Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Se poutèt
move bagay mwen te fè nan Jerizalèm, m’ap mouri avèk anpil chagren an”
NAN PREMYE LIV MAKABE YO 6, 1-13
Jou sa yo:
Wa Antyokis t’ap mache nan rejyon anwo yo; li te tande
pale sou vil Elimayid la nan Pès ki te gen renome anpil, ki te gen anpil lajan
ak lò, anndan tanp li a te gen anpil richès, te gen kask an lò ladan l’ ak zam
an kuiv pou pwoteje kò ak lòt zam-defans, sa Aleksann Filip, wa Masedwán nan te
kite, li menm ki te premye wa nan peyi Lagrès la. Li rive, li t’ap chèche pran
vil la pou l’ piye l’, men li pa t’ kapab, paske moun yo ki te nan vil la yo te
okouran bagay la, yo leve batay; li sove kò l’ sot la, li pati avèk gran chagren,
li tounen Babilòn.
Antan l’ te nan Pès, yon moun vin anonse l’ kijan lame
yo sove, sa k’ te nan peyi Jida a, epi espesyalman kijan Lizyas te pati avèk
yon gran lame, li te blije sove kò l’ sot devan fas Juif yo; Juif yo te vin fò
avèk zam ak moun ak anpil bagay yo te piye, sa yo te pran nan men lame yo te
fin kraze yo. Epi tou li anonse l’ kijan yo te jete zidòl la li te drese sou
lotèl la, sa k’ te nan Jerizalèm nan, kijan yo te antoure tanp la tankou anvan
avèk gran miray ki wo anpil. Yo te fè menm jan tou pou Betsou, vil li a.
Lè wa a tande pawòl sa yo, li sezi, li tranble anpil,
li pran kabann, li tonbe malad ak chagren, paske sa pa t’ rive jan l’ te panse a.
Li ret la anpil jou, paske gwo chagren te tounen tonbe
sou li. Li te konprann li t’apral mouri, li rele tout zanmi l’ yo, li di yo: “Dòmi
pati sot nan je m’, traka kraze m’, li fini ak kè m’, mwen di nan kè m’: Gade
nan ki tray mwen rive, ak nan ki rivyè chagren mwen ye koulye a, mwen menm ki te
byen, ki te alèz nan pouvwa m’! Koulye a menm mwen sonje move bagay mwen te fè
nan Jerizalèm, kote mwen te pran tout veso lò ak lajan ki te nan vil la, mwen te
voye pran moun ki abite Jida yo san rezon. Konsa mwen rekonèt se pousa malè sa a
tonbe sou mwen; men m’ap peri ak gran chagren nan yon tè etranje”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 9,
2-3. 4 e 6. 16b e 19
R/ M’ap fete nan sove ou la, Granmèt.
M’ap fè lwanj
ou, Granmèt ak tout kè m’; m’ap rakonte tout mèvèy ou yo. M’ap kontan, m’ap
fete nan ou, m’ap chante pou non ou, ou menm ki anlè nèt la.R.
Lè ènmi m’ yo ap vire dèyè, yo febli, yo peri devan fas
ou. Ou menase nasyon yo, ou pèdi ènmi w’ nan; ou efase non yo pou tout tan san
rete.R.
Nasyon yo fonse nan fòs la yo te fouye a; nan pyèj sa a
yo te kache a, pye yo pran ladan l’. Sèke se pa pou tout tan w’ap bliye pòv la;
esperans pòv la p’ap peri pou tout tan.R.
LEVANJIL
“Bondye pa Bondye moun mouri, men Bondye moun ki vivan”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 20,
27-40
Lè sa a:
Kèk nan Sadiseyen
yo pwoche, yo menm ki refize kwè rezireksyon, yo poze Jezi kesyon, yo di: “Mèt,
Moyiz te ekri pou nou: “Si frè yon moun vin mouri, antan li te gen yon madanm,
li pa t’ gen pitit, se pou frè l’ la marye ak madanm li, pou l’ leve yon desandans
pou frè li a”. Konsa te gen sèt frè, premye a marye, li mouri san pitit; sa k’
suiv la pran l’, li menm tou li mouri san pitit; twazyèm nan pran l’, epi konsa
tou pou tou le sèt: yo pa kite desandans, epi yo mouri. Aprè yo tout, madanm
nan mouri tou. Konsa, nan rezireksyon an, pou kilès nan yo madanm nan ap ye?
paske yo tou le sèt te genyen l’ kòm madanm”.Jezi di yo: “Pitit syèk sa a,
gason ak fi, y’ap marye; men sa yo ki merite lòt syèk la ak rezireksyon sot nan
pami mò yo, yo pa marye, ni gason ni fi; sèke yo pa kapab mouri ankò: yo tankou
zanj yo epi yo se pitit Bondye, paske yo se pitit rezireksyon.
Kanta kesyon
mò yo ki gen pou resisite a, Moyiz te montre sa bò raje ki t’ap boule a, jan l’
di: “Granmèt Bondye Abraam ak Bondye Izaak ak Bondye Jakòb”. Bondye pa Bondye
moun mouri yo, men Bondye moun vivan yo; sèke tout moun viv pou li”.
Kèk nan skrib yo reponn, yo di l’: “Mèt, ou pale byen”.
Yo pa t’ oze poze l’ okenn kesyon ankò.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye a toujou pote yon ansèyman nouvo
pou sila yo ki tande l’ avèk enterè nan lafwa. Jodi a, tankou anpil lòt jou,
pawòl sa dwe fè n’ poze tèt nou kesyon sou konpòtman nou fas avèk richès latè
epi ak byen pwochen nou yo. Anpil fwa nou adopte atitid wa. Se yon bagay ki rèd
anpil lè w’ santi yon frèt k’ap kale w’ epi w’ pa wè men an. Bagay pou n’ pa
janm bliye, sèke pawòl Bondye a se pou nou li ye. Fòk nou fè l’ tounen
bousòl pou l’ gide nou nan bon chemen, paske li p’ap lage nou nan wout. Paske
si nou tande l’ epi nou mete l’ an aplikasyon, se sèten ke n’ap kapab antre nan
kè kontan ki p’ap janm fini an. N’ap rive santi reyèlman vre ke n’ap viv pou
Bondye. Pawòl sa a dwe fè m’ pran konsyans ke mwen se pitit Bondye, li dwe mete
lanbisyon nan mwen pou m’ rive viv bonè san fen an, li dwe tou motive m’ pou m’
fè disip pou Jezi, pou pou m’ detounen plan mechan an. Se pou Bondye, nan bonte
san limit li a, ede nou vanse pi pre l’ chak jou pi plis. Se pou li ede nou chanje
move atitid nou yo, konsa n’a bay bon jan temwayaj sou Jezikri: n’a sove lavi
nou epi n’a ede anpil moun sove lavi yo tou.
LAPRIYÈ: Anpil fwa nan
lavi nou, Granmèt, règleman yo pi enterese nou pase fè travay ou a, nou egoyis,
nou pa vle ede lòt yo grandi. Lanbisyon bouche kè nou. Papa, tanpri ba nou
entelijans Lespri Sen w’ nan pou nou konprann mistè wayòm syèl la. Konsa
n’a va rive jwi bonè ak kè kontan nan klète fas ou toutan.
PWOPOZISYON: Apati de jodi a, m’ap eseye pa konfonn bagay
yo: mwen pral apran fè ekilib an sa ki materyèl ak sa ki espirityèl, puise kò
gen ekzijans li epi lespri a gen ekzijans pa li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario