Koulè Wouj
ANDRE KI
SEN, APOT (Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“Lafwa a vin nan sa yo tande a, sa
yo tande a menm, se pa lentèmedyè pawòl Jezikri a”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN
YO: 10, 9-18
Si ou rekonèt ak bouch ou Jezi se
Granmèt, epi si ou kwè nan kè ou Bondye fè l’ leve sot nan pami mò yo, w’ap
sove. Moun ki kwè ak kè l’, se pou jistis la; moun ki rekonèt ak bouch li, se pou
delivrans la. Sa k’ ekri a di: “Tout moun ki kwè nan li, yo p’ap wont”.Nan pwen
distenksyon Juif ak Grèk, paske se yon sèl Granmèt tout moun, ki fè anpil gras
pou tout moun ki rele l’ yo. “Sèke nenpòt ki moun ki rele non Granmèt la, l’ap
sove”.
Men, kijan pou yo priye sa a yo pa kwè nan li a? Oubyen
kijan pou yo kwè nan sa a yo pa tande sou li a? Kijan pou yo fè tande, si pa
gen moun ki preche? Kijan pou yo preche, si yo pa voye yo? daprè sa k’ ekri a
di a: “Ala bèl yo bèl, pye mesaje bòn nouvèl lapè a, mesaje bòn nouvèl byen ki
rive yo!”
Men se pa yo tout ki obeyi Bòn Nouvèl la; sèke Izayi di: “Granmèt,
kilès ki te kwè mesaj nou an?” Konsa lafwa a rive nan sa yo tande a, epi sa yo
tande a, se pa lentèmedyè pawòl Jezikri a. Men mwen di: “Èske yo pa t’ tande”? Men
wi, “sou tout tè a mesaj yo gaye, pawòl yo jous nan bout fas tè a”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 18,
2-3. 4-5
R/ Sou tout tè a yo tande vwa yo.
Syèl yo ap rakonte glwa Bondye, travay men l’, platfòm
syèl la ap anonse l’. Jou ap deklare pawòl bay jou, nannwit
ap montre syans bay nwit.R.
Pa gen langaj ni pawòl, pou yo pa konprann vwa yo. Sou tout
tè a bwi vwa yo soti, jous nan limit tè a pawòl yo rive.R.
LEVANJIL
“Yo menm, menm lè a, yo kite filè
yo, yo swiv li”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN: 4, 18-22
Lè sa a:
Jezi t’ap mache bò lanmè Galile a,
li wè de frè, Simon, sa yo rele Pyè a, epi Andre, frè l’ la, yo t’ap voye filè
nan lanmè a; se pechè pwason yo te ye.
Li di yo: “Vini apre m’, m’ap fè nou al lapèch moun”.
Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo, yo suiv li. Li kontinye
pi lwen, li wè de lòt frè, Jak, pitit Zebede a, avèk Jan, frè l’ la, yo te nan
kannòt la avèk Zebede, papa yo, yo t’ap rapyese filè yo; li rele yo.
Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo ak papa a; yo swiv li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Fete youn nan apot Jezi yo, se fete fondasyon Legliz la. Yon Legliz ki
bati sou apot yo, sa se legliz Jezikri a menm. Andre ki sen n’ap sonje jodi a,
pechè pwason ki tounen pechè moun aprè apèl Jezi te fè li, se youn nan premye
disip Jezi, youn ki vle konnen Mesi a, li we l’, li kite tout sa l’ te genyen
pou li te kapab swiv li.Konsa nou menm tou, nou kapab konprann kijan sa enpòtan
pou nou detache nou ak anpil bagay, si nou vle swiv Jezi tout bon vre, si nou
vle tounen patizan li. Jezi, frè ak sè m’ yo, se rezon
pou nou viv, se li ki ba nou tout sa nou bezwen, se li ki ba nou tout sa n’
genyen. Pou kisa pou n’ pa ta mache ak Jezi, pou kisa pou pa ta di l’ wi?
Jezikri vle nou mache dèyè l’ jodi a menm; pa tann li pi ta; li di nou: “vini,
swiv mwen”. Swiv li paske li se chemen, laverite ak lavi. Andre kite tout sa l’
te genyen, fanmi li, filè li, travay li, pou l’ swiv Jezi. Paske nan Jezi li jwenn lavi a. Sa sa koute l’
si li genyen tout bagay epi li pa gen Jezi. Mèt la rele l’ pou l’al simaye
pawòl la bay tout moun. Pou l’ di nou pa gen distenksyon ant rich ak pòv, ant
blan ak nèg, ant dominiken ak ayisyen: nou tout se pitit menm Papa a. Ti chan
di: pouki youn ap manje lòt konsa, kote m’ pase lagè… Frè ak sè m’ yo Jezi
mande pou menm jan ak Andre ak zanmi l’ yo pou nou mache bay pawòl, konsa n’ap
tounen disip misyonè pou li. Sen Pòl, nan premye lekti a, di nou jodi a: "Ala bèl
yo bèl, pye mesaje bòn nouvèl lapè a, mesaje bòn nouvèl byen ki rive yo!"
Bondye ap avèk nou, nou pa bezwen pè. Se pou nou mete tout enèji no unan travay
li a. Moun Bondye yo, li toujou avèk yo, e li pa janm sipann beni yo. Se pou
Granmèt la beni nou tout byen beni.
LAPRIYÈ: Granmèt,
pa bliye moun ou chwazi yo, pran ka yo; gade pèp a ou ki bezwen mesaje; tanpri
kontinye rele nan pitit ou yo pou yo ale preche pawòl ou a tout kote. Mwen
mande w’ sa nan non Pitit ou a, Jezikri k’ap kòmande ansanm ak ou ak Lespri Sen
an.
PWOPOZISYON: Reflechi byen pou w’ wè kisa Bondye mande ou jodi a. Pa fè tèt di si l’
mande pou w’ ale fè sèvis li, preche pawòl li; koute vwa l’ k’ap rele ou pou w’al
gaye levanjil la toupatou menm jan ak Andre.
No hay comentarios:
Publicar un comentario