Koulè Blan
JAN KI SEN,
Apot, Evanjelis
(Fèt)
PREMYE MOSO
LABIB
“Sa nou wè a
ak sa nou tande a, nou anonse nou li”
KÒMANSMAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 1, 1-4
Nou menm mwen renmen anpil la:
Sa k’ te nan kòmansman an, sa nou te tande a, sa nou te
wè ak je nou yo, sa nou te konsidere a, sa men nou te touche a nan pawòl lavi a;
Lavi a manifeste, nou wè, nou sèvi temwen, nou anonse nou lavi tout tan an, ki
te kot Papa a epi ki parèt devan nou an. Sa nou wè a, nou tande a, nou anonse l’
ba nou, pou nou kapab gen patisipasyon avèk nou, pou patisipasyon nou avèk Papa
a avèk Pitit li a, Jezikri. Nou ekri nou bagay sa yo pou nou gen kè kontan, pou
kè kontan nou an plen nèt.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 96,
1-2. 5-6. 11-12
R/ Fete nan
Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo.
Granmèt la wa, tè a danse, pakèt zile
yo kontan.
Nyaj yo ak bouya antoure l’, jistis
ak jijman se platfòm twòn li.
Mòn yo fonn tankou lasi devan fas
Granmèt la, devan fas Granmèt tout tè a.
Syèl yo anonse jistis li, tout pèp yo
wè glwa l’.R.
Limyè a leve pou moun ki kòrèk la, ak
kè kontan pou kè ki dwat yo,
Fete nan Granmèt la, nou menm ki
kòrèk yo,
fè konpliman pou souvni l’ ki sen.R.
LEVANJIL
“Lòt disip
sa a kouri devan pi vit pase Pyè, li rive an premye bò kavo a”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 20, 2-8
Premye jou semèn nan, Mari Madlèn kouri vin kot Simon
Pyè ak lòt disip la, sa Jezi te renmn an, li di yo: “Yo leve Granmèt la sot nan
kavo a, nou pa konnen kote yo depoze li”.
Pyè sòti, ni lòt disip sa a, yo rive kot kavo a. Yo t’ap
kouri yo tou le de ansanm, lòt disip sa a te kouri pi vit pase Pyè, li rive an
premye nan kavo a. Lè l’ panche, li wè bann twal yo ki poze atè a; men li pa
antre. Simon ki t’ap suiv li vin rive tou, li antre nan kavo a, li wè bann twal
yo ki poze atè a, ak mouchwa ki te sou tèt li a, men ki pa t’ poze avèk bann twal
yo, li te vlope apa yon kote. Lè sa a atò lòt disip sa a antre, li menm ki te
vin an premye bò kavo a, li wè, li kwè.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan
premye moso Labib la Apot Jan ke n’ap fete jodi a vin di nou ke Jezi Pitit
Bondye a te deja ekziste anvan tout bagay. Se
“Lavi tout tan, ki te kot Papa a epi ki parèt devan nou an”. Avèk Jezi Bondye
vin vizite nou. Li fè l’ tounen moun pou l’ kapab vin viv nan mitan nou. Li vini
tou pou l’ te ka montre n’ chemen kote Papa a ye a. Avèk Jezi, Bondye vin fè
yon lòt Alyans avèk pèp li a. Se poutèt sa moun ki tande pawòl li a ap gen lavi
ki p’ap janm fini an, paske Bondye n’ap sèvi a se Bondye lavi li ye; se li menm
ki sous lavi a. Men malerezman lèzòm pa resevwa l’; yo pa rekonèt se Pitit
Bondye li ye’ se poutèt sa yo klouwe l’ sou yon kwa. Men
Bondye Granmèt ki gen tout pouvwa fè l’ leve byen vivan pami mò yo.
Se Bòn nouvèl sa a nou jwenn nan Levanjil la ki envite
nou viv fèt Nwèl la, ki vle di Jezi Pitit Bondye a vin viv nan mitan nou. Se menn
Jezi sa a ke nou pral touye sou kwa a men Bondye ap fè l’ leve byen vivan. Se
konsa Levanjil la di nou ke Mari Madlèn al jwenn Apot Pyè ak Jan (disip Jezi pi
renmen an), li di yo ke gen moun ki gen lè volè kò Jezi kote li te antere a,
paske li pa jwenn li. Apot yo kouri al nan kav la, Pyè antre an premye epi Jan
suiv li; se konsa jan Mari madlèn te di a, yo rive nan kavo a, yo pa jwenn kò
Jezi. Se lè sa a disip Jezi pi renmen an vin sonje tout pawòl Jezi te di yo
anvan li te mouri. Se lè sa a li di Pyè ke Granmèt pa nan kav la, li leve byen
vivan, li pa nan mitan mò yo, li monte l’al jwenn Papa a jan li te di nou an.
Se Bòn Nouvèl sa a li voye n’ al bay tout patizan yo. Menm jan ak Apot Pyè ak
Jan ke n’ap fete jodi a, Bondye voye nou pote Bòn Nouvèl sa toupatou pou nou
kapab envite tout moun prepare kè yo pou yo reseswa Jezi Pitit Bondye k’ap vin
viv nan mitan nou.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki louvri sekrè Pawòl ou a ba nou
pa lentèmedyè apot Jan ki sen, tanpri, sa li menm li te vide nan zòrèy nou si
tèlman byen an, fè nou sezi l’ avèk fòmasyon entelijans ki gen kapasite. Tanpri ede n’
bati ansanm yon sosyete kote lanmou ak lajistis kapab triyonfe. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Kijan m’ap prepare mwen pou mwen akeyi Pitit Bondye a
k’ap vin nan kè mwen chak jou epi ki gen pou vini kòm Jij pou jije tè a?
No hay comentarios:
Publicar un comentario