Koulè Wouj
ETYÈN KI SEN, Premye Mati
(Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“Men mwen wè syèl yo louvri”
NAN TRAVAY APOT YO 6, 8 10; 7,54-59
Jou sa yo:
Etyèn te plen gras ak fòs, li t’ap fè
anpil pwodij ak siy nan pèp la. Gen kèk ki leve, yo te fè pati nan kay reyinyon
sa yo rele esklav libere yo, Sireneyen yo ak Aleksandren yo, ak sa ki te nan
Silisi ak Azi yo, yo t’ap diskite avèk Etyèn. Yo pa t’ kapab reziste sajès la
ak Espri a ki t’ap pale a.
Lè yo tande bagay sa yo, yo t’ap fè
kè yo vin di kont li, yo t’ap sere dan kont li.
Li menm li te plen ak Espri Sen an,
li fikse syèl la, li wè glwa Bondye a ak Jezi ki kanpe adwat Bondye, li di: “Mwen
wè syèl yo louvri, ak Pitit moun nan ki kanpe adwat Bondye”.
Yo leve vwa yo byen fò, yo fèmen
zòrèy yo, yo fonse ansanm sou li. Yo jete l’ deyò vi l’ la, yo kòmanse kalonnen
l’ ak kout wòch. Temwen yo te depoze rad yo nan pye yon jenòm yo te rele Sòl.
Pandan yo t’ap kalonnen l’ ak kout wòch,
Etyèn t’ap priye, li t’ap di: “Granmèt, resevwa lespri mwen”.
Pandan l’ap di sa, li dòmi nan
Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
30, 3cd-4.6 e 8ab.16bc-17
R/
Se nan men ou, Granmèt, mwen renmèt lespri
m’.
Se pou ou sèvi m’ yon wòch kachèt ak yon kay defans
pou ou sove m’.
Paske fòs mwen ak kachèt mwen se ou menm, poutèt non ou
w’a kondui m’, w’a swen m’.R.
Se nan men ou mwen renmèt lespri m’; ou delivre m’,
Granmèt, Bondye verite a. M’ap danse, m’ap kontan nan mizerikòd ou a, paske ou
voye je sou rabesman m’ nan.R.
Delivre m’ sot nan men ènmi m’ yo ak sa k’ap pèsekite m’
yo; klere fas ou sou sèvitè w’ la, sove m’ nan mizerikòd ou a.R.
LEVANJIL
“Se
pa nou menm k’ap pale, men se Lespri Papa nou an”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 10, 17-22
Lè sa a: Jezi di Apot li yo:
“Atansyon moun yo; y’ap renmèt nou
nan tribinal yo, y’ap bat nou nan kay reyinyon yo, y’ap kondui nou devan prefè
ak wa yo poutèt mwen, kòm temwayaj pou yo ak pou nasyon yo. Lè yo renmèt nou,
pa kalkile ki fason oubyen ki sa n’ap di; y’ap ba nou nan lè sa a menm sa pou
nou di.
Sèke se pa nou menm k’ap pale, men Lespri
Papa nou k’ap pale nan nou. Frè ap renmèt frè nan lanmò, ni papa ap renmèt
pitit, pitit ap leve kont paran yo, y’ap fè touye yo, tout moun ap rayi nou
poutèt non mwen; men moun k’ap pèsevere jous nan finisman, se li menm k’ap sove”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frѐ ak sѐ m’ yo, jodi a
nan Legliz katolik, n’ap fete yon zanmi Bondye ki rele Etyѐn. Etyѐn se te yon
patizan Jezi ki te pѐsekite anpil e se konsa li te aksepte mouri
mati pou koz Bὸn Nouvѐl la.
Ann gade sa moso Labib
yo di nou sou gwo nѐg sa a ki pa t’ pѐ riske lavi li pou kὸz Pawòl Bondye a. Nan
premye moso labib la, nan liv travay Apot yo, nou wѐ kὸman Etyѐn t’ap preche nan kay reyinyon an epi tout
moun ki te ènmi laverite a te resevwa mesaj li yo trѐ mal, sitou lѐ Etyѐn te di, aprѐ li fin fikse syѐl la : “Mwen wѐ syѐl la ouvѐ, ak pitit moun nan ki
kanpe adwat Papa l’’. Yo mete rele, yo pran Etyѐn, yo mete l’ deyὸ, yo kalonnen l’anba kout wὸch, pandan li menm li t’ap mande Bondye
resevwa lespri li. Nou kapab di, tout moun sa yo ki t’ap koute Etyѐn nan, se yon pakѐt moun lespri yo te
bouche, yo pa konnen kisa yon moun ka fѐ oubyen ka di anba pouvwa Lespri
Sen an.
Pi devan, nan Levanjil
la nou wѐ kote Jezi te gen tan
ap anonse apot yo sa k’ap tann yo pi devan. Li di yo pa fye moun yo paske yo va
kondwi yo devan tribinal, yo va ba t’ yo nan kay reyinyon yo, tout sa, poutѐt mwen. Sa ki pi
enteresan, sѐke lè yo va genyen pou
yo reponn akizasyon yo, se pa yo menm k’ap pale men se Lespri Papa a k’ap pale
nan yo. Nou kapab di se tout pawὸl sa a yo Etyѐn te mete an pratik ki fѐ li pa t’ pѐ pale, li pa t’ pѐ pran imilyasyon, li
pa t’ pѐ pran kout wὸch jiskaske yo te rive
touye l’. Nou menm kretyen, konbyen fwa, nou rive nan wout, nou fѐ bak devan pwoblѐm, devan difikilte,
devan sa moun ap di sou nou poutѐt n’ap fѐ travay Bondye a. Men
nan finisman Levanjil la Jezi di nou klѐ: “Tout moun va rayi nou poutѐt mwen, men moun k’ap
pѐsevere jous nan
finisman, se li menm k’ap sove’’. Jis jounen jodi a, gen anpil fὸs fѐnwa ki anpeche nou fѐ travay anonse Bὸn Nouvѐl Jezikri a paske
mesaj sa a yo deranje yo. Menm jan avѐk Etyѐn, fὸ nou toujou vanyan,
pou nou pa pѐ anyen paske Jezi fѐ nou sonje li chita
adwat Papa a, epi l’ap akonpanye nou chak jou jiskaske tan yo fin rive bout.
LAPRIYÈ: Granmѐt Jezi, n’ap mande w’ ban nou fὸs ak kouraj epi
dispozisyon pou nou kapab tounen pὸtpawὸl ou nan tout anviwònman nou, pou chak jou rèy jistis,
lanmou epi lapѐ rive tabli sou tout fas tѐ a. Nou mande w’ sa pa
lentѐsesyon Sent Etyѐn ak tout lὸt sen ki te bay lavi yo pou kὸz Bὸn Nouvѐl la. Amѐn.
PWOPOZISYON: Lapriyѐ pou tout moun,
tout peyi kote moun ap sibi pѐsekisyon pou kὸz Bὸn Nouvѐl Jezikri a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario