant pye li nan chimen li yo, ann mande Granmèt la kenbe pa nou yo tou. Chemen an pa fasil men nan esperans nou gen nan li n’ap rive kan menm. Bondye nou an, lè l’ap ba nou bon lansèyman, li itilize anpil ekzanp nan lavi chak jou nou, pou li montre nou kòman li ye. Parabòl wa ak administratè li yo daprè Sen Lik, oswa parabòl talan yo daprè Sen Matye, Jezi vle montre nou kòman rèy Bondye a ye, e kòman nou menm pèp chwazi nou dwe ye osinon ki atitid nou dwe genyen. Frè ak sè m’ yo, nou tout, nan yon fason ou yon lòt, nou resevwa anpil bagay gratis nan men Bondye. Kisa nou fè ak don nou resevwa a? Kòman nou jere l’? Nou chak gen pwòp repons pa nou. Men nan levanjil la, Levanjelis la prezante nou yon bèl ekzanp bon administratè. Tout sa Bondye ba nou, se pou nou fè l’ grandi nan pataj ak renmen. Nou pa gen dwa pè, Jezi p’ap mande nou sa li pa ba nou. Men, tout sa l’ ba nou, li pral mande nou kont sou kòman nou te jere l’. Ann aprann fè grandi tout sa nou resevwa gratis nan men Bondye.
LAPRIYÈ: Bondye Papa nou, ou menm ki gen bon kè, tanpri montre nou kòman pou nou aprann jere e fè donnen tout sa ou ba nou gratis. Vide abondans charite ou a nan kè nou pou nou kapab pataje san kondisyon kado ou bay nou chak, pou nou youn kapab anrichi lòt, pou lavi a kapab fleri pou nou tout. Puiske nou resevwa gratis, aprann nou bay gratis.

PWOPOZISYON: Jodi a, m’ap idantifye talan, don oubyen kado Bondye fè mwen (yon bagay materyèl oubyen espirityèl) pou mwen kapab fè li miltipliye epi mete li nan sèvis lòt yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario