Koulè
Blan
6èm JOU ANNDAN SEMÈN NESANS GRANMÈT LA
PREMYE MOSO LABIB
“Moun ki fè volonte Bondye, li dire tout tan”
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 2,
12-17
Mwen ekri nou, ti pitit mwen yo,
paske peche nou yo padonnen poutèt non l’. Mwen ekri nou, papa yo, paske nou
konnen sa a ki la depi nan kòmansman an. Mwen ekri nou, jèn jan yo, paske nou
ranpòte laviktwa sou move a. Mwen ekri nou, timoun yo, paske nou konnen Papa a.
Mwen ekri nou, jèn jan yo, paske nou gen fòs, epi pawòl Bondye a rete nan nou, epi
nou ranpòte laviktwa sou move a.
Pa renmen tè a, ni bagay ki sou
tè a. Si yon moun renmen tè a, charite Papa a pa nan li. Sèke tout bagay ki sou
tè a se move atirans chè a, avèk move atirans je yo, avèk logèy lavi a ;
sa pa vin sot nan Papa a, men se nan tè a li sòti. Tè a ap pase, ni move
atirans li a ; men moun ki fè volonte Bondye a l’ap dire tout tan.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 95, 7-8a. 8b-9. 10
R/ Se pou syèl
yo kontan, pou tè a danse.
Pote bay Granmèt la, fanmi pèp
yo, pote bay Granmèt la glwa ak pouvwa,
pote bay Granmèt la glwa non l’.R.
Pote sakrifis, antre nan lakou l’
yo, adore Granmèt la nan bèlte l’ ki sen an.
Tranble devan fas li, tout tè a.R.
Di nan nasyon yo : «Granmèt
la roua». L’ap drese fas tè a pou l’ pa souke ;
l’ap jije pèp yo nan jistis.R.
LEVANJIL
“Li t’ap pale osijè l’ak tout moun yo ki t’ap tann redanmsyon Izrayèl la”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 2, 36-40
Lè sa a :
Te gen Án, madanm ki pwofèt la,
pitit fi Fanwèl la, nan ras Asè a ; li te granmoun anpil, li te viv avèk
mari l’ pandan sèt ane depi li te vyèj. Li te ret vèv jous nan katreven-katran,
li pa t’ kite Tanp la, li t’ap sèvi Bondye nan jèn ak lapriyè lannuit ak lajounen.
Nan menm lè sa a, li vin rive tou, l’ap fè lwanj Granmèt la, l’ap pale osijè l’avèk
tout moun ki t’ap tann redanmsyon Izrayèl la. Lè yo fin regle tout bagay daprè
lalwa Granmèt la, yo tounen nan Galile, nan vil yo a Nazarèt.
Kanta pitit la menm li t’ap devlope,
li t’ap gen plis fòs, li te plen ak sajès, gras Bondye a te nan li.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Frè ak sè m’ yo, tout pèp Bondye a te kontan
selebre gwo kokenn mèvèy Nesans Granmèt nou an, Sila a Bondye Papa a voye sou
latè, nan mitan nou pou vin pote limyè Bòn Nouvèl Wayòm li an. Se menm rezon sa
a ki fè Apot Jan ki sen, nan lèt li a, kite bon jan ekzòtasyon sa yo pou moun
ki akeyi Pawòl Bondye a, ki se Jezi menm ki te pran chè nan vant Mari ki Vyèj
la. Tout moun san eksepsyon, kit li gran, kit li jèn, kit li piti, depi l’ viv
daprè Sajès Pawòl Bondye, l’ap mache viktwa sou viktwa. Apot la fè yo sonje sa,
paske yo se sila yo ki pote laviktwa sou peche ak sou lanmò a, gras a san Kris
la ki te koule a. Deja Batèm nan te fè nou tounen pitit Limyè a, li dwe kontinye
fè nou klere sou fas tè a nan aksyon ak nan pawòl nou yo. Apot la ap fè nou
sonje tou kòman se koze pa Bondye a pou nou chache regle nan lavi nou.Nou dwe
gade nan direksyon pwomès Bondye fè nou an jistan nou rive patisipe avèk Jezi
nan bèlte li a bò kote Papa li. Se pou sa nou dwe viv daprè Pawòl Bondye a, pou
nou vrèman pote yon chanjman radikal nan fason n’ap viv sou tè a. Nou fèt pou n’
viv valè levanjil la avèk anpil lafwa, avèk anpil renmen, avèk anpil lesperans
ak pèseverans.
Nan levanjil la yo pale n’ de Án, madanm pwofèt la ki te konsakre tout lavi
l’ nèt nan sèvis Bondye Vivan an nan tanp lan. Se yon bèl ekzanp pou nou lè n’
wè menm nan laj avanse li genyen an li te toujou ap pale de Sila a Bondye te
gen pou l’ voye pou delivre pèp li a. N’ap sonje se li k’ te anonse Mari manman
Jezi nan tanp lan kote Jezi Pitit li a ap tounen yon pèsonjaj enpòtan nan Izrayèl,
kote li ta pral yon siy inite ak divizyon, men Mari li menm ta pral santi
zantray ap dechire tèlman l’ap soufri. Sa nou dwe konprann, sèke kèlkeswa laj
nou genyen nou kapab akeyi Pawòl Bondye a, nou kapab viv reyalite lafwa nou an
depi n’ rive nan laj larezon jiskaske n’ vin granmoun. Nou kapab konprann
Granmèt la pa janm bouke travay nan nou epi li toujou ap pouse nou pou n’ pote
bay tout moun ki poko rankontre ak Jezi bèl mesaj Wayòm li an, yon mesaj renmen,
delivrans, lavi, padon an, jistis, tèt ansanm, kè poze a, kè kontan an.Se yon
mesaj ki bay anpil lespwa.
Vini Jezi a vin pote anpil chanjman nan yon sosyete kote moun yo ap viv
tankou yon bann mouton san gadyen. Vini Jezi a fè limanite vin nouvo, kote li
rasanble nou nan yon sèl kò ki ini nan fè sa Bondye vle ; kò sa a, se kò
Jezi a menm, paske lè nou fè sa li mande n’ nan, li fè yon sèl avèk nou epi li
konekte nou avèk Papa li. Moun ki koute li, se Papa a li koute ; moun ki
meprize li, se Papa a li meprize. Se pou tout kretyen sou latè aprann kite
rankont yo ak Jezi transfòme yo epi mete nan yo bon jan motivasyon pou yo viv
epi temwanye Bòn Nouvèl Wayòm nan sou fas tè a. Se pou Lespri Bondye a nou
resevwa nan batèm nou an aprann nou dekouvri kòman, yon fason oubyen yon lòt,
nou tout se moun Jezikri rele pou nou temwanye non li epi pou nou vin tounen
moun ki devwe nan sèvis lòt yo ak nan pwopaje bèl mesaj kè kontan an, kè poze a
ak renmen an toupatou.
LAPRIYÈ : Fè nou favè, tanpri, Bondye ki gen tout pouvwa, pou nouvo nesans Sèl Pitit
ou a nan chè a delivre nou, nou menm ansyen esklavaj la te kenbe anba jouk
peche a. Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON : An nou
montre Sovè a nan mitan nou, antan n’ap evite di move pawòl pou ofanse lòt yo
epi poze aksyon ki pote lavi pou sila yo ki pi fèb nan sosyete a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario