Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Men tankou
yon pitit moun ki t’ap vini avèk nyaj syèl yo”
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 7, 2-14
Mwen te wè nan vizyon mwen te gen nan
nuit la: se kat van syèl la ki t’ap batay nan gran lanmè a, ak kat gran bèt ki
t’ap monte sot nan lanmè a, youn pa sanble ak lòt. Premye a te tankou manman lyon,
li te gen zèl malfini; mwen t’ap gade joustan yo rache zèl li yo; yo wete l’
sot sou tè a, li kanpe sou pye tankou yon moun, yo ba l’ yon kè moun.
Men yon lòt bèt ki sanble ak yon ous,
li kanpe yon kote, li te gen twa kòt nan bouch li ak nan dan l’, epi yo t’ap di
l’ konsa: “Leve, manje anpil vyann”. Aprè bagay sa yo, mwen gade, men yon lòt
tankou yon tig, li te gen zèl tankou kat zèl zwazo sou li, te gen kat tèt nan
bèt la, yo ba l’ pouvwa.
Aprè bagay sa yo, mwen t’ap gade nan
vizyon mwen te gen nan nuit la, men yon katriyèm bèt ki terib, ki ekstrawòdinè,
ki fò anpil, li te gen anpil gwo dan an fè, li t’ap manje, li t’ap kraze, li t’ap
foule sa k’ rete yo anba pye l’; li pa t’ sanble ak lòt bèt yo, sa m’ te wè
anvan l’ yo, li te gen dis kòn. Mwen t’ap gade kòn yo, epi men yon lòt kòn pi
piti ki leve sot nan mitan yo: twa nan premye kòn yo, yo rache sot nan fas li;
gen je tankou je moun ki te nan kòn sa a, ak yon bouch ki t’ap pale gran bagay.
Mwen t’ap gade joustan yo poze twòn
yo; Ansyen nan jou yo chita. Rad li blan tankou lanèj, cheve tèt li tankou lenn
byen blan, fotèy li se flanm dife, wou fotèy li se dife ki limen. Yon rivyè dife
byen rapid t’ap sòti devan fas li, mil milye t’ap sèvi l’, di mil san milye t’ap
monte lagad bò kote l’. Tribinal la enstale, yo louvri liv yo. Mwen t’ap gade
poutèt bwi gran pawòl yo, sa kòn nan t’ap pale yo, mwen wè yo te touye bèt la,
kò l’ te peri, yo te lage l’ pou l’ boule nan dife; lòt bèt yo tou, yo te wete
pouvwa yo, yo te fikse tan lavi pou yo jous pou yon tan ak yon tan.
Mwen t’ap gade konsa nan vizyon
nannuit: se tankou yon pitit moun ki t’ap vini avèk nyaj syèl yo, li rive jous
kot Ansyen nan jou yo. Yo ofri l’ bay Ansyen nan jou yo, ki ba l’ pouvwa ak
konsiderasyon ak peyi wa; epi tout pèp, ras ak lang ap sèvi l’. Pouvwa l’ se
pouvwa k’ap dire tout tan, ki p’ap disparèt; peyi wa l’ se peyi wa ki p’ap detwi.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS Dn 3, 75. 76. 77. 78. 79. 80. 81
Fè konpliman pou Granmèt la, gwo mòn
yo ak ti mòn yo.
R/ Fè lwanj li, leve
l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, tout
plant sou tè a.
R/ Fè lwanj li,
leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, sous
yo.
R/ Fè lwanj li,
leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, lanmè yo
ak rivyè yo.
R/ Fè lwanj li,
leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, balèn
ak tout sa ki an mouvman nan dlo yo,
R/ Fè lwanj li, leve
l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, tout
zwazo syèl yo.
R/ Fè lwanj li,
leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, tout
bèt bwa ak bèt volay.
R/ Fè lwanj li,
leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
LEVANJIL
“Lè n’a wè bagay sa yo rive, konnen peyi wa Bondye a tou pre”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 21, 29-33
Lè sa a: Jezi di yon parabòl pou
disip li yo:
“Gade pye figye a ak tout pye bwa
yo: lè yo kòmanse donnen fwi, nou konnen tan cho a tou pre. Konsa tou nou menm,
lè n’a wè bagay sa yo rive, konnen peyi wa Bondye a tou pre. Amèn, mwen di nou
jenerasyon sa a p’ap pase, joustan tout bagay rive.
Syèl la ak tè a ap pase; men pawòl mwen
yo p’ap pase”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Mezanmi, gen
yon tan pou chak bagay sou latè: Gen yon tan pou kraze, yon tan pou konstwi;
yon tan pou tris ak yon tan pou kontan; men fò n’ pa bliye pi bonè se gran
maten. Anpil fwa, Jezi vle nou
konnen pawòl la pi byen, li pale an parabòl ak nou. Jan nou wè sa nan liv
pwofèt Danyèl, nan vizyon li te wè kat (4) bèt sòti nan lamè a sou plizyè fòm,
bèt sa yo te reprezante kat gran wa ki pral dirije vil yo. Nan Levanjil la
Matye a, Jezi prezante nou yon figi ki reprezante yon pye bwa, kote li envite
nou gade siy tan yo: nou konn gade yon pye bwa: lè l’ boujonnen, nou di li pral
fè cho; lè l’ pral fè frèt nou konnen tou; konsa tou lè nou wè lalin nan gwo,
nou di n’ap plante yanm, oubyen n’ap plante joumou, pou yo kab donnen gwo. Se
konsa tou, fòk nou reyaji ak yon seri de bagay k’ap pase nan sosyete a ak nan
kominote a; se detanzantan n’ap wè yon seri de bagay k’ap rive nan kominote nou
yo.Kidonk fòk nou veye, paske nou pakonnen ki jou, ki lè Pitit moun nan ap vni.
Koute sa Jezi di: “an verite mwen di nou, ras moun k’ap viv kounye a p’ap
disparèt anvan tout sa li di yo rive: syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen
yo p’ap janm pase”. Jounen jodi a lè n’ap gade sa k’ap pase nan mond lan, nan
fanmi yo, nan kominote n’ yo ak nan sosyete a, sa fè nou poze tèt nou kesyon:
kisa k’ap pase? Èske se lafen, pake Bib la te deja avèti nou kijan sa ap ye nan
dènye tan yo kote n’ap wè yon seri de bagay nou pa konn abitwe wè; se lemond ki
boulvèse, tranblemantè, abi, enjistis, lagè,vyolans.Bagay sa yo mande nou pou
nou lapriyè epi reflechi pou n’ wè sa ki fè sa epi kisa nou menm nou kapab fè.Éske
se pa renmen ak fratènite ki manke?Nan tan n’ap viv la ann mande Granmèt la ba nou
fòs ak kouraj pou n’ pa gen lide detwi; okontrè ann chèche ansanm pou wè kijan
n’ap konstwi ,pou n’ gen yon lòt sosyete ki tabli sou jistis, renmen, ak lapè:
yon sosyete kote tout moun santi yo an sekirite.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou
menm ki se mèt tout sa ki ekziste, ede nou wè klè pou n’ k ab kwè, epi pou n’
konnen tout bon vre w’ap mache avèk nou. Tanpri ba nou anvi pou n’ tavay ansanm;
konsa n’a bati yon lòt sosyete sou baz renmen ak fratènite.
PWOPOZISYON: Mwen vle mete men nan pat la pou m’ bati yon
kominote tounèf, konsa m’a kòmanse fè lòt yo goute Wayòm nan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario