Koulè Wouj
SESIL KI SEN,
Vyèj e Mati
(Memwa)
PREMYE MOSO
LABIB
NAN LIV LEVITIK 19,1-2.17-18
Granmèt la pale ak Moyiz, li di:
“Pale ak tout foul pitit Izrayèl
yo, w’a di yo: “Se pou nou sen, paske mwen menm mwen sen, Granmèt Bondye nou an.
Pa rayi frè ou nan kè ou, men se
pou ou reprann li an piblik, pou ou pa gen peche sou li. Pa chèche vanjans, pa
sonje move pawòl moun menm peyi ak ou yo. Se pou ou renmen zanmi ou tankou ou menm.
Se mwen menm Granmèt la”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 14, 2-3ab. 3cd-4ab. 5
R/ Ki moun k’ap repoze sou mòn ou an ki sen an, Granmèt?
Moun k’ap mache san fot, k’ap
fè jistis; k’ap pale verite nan kè l’,
ki pa fè rizèz ak lang li. R.
Li pa fè pwochen l’ mal, li pa fè pwochen l’ afwon.
Li konsidere mechan an kòm anyen devan je l’, men li fè
lwanj pou sila yo ki respekte Granmèt la. R.
Moun ki pa
prete lajan ak enterè, ki pa aksepte kado sou do inosan.
Moun ki aji konsa, li p’ap souke
menm.R.
LEVANJIL
“Kay ki bati sou wòch avèk kay ki bati sou sab”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MATYE KI SEN 7, 21-27
Lè sa a: Jezi
di patizan l’ yo:
“Se pa tout
moun k’ap di m’: “Granmèt, Granmèt k’ap antre nan rèy syèl yo; men se moun ki
fè volonte Papa m’ ki nan syèl la, se li menm k’ap antre nan rèy syèl yo. Anpil
moun ap di m’ jou sa a: Granmèt, Granmèt, èske se pa o non ou nou te fè travay
pwofèt, èske se pa o non ou nou te chase demon yo, èske se pa o non ou nou te fè
anpil mèvèy”? Lè sa a, m’ap deklare yo: “Mwen pa janm konnen nou: rale kò nou
sot sou mwen, nou menm k’ap fè peche”.
Sèke tout
moun ki tande pawòl mwen sa yo, epi li reyalize yo, li sanble avèk yon moun bon
konprann, ki bati kay li sou wòch; lapli tonbe, larivyè desann, van souf1e, yo
fonse sou kay sa a, li pa tonbe, Sèke fondasyon l’ te sou wòch, tout moun ki
tande pawòl mwen sa yo, men ki pa reyalize yo, li sanble ak yon moun sòt, ki
bati kay li sou sab; lapli tonbe, larivyè desann, van souf1e, yo fonse sou kay
sa a, li tonbe, malè l’ la gran”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Meditasyon n’ jodi
a ap ede n’ reflechi kijan yon vrè patizan Bondye dwe viv. Premye lekti a
sanble tèt koupe ak Levanjil la; pa ekzanp, Matye di yon moun ki mennen bak li
byen nan fè volonte Bondye, se yon vrè patizan Jezikri; tandiske nan liv
Levktik la Bondye di men kijan pou nou viv. Bondye t’ap pale ak pèp li a, li
t’ap ba li enstriksyon, li t’ap oryante li, pou li te kapab evite move chemen. Li t’ap envite pèp Izrayèl la pran wout sentete, wout sanktifikasyon. Se
pi gwo vokasyon tout moun k’ap viv genyen, vokasyon pou li vin sen. Jounen jodi
a, se nou menm ki reprezante pèp Izrayèl la: pawòl sa yo se pou nou, fòk nou
koute yo, Bondye menm di li se yon Bondye apa pou nou; mezanmi, se gwo pawòl wi
k’ap pale la a! Se pou nou respekte Bondye, epi se pou nou gen respè pou tout
moun, ni manman nou, ni papa nou, epi se pou nou respekte jou ki rezève pou li
a. Si nou te kon n’ sonje pawòl sa yo ala bèl lavi nou ta bèl sou tè sa a,
koute sa Bondye di ankò: piga nou janm vire do ba li pou n’al adore zidòl ki pa
ka fè anyen pou nou; pa kenbe frè ou nan kè ni sè ou; si nou ta gen kont antre
nou, se pou nou chèche regle sa touswit, pou n’ pa tonbe nan fè mal; piga nou
tire revanj; se pou nou renmen tout moun menm jan nou renmen pwòp tèt pa nou: paske
non Granmèt la se “Renmen”, epi se li menm ki mande pou nou renmen youn lòt,
paske nou se pitit yon sèl Papa .Pou nou fè sa, se pou nou koute pawòl li ,kwè
nan li, epi fè sa pawòl la mande nou; lè sa a n’a sanble ak moun ki gen bon
konprann, ki bati kay li sou wòch, ak bon mason, se yon kay solid. Kay sa a,
Matye ap pale a se lavi moun, fòk nou bati lavi sou bon fondasyon, paske peyi
kote Bondye wa a, gen kondisyon pou yon moun antre ladan: nou pa kapab antre
nan peyi pou sa nou di ak pou sa nou ye, men se pou sa nou fè. Pafwa nou pase
tout tan ap di Granmèt, epi sa pou nou fè nou pa fè l’. Pa bliye syèl la se pa
yon jaden w’ al ladan l’ jan w’ vle, ni pa yon peyi etranje, ni se pa yon
inivèsite, fòk ou gen parenn ak marenn pou antre ladan l’; okontrè, se redi nan
travay pou fè sa Bondye mande, se konsa w’ kapab antre nan peyi kote Bondye Wa a,
nou p’ap pale anpil, pou n’ eritye, men n’a fè aksyon. Ann fè Mèt la konfyans,
konsa n’a konstwi lafwa nou sou wòch solid.
LAPRIYÈ: Granmèt, koute priyè nou yo ak bon kè
ou, tanpri, gras a priyè Sesil ki sen, reponn priyè pa nou yo kòrèk. Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON: Mwen pral kòmanse reyalize pawòl Bondye a nan
aksyon mwen yo, pou mwen pa sanble ak moun ki bati kay li sou sab. Bondye se mason an,
l’ap ede mwen konstwi li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario