Koulè Blan
PREZANTASYON MARI KI SEN, KI VYÈJ
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Fè kè ou kontan, pitit fi Siyon, men m’ap vini”
NAN LIV PWOFÈT ZAKARI 2, 10-13
Fè lwanj, fè kè ou kontan,
pitit fi Siyon, paske men m’ap vini, m’ap abite nan mitan ou, deklarasyon Granmèt
la. Jou sa a anpil nasyon ap kole kò yo sou Granmèt la, y’ap tounen pèp mwen, m’ap
abite nan mitan ou, w’ap konnen se Granmèt lame yo ki voye m’ kote ou, Granmèt 1a
ap posede Jida kòm pòsyon pa l’ nan peyi ki sen an, l’ap chwazi Jerizalèm ankò.
Se pou tout chè fè silans devan fas Granmèt la, paske l’ap leve sot nan kay li
ki sen an.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS: LIK
1, 46-55
R/ Kè sansib Granmèt la pou jenerasyon ak jenerasyon.
“Nanm mwen ap fè lwanj Granmèt la, lespri m’ danse
nan Bondye ki sove m’ nan, paske li gade jan sèvant li a pòv.R.
Reyèlman vre men depi koulye a tout jenerasyon ap
di mwen gen chans, paske li fè gran mèvèy pou mwen, sila a ki gen pouvwa a, non
l’ sen.R.
Kè sansib li pou
jenerasyon ak jenerasyon pou moun ki respekte l’ yo. Li fè bagay ki mande fòs
ak bra l’, li gaye moun ki te gen lògèy nan kè yo.R.
Li jete sa k’ gen
pouvwa yo sot sou fotèy yo, li leve sa k’ tou piti yo, li plen sa k’ grangou yo
ak byen, li ranvwaye sa k’ rich yo men vid.R.
Li soutni Izrayèl, sèvitè l’ la, li sonje kè sansib li a,
jan l’ te pale ak zansèt nou yo, Abraam ak ras li pou tout tan”.R
LEVANJIL
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 12, 46-50
Jezi t’ap pale ak foul moun yo toujou lè manman
l’ ak frè l’ yo vin rive. Yo
rete deyò, yo t’ap chache yon jan pou yo te pale avè l’. Se konsa yon moun di
Jezi: Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo ta renmen pale avè ou. Men Jezi
reponn moun ki te di l’ sa a: Kilès ki manman m’? Kilès ki frè m’? Lè sa a, li
lonje men l’ sou disip li yo, li di: Gade non: men manman m’ ak frè m’ yo.Tout
moun ki fè sa Papa m’ ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m’,
ki sè m’, ki manman m’.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Mari, Manman
Legliz la, se Manman nou tout. Fete Prezantasyon Mari ki Sen, ki Vyèj, se fete
lavi pou kretyen yo, se fete lafwa, se fete mèvèy entèvansyon Bondye nan lavi
lèzòm, se fete zanmitay nou ak Bondye. Di “wi”, frè ak sè m’ yo, se sa ki fè
Mari monte kote Bondye; se sa ki fè sove a fèt nan mitan nou. Mari ou vyèj, ou
se manman Bondye, ou se yon modèl lafwa, ede nou di wi nan fen lane lafwa sa a.
San ou nou pa t’ap konn Jezi, san ou nou pa t’ap gen Jezi. Mèsi Mari poutèt ou
te di “wi” a. Zanmi mwen, avèk wi Mari a, jan nou sot tande sa a nan lekti a,
Jezi abite nan mitan nou, Bondye tounen yon moun pou li sove nou. Pawòl la di: “Mwen ap abite nan mitan ou pitit siyon an”.
Jezi abite nan mitan n’ pa lentèmedyè Mari. Li vin ba nou kè kontan, menm jan
li di sa nan lekti a: se pou ou kontan
moun siyon yo. Konsa, se pou nou pèp imigran yo, pèp Bondye a Jezi Sovè e l’ap
sove nou: li pa lage nou tankou mouton san gadò, li toujou ap pote nou sekou
ansanm ak manman l’ki se manman nou tou, Manman Pèpetyèl Sekou. Konsa frè m’, sè
m’ yo, si nou koube nou byen ba devan Granmèt la nan yon “wi” tout bon, nan
kite volonte l’ fèt, n’ap tounen frè, sè, manman ak fanmi Jezikri.. Se moun ki
viv lafwa, moun ki koute pawòl Bondye a ki fòme fanmi Jezikri a; nan sa Mari se
“nimero 1”, li te di “wi” nèt ale jous devan lakwa a, kote li viv gwo eskandal
krisifiksyon an, kote li t’ap gade Pitit li a ki t’ap jemi, ki t’ap plenn, ki
t’ap soufri. Pa gen pi gwo soufrans yon manman te kapab soufri pase sa Mari te
andire a. Ann mande li pou li kontinye lapriyè pou nou, pou yon jou, menm jan
ak li nou kapab antre nan lavi tou nèf Bondye pwomèt tout pitit li yo.
LAPRIYÈ: Granmèt, antan n’ap sonje Mari ki sen anpil, ki Vyèj,
avèk respè, n’ap mande ou, tanpri, pou gras a priyè l’, nou merite jwenn, nou menm
tou, nan gras ou a ki plen l’ nan. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Fè “wi” nou yo monte mòn, chèche fè sa Bondye mande nou; fè
sa ki fè li plezi, viv pawòl la tankou Manman Mari.
No hay comentarios:
Publicar un comentario