Koulè
Wouj
INOSAN
YO KI SEN, Mati
(Fèt)
PREMYE
MOSO LABIB
“San
Jezikri pwòpte nou sot nan tout peche”
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 1, 5-2, 2
Nou menm mwen renmen anpil la:
Men mesaj la nou te tande nan Jezikri
a epi nou te anonse nou an: Bondye se limyè, pa gen okenn fènwa nan li. Si nou
di nou se zanmi l’ epi n’ap mache nan fènwa, nou fè manti, nou pa fè verite; men
si n’ap mache nan limyè, menm jan li menm li nan limyè a, nou youn zanmi lòt,
san Jezikri, Pitit li a, pwòpte nou sot nan tout peche.
Si nou di nou pa gen peche, nou twonpe
pwòp tèt nou, verite a pa nan nou. Si nou konfésé péché nou yo, li fidèl, li
kòrèk, pou l’ padonnen nou peche nou yo, pou l’ pwòpte nou sot nan tout fot. Si
nou di nou pa fè peche, nou fè manti, pawòl li a pa nan nou.
Ti pitit mwen yo, mwen ekri nou sa
pou nou pa fè peche; men si yon moun fè peche, nou gen yon avoka kot Papa a, se
Jezikri ki kòrèk, li menm li se padon pou peche nou yo; pa pou peche nou yo
sèlman, men pou peche tout tè a tou.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
123, 2-3. 4-5. 7b-8
R/
Nan nou tankou yon zwazo ki chape sot
nan pyèj chase yo.
Si Granmèt la
pa t’ nan nou, lè moun yo leve kont nou an,
Petèt se tou vivan yo t’ap vale nou, lè raj yo t’ap
boule kont nou an.R.
Petèt dlo a t’ap nwaye nou, rivyè a t’ap pase anlè tèt
nou, petèt yo t’ap pase anlè tèt nou, dlo yo k’ap bouyi yo.R.
Pyèj la kraze, nou menm nou chape, sekou nou o non
Granmèt la, ki fè syèl la ak tè a.R.
LEVANJIL
“Ewòd touye
tout ti gason, ki te nan Bètleyèm”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 2, 13-18
Lè maj yo pati, men zanj Granmèt la parèt nan sonj devan
Jozèf, li di: “Leve, pran ti pitit la ak manman l’, sove kò ou nan Ejip, rete
la joustan m’a di ou; sèke Ewòd a pral chèche ti pitit la pou l’ touye li”.
Li leve, li pran ti pitit la ak manman l’ nannuit la,
li pati Ejip. Li rete la joustan Ewòd mouri, pou pawòl Granmèt la te di pa lentèmedyè
Pwofèt la te kapab reyalize: “M’ap rele pitit mwen an sot Ejip”.
Lè sa a atò, Ewòd wè kijan maj yo te twonpe l’, li
fache anpil; li voye touye tout ti gason ki te nan Bètleyèm ak tout alantou Bètleyèm
yo, depi dezan avèk pi ba, daprè tan li te kalkile sou sa maj yo te di a.
Lè sa a atò pawòl pwofèt Jeremi an reyalize: Yo tande
yon vwa nan Rama, l’ap kriye, l’ap rele anpil: Rachèl k’ap kriye pou pitit li
yo, li pa vle yo konsole l’, paske yo mouri”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Levanjil jodi a vle
montre nou depi lontan lèzòm jalou, yo egoyis, yo renmen pouvwa, youn ap
dechire lòt. Nan yon fason espesyal, Legliz la prezante nou tout ti inosan sa
yo ki t’ap mouri paske wa Ewòd te aprann gen yon lòt wa Toupuisan ki gen pou
vini; kidonk li pa t’ vle pèdi plas li. Se
konsa li te mande pou touye tout ti gason ki te fèt nan epòk sa. Nan yon fason
oubyen yon lòt timoun sa yo mouri mati pou Jezi san yo pa t’ ko menm gen
lespri. Levanjil la kapab ede nou konprann tou sitiyasyon k’ap pase nan zafè
migrasyon nan mond lan, men yon fason espesyal pi pre nou la a nan fwontyè nou
genyen ant Ayiti ak Ladominikani. Nou kapab rann nou kont Jezi li menm tou li
te viv sitiyason emigre a tou: li te oblije kite lakay li pou li t’al refijye
li nan yon lòt kote pou li pa t’ mouri. Tout
sa kapab ede nou konprann ke afè migrasyon an pa yon dezonè. Nenpòt ki moun
depi li santi lavi li menase li kapab al chache yon lòt kote pou repoze tèt li.
Nan tan pa nou an, koz yo anpil, nou genyen grangou, lamizè, pèsekisyon
politik, elatriye, k’ap fè moun yo kite kay yo pou yo kapab al chache yon lavi
pi trankil, yon lavi miyò.
Li
enpòtan pou nou trete moun sa yo ak diyite paske malgre sitiyasyon lavi yo, se
pitit Bondye yo ye. E lè dwa sa yo pa respekte, li enpòtan pou nou mande
otorite konpetan yo pou travay pou yo kapab respekte, paske se yon dwa nou
genyen kòm moun. Nan levanjil la tou nou kapab kontanple kesyon obeyisans la
tou. Jozèf pa t’ fè tèt di lè Bondye te pale ak li. Pou li te kapab sove lavi
ti Jezi li te leve nan mitan lannuit la ansanm ak fanmi li, san li pa t’ menm konn
kote yo t’a prale, yo t’ap chache yon kote pou refijye tèt yo. Li enpòtan pou
mesye marye yo kapab pran ekzanp Jozèf la nan fanmi yo, se pa fè timoun nan epi
lage manman, li enpòtan pou mesye yo kapab sèvi bon anj gadyen pou fanmiy yo,
pou yo kapab sousye pou madanm yo, pitit yo. Yon lòt fwa ankò Jezi montre nou
lavi a pa fasil, pèsekisyon n’ap toujou jwenn sa, paske li menm tou li te
soufri, yo te pèsekite li. Kidonk soufrans sa yo pa dwe sèvi baryè pou nou
sispann lite nan lavi nou. Konfyans nou dwe toujou rete nan Bondye paske se li
menm sèlman ki kapab ba nou limyè nou merite pou nou kapab depase sitiyasyon
difisil yo. Pandan n’ap batay pou konbat enjistis nan sosyete nou yo ann fè
jefò chak jou pi plis pou nou kapab mete konfyans nou nan Bondye nou an.
LAPRIYÈ: Bondye,
ou menm jodi a mati inosan yo fè lwanj ou san yo pa pale men nan mouri yo mouri
a tanpri, fè lafwa w’ la, lang nou ap deklare a, nou deklare l’ tou nan konduit
nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap fè efò pou
m’ kontribiye nan fè respekte dwa tout timoun.
No hay comentarios:
Publicar un comentario