Páginas

DIMANCH 29

Koulè Blan
DIMANCH ANNDAN SEMÈN NESANS GRANMÈT LA
FÈT FANMI JEZI, MARI AK JOZÈF KI SEN AN
PREMYE MOSO LABIB
“Moun ki respekte Granmèt la, li gen konsiderasyon pou paran l’ yo”
NAN LIV SIRASID   3,3-7. 14-17a
Bondye fè papa a jwenn konsiderasyon nan pitit yo, li asire jijman manman an sou pitit yo. Moun ki renmen Bondye, l’ap jwenn padon pou peche yo, l’ap kenbe kò l’ lwen yo, nan lapriyè chak jou l’ap jwenn sa l’ap mande a. Epi, tankou moun k’ap ranmase richès, se konsa moun ki gen konsiderasyon pou manman l’; moun ki gen konsiderasyon pou papa l’, l’ap jwenn kontantman nan pitit yo, jou lapriyè l’, l’ap jwenn sa l’ mande a. Moun ki gen konsiderasyon pou papa l’, l’ap viv lontan; moun ki obeyi papa a, l’ap rafrechi kè manman an. Pitit mwen, sipòte vyeyès papa ou, pa fè l’ lapenn nan lavi l’; epi si lespri l’ febli, padonnen l’, pa meprize l’ nan fòs ou a; yo p’ap bliye charite ou fè papa a; nan plas peche manman an se byen y’ap renmèt ou, y’ap bati l’ pou ou nan jistis la.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.        
SÒM REPONS 127, 1-2. 3. 4-5
Se chans pou moun ki respekte Granmèt la, k’ap mache nan chemen l’ yo.
Se chans pou tout moun ki respekte Granmèt la, k’ap mache nan chemen l’ yo.
Se travay men ou w’ap manje, se chans pou ou, sa ap bon pou ou.R.
Madanm ou tankou pye rezen ki byen donnen sou miray lakay ou;
pitit ou yo tankou jèn ti pye oliv toutotou tab ou a.R.
Men se konsa moun nan beni, sa k’ respekte Granmèt la.
Granmèt la ap beni ou sot nan Siyon,
W’ap wè byen Jerizalèm yo toulejou lavi ou.R.
 DEZYÈM MOSO LABIB
“Lavi fanmi an nan Granmèt la”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU KOLOSYEN YO 3,12-21
Frè m’ yo:
Tankou moun Bondye chwazi, ki sen, moun li renmen, abiye nou ak zantray kè sansib, bon jan, santiman ki fè nou rabese tèt nou, senplisite, pasyans, antan nou youn sipòte lòt, antan nou youn padonnen lòt; si youn gen yon ti kont pou l’ regle ak lòt la: tankou Granmèt la te padonnen nou, se konsa pou nou fè nou menm tou, epi anlè tout bagay, se pou nou gen charite sa a ki chenn nan, k’ap fè nou fin bon nèt la, se pou kè poze Jezikri danse nan kè nou, se pousa menm yo te rele nou nan yon sèl kò, epi di Bondye mèsi.
Se pou pawòl Jezikri a abite nan nou an kantite, nan tout kalite bon konprann, se pou youn bay lòt lansèyman, pou youn bay lòt avètisman avèk sòm, chante sakre, kantik Lespri a, se pou nou chante pou Bondye nan kè nou nan favè a; tout sa n’ap fè nan pawòl oubyen nan aksyon, se pou nou fè yo tout o non Granmèt Jezikri, antan n’ap di Bondye Papa a mèsi pa lentèmedyè l’.
Medam yo, se pou nou obeyi Mari nou, jan sa dwe fèt, nan Granmèt la. Mari yo, se pou nou renmen madanm nou, pa fè move jan avèk yo. Ti moun yo, se pou nou obeyi paran yo nan tout bagay; se sa ki fè Granmèt la plezi. Papa yo, pa ekssite pitit nou yo, pou nou pa dekouraje yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.        
LEVANJIL
“Pran pitit la ak manman l’, sove kò ou nan Lejip”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 2, 13-15. 19-23
Lè Maj yo tounen, men Mesaje Granmèt la parèt nan rèv devan Jozèf, li di: “Leve, pran pitit la ak manman l’, sove kò ou nan Lejip; rete laba-a joustan m’a di ou: sèke Ewòd a pral chèche pitit la pou l’ touye li”. Li leve, li pran pitit la ak manman l’ nan nuit la, li pati nan Lejip. Li te rete laba-a joustan Ewòd mouri, pou sa.Granmèt la te di pa lentèmedyè Pwofèt la te kapab reyalize: “Mwen rele pitit mwen an sot Lejip”.
Lè Ewòd fin mouri, men Mesaje Granmèt la parèt nan rèv devan Jozèf nan Lejip la, li di: “Leve, pran pitit la ak manman l’, al nan peyi Izrayèl la, sèke yo mouri, sila yo ki t’ap chèche lavi pitit la. Li leve, li pran pitit la ak manman l’, li rive nan peyi Izrayèl.
Lè l’ tande se Akealous ki t’ap kòmande nan Lajide nan plas Ewòd papa l’, li pè al la; li jwenn avètisman nan rèv, li pati nan rejyon Galile yo. Lè l’ rive, li abite nan yon vil yo rele Nazarèt, pou sa Bondye te di pa lentèmedyè Pwofèt yo te kapab reyalize: “Y’ap rele l’ Nazareyen”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Legliz la, nan Tan Nwèl la, ap fete jodi a fèt Lasent Fami: fèt Mari, Jozèf ak Jezi. Se fèt fratènite, fèt renmen familyal, fèt amoni nan fanmi an. Se fèt fanmi Bondye a. Yon fanmi ki gen Bondye nan lavi l’, li kite se Bondye ki sant li ; sa fè pa gen anyen ki koz kè kase nan fwaye, menm si gen pwoblèm maladi ak pwoblèm ekonomik, sa pa fè yo pè paske se Bondye k’ap dirije fanmi an.Puiske li prezan nan fwaye a, okenn mal pa ka anpare yo, mechan p’ap gen laviktwa sou yo, paske Bondye p’ap janm kite pitit li yo peri. Poutèt sa, «se chans pou moun yo ki plante nan kè yo pawòl Bondye a pou yo fè l’ donnen». Tichan sa, ki sanble ak sòm repons la (sòm127) vle ramne nou tou pre Bondye. Li menm ki te pale, pa lentèmedyè zanj la, ak Jozèf pou li sòti al peyi Lejip ak pitit la ansanm ak manman l’, pou wa Ewòd pa t’ touye ti gason an. Jozèf kòm papa nan fanmi sa a kite Bondye dirije l’, li lage l’ bay Bondye. Se konsa fanmi ki gen Bondye nan li a p’ap manke benediksyon, Bondye ap toujou avèk l’. Menm jan ak Jozèf, Mari ak Jezi (fanmi Nazarèt la), an nou bay Bondye premye plas nan fanmi an pou lapè, tèt ansanm, lajwa ak lavi ka enstale nan fanmi nou yo, nan fwaye nou yo.
Premye lekti nou sot tande a souliye enpòtans katriyèm kòmandman : Renmen papa w’ak manman w’.Se chans pou moun ki respekte papa yo ak manman yo. Moun sa yo ap jwenn favè Bondye. Renmen papa w’ ak manman vle di, selon liv Sirasid la, gen konsiderasyon pou yo, pran swen yo, asire vyeyès yo. Sen Pòl mande nou tou pou nou obeyi papa n’ak manman n’, pou nou pa derespekte yo ; pou papa yo tou renmen pitit yo, pa di yo move mo, pou yo pa dekouraje, pa abandone yo, pa neglije fè edikasyon yo. Se pou gen tèt ansanm nan fanmi an, pou mari konprann madanm, pou madanm obeyi mari yo, youn respekte lòt. Konsa fanmi an ap baze sou laverite, sou dyalòg, sou renmen. Se pou fanmi nou yo sanble ak fanmi Nazarèt la. Se pou tout manman yo kopye sou Mari, se pou tout papa yo pran ekzanp sou Jozèf, se pou tout ti moun yo kopye modèl obeyisans Jezi. Se pou fanmi nou yo mete Jezi nan mitan yo, se pou yo envite li nan tout aktivite y’ap antreprann. Si Jezi la, li p’ap kite fwaye nou kraze, l’ap sove nou ; l’ap toujou ban ou lebra.
LAPRIYÈ : Bondye, ou menm ki ba nou bèl ekzanp Fanmi ki sen an, fè nou favè, tanpri, pou, antan n’ap suiv li nan bèl kalite nou dwe genyen anndan kay la ak nan chenn renmen an, nou rive jwi rekonpans tout tan yo nan kè kontan lakay ou a. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON : Bay Bondye premye plas nan fanmi an pou lapè ak linyon sèvi zouti pou gen bon jan dyalòg ak renmen anndan fanmi an.

No hay comentarios:

Publicar un comentario