Koulè
Blan
7èm JOU ANNDAN SEMÈN NESANS GRANMÈT LA
PREMYE MOSO LABIB
“Nou gen konsekrasyon an nan men Lespri a, nou konnen tout bagay”
NAN PREMYE
LÈT APOT JAN KI SEN 2, 18-21
Ti Pitit mwen yo, dènye lè a rive;
jan nou te tande a, Antikris la rive, koulye a gen anpil ki vin tounen
Antikris; se pousa nou konnen dènye lè a rive. Se nan nou yo sòti, men yo pa t’
disip nou; paske, si yo te disip nou, yo ta rete avèk nou sèten; men se pou yo
kapab parèt klè se pa disip nou yo te ye.
Men nou menm nou gen konsekrasyon
an ki sot nan Sen an, epi nou konnen tout bagay. Mwen pa ekri nou paske nou pa
konnen verite a, men antan nou konnen l’, epi paske okenn manti pa sot nan verite
a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 95, 1-2. 11-12. 13
R/ Se pou syèl
yo kontan, pou tè a danse.
Chante pou Granmèt la yon kantik
nouvo, chante pou Granmèt la, tout tè a.
Chante pou Granmèt la, fè
konpliman pou li.R.
Se pou syèl yo kontan, pou tè a
danse, pou lanmè a sonnen ansanm ak tout sa k’ plen l’, jaden yo ap kontan
ansanm ak tout sa ki nan yo. Lè sa a tout bwa nan rak yo ap danse.R.
Devan fas Granmèt la, paske l’ap
vini, paske l’ap vini pou l’ jije tè a. L’ap
jije fas tè a nan jistis, epi pèp yo nan verite l’.R.
LEVANJIL
“Pawòl la vin tounen chè”
KÒMANSMAN LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ
JAN 1, 1-18
Nan kòmansman se te Pawòl la, Pawòl
la te kot Bondye, Pawòl la te Bondye.
Li te kot Bondye nan kòmansman.
Tout bagay te fèt pa lentèmedyè l’, san li menm anyen pa t’ fèt nan sa k’ te
fèt.
Nan li se te lavi, lavi a se te
limyè lèzòm ; limyè a klere nan fènwa, fènwa yo pa vlope l’.
Gen yon moun Bondye voye, yo te rele
l’ Jan. Li te vini nan temwayaj, pou l’ sèvi limyè a temwen, pou tout moun te
kapab kwè pa lentèmedyè l’. Li pa t’ limyè li menm, men se pou l’ te kapab sèvi
limyè a temwen.
Te gen vrè limyè a, sa k’ klere
tout moun k’ap vin sou tè sa a. Li te sou tè a, se pa lentèmedyè l’ tè a te
fèt, men tè a pa t’ rekonèt li ; li vin lakay li, moun lakay li pa t’ resevwa
l’.
Men tout moun ki te resevwa l’,
li ba yo pouvwa pou yo vin tounen pitit Bondye, yo menm ki kwè o non l’, ki pa
fèt sot nan san yo, ni nan volonte chè a, ni nan volonte gason, men ki fèt sot
nan Bondye.
Pawòl la vin tounen chè, li abite
nan nou ; nou wè glwa li, glwa tankou pa Sèl Pitit la ki sot nan Papa a,
plen gras ak verite.
Jan sèvi l’ temwen, li rele byen
fò, li di: “Sa a, se osijè l’ mwen te di: “Sa a k’ap vini apre m’ nan, li plase
anvan m’, paske li te la anvan mwen”.
Nan sa l’ plen an, nou tout nou resevwa,
epi gras pou gras. Sèke lalwa a yo te bay li pa lentèmedyè Moyiz, gras la ak verite
a menm se pa lentèmedyè Jezikri li rive. Bondye, pèsòn pa janm wè l’ ; sèl
Pitit la, ki nan vant Papa a, li menm li montre l’.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Nan premye lekti nou sot li a, Apot Jan vle pote
limyè sou atitid yon ekip moun ki te te yon ti jan endiferan sou sou koze leven
byen vivan Jezikri a. Apot la ekri pou l’ankouraje sa ki rete fèm yo pou yo pa
kite sitiasyon sa a panike yo. Li gen konvikyon ke moun ki t’ap viv reyalite
lafwa nan Jezikri a pa ka kite li, paske pyès moun pa janm kite yon bagay ki
bon pou yon lòt ki pa bon, sof si l’ pa ta pran konsyans de sa. Se yon fason
pou l’envite disip ki fidèl yo pou yo pèsevere nan lafwa yo te resevwa a epi
respekte libète lòt ki pa ta vle kwè yo. Sa ki non sèlman pa kwè yo epi k’ap
pwofese yon lòt bagay ki pa koresponn ak sa Jezikri te anseye nou an, se sa nou
kapab rele Antikris la. Sa ki pa temwanye valè levanjil la vin tounen opozan
valè sa yo epi an menm tan tounen yon antikris.
Levanjil Jan an prezante
nou yon ti rezime sou istwa delivrans la. Jezi se pèsonaj santral la. Jan ap di
nou : Jezi se te Pawòl sa a ki te la depi avan kreyasyon an. Pawòl sa a te
vin tounen moun nan vant Mari ki Vyèj, Pawòl sa a se te Jezi li menm yo t’ap
chèche pou touye a men Bondye te pwoteje li, li te voye l’an Ejip sou
pwoteksyon paran l’ yo. Limyè a ki klere nan fènwa a, se Jezikri ki pote Bòn
Nouvèl kè poze a pou limanite. Moun k’ap viv sou tè a te prefere rete nan fènwa
olye yo louvri yo ak limyè a. Se konsa anpil otorite te akize Jezi de moun kòmkwa
l’ap pale manti, yo te di l’ap mete konfizyon nan tèt pèp la, li di li se Pitit
Bondye e li se Bondye, li di l’ap kraze tanp lan pou l’ rebati l’ nan twa jou.
Tout sa yo pa t’
konprann nan Pawòl Jezi t’ap anonse yo te tankou yon gwo boukan dife ki t’ap
anflame yo. Men Jezi te aksepte tout akizasyon yo epi l’ te anonse moun ki te
kwè nan li yo sa ki gen pou rive l’. Jezi te anonse Wayòm Bondye a tankou yon
reyalite k’ap vanse tipa tipa. Li bay anpil parabòl kote l’ sèvi ak imaj,
konparezon pou l’ede moun yo konprann reyalite wayòm nan, reyalite konvèsyon an
ki dwe kòmanse antan chak moun ap pran konsyans sou nesesite pou li chanje tout
move mannyè li genyen nan lavi li. Konsa kretyen yo, moun ki kwè nan Pawòl Jezi
yo epi ki batize, k’ap viv daprè lansèyman Granmèt la, yo vin tounen Pitit Bondye,
Pitit Wayòm nan, frè Jezikri, Tanp Lespri Sen an, Pèp Bondye a. Yo menm yo se
veritab moun ki pote laviktwa sou peche a, sou tè a ak tout antikris la, ak
tout antivalè ki ladan yo. Konsa tou kretyen yo vin tounen limyè ak sèl pou tè
a jan Jezi li menm li te di sa.Yo vin tounen moun k’ap travay pou tabli Wayòm
Bondye a sou tout fas tè a, sila yo k’ap pratike bon zèv, sila a yo ki chita
tout aksyon yo sou renmen Jezikri te manifeste pou linivè antye.
Tout sila a yo ki akeyi mesaj
Jezi a, yo fè eksperyans lanmò ak leve byen vivan l’ lan, pa sèlman jou batèm,
me tou se chak jou nan lavi yo. Se sa k’ fè Jezi te mande tout moun ki vle vin
disip li pou yo pote kwa yo chak jou. Se pou Granmèt Jezi aprann nou pran
konsyans sou sa ki poto mitan lafwa nou an, pou n’ rive reyèlman vre bay tout
lavi nou nan sèvis levanjil la, nan sèvis frè ak sè nou yo.
LAPRIYÈ : Bondye ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout
tan, ou menm ki fè ni kòmansman ni finisman tout relijyon an reyalize nan
nesans Pitit ou a, tanpri, fè nou favè pou nou fè pati pòsyon l’ sa a, kote
tout sove lèzòm sove a jwenn sa k’ fè l’ fin kòrèk nèt la. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Mande Jezi pou li fè sa
li vle ak ou, paske ou se pou li. Pran yon ti moman pandan jounen sa pou medite
sou pawòl Granmèt la. Tande vwa li k’ap pale ak ou nan silans.
No hay comentarios:
Publicar un comentario