Koulè
Vyolèt
PREMYE
MOSO LABIB
« Gen yon zetwal k’ap leve sot nan
Jakòb »
NAN
LIV NONB 24, 2-7. 15
17a
Jou sa yo :
Balaam leve je l’ li wè Izrayèl ki
enstale nan tant yo daprè fanmi yo ; Lespri Bondye a tonbe sou li, li pran pale
parabòl, li di :
«Balaam deklare, li menm pitit Beò,
mesye a di, li menm je l’ fèmen an ; li di, li menm k’ap koute pawòl Bondye yo,
li menm ki konnen ansèyman Sa a ki anwo nèt la, epi ki wè vizyon Sa a ki gen
tout pouvwa a, li menm ki tonbe, epi se konsa je l’ louvri a.
Ala bèl yo bèl, tant ou yo, Jakòb !
ak kote ou fè ladesant yo, Izrayèl ! Tankou gòj k’al byen lwen, tankou jaden ki
wouze bò rivyè, tankou tant Granmèt la fikse, tankou pye sèd tou pre dlo yo. Se pou dlo koule sot
nan bokit li, desandans li ap nan anpil dlo. Y’ap pran wa li a
poutèt Agag, y’ap wete peyi wa li a».
Li pran parabòl
ankò, li di:
«Balaam deklare, li
menm pitit Beò, mesye a di, li menm je l’ fèmen an ; li di, li menm k’ap koute
pawòl Bondye yo, li menm ki konnen ansèyman Sa a ki anwo nèt la, epi ki wè
vizyon Sa a ki gen tout pouvwa a, li menm ki tonbe epi ki gen je l’ louvri
yo. Mwen wè l’, men se pa koulye a ;
mwen apèsi l’, men se pa tou pre. Yon zetwal ap leve sot nan Jakòb, yon ramo ap
leve sot nan Izrayèl ; l’ap frape chèf Moab yo, l’ap gaye tout pitit Sèt yo».
Pawòl Granmèt
la.
R/Mèsi Bondye,
mèsi.
SÒM REPONS 24, 4bc-5ab.
6-7bc. 8-9
R/ Santye ou yo,
Granmèt, aprann mwen yo.
Chemen ou yo, Granmèt,
montre m’ yo, santye ou yo, aprann mwen yo.
Dirije m’ nan santye
ou la, ban m’ leson, paske ou se Bondye delivrans mwen.R.
Sonje bon kè ou,
Granmèt, ak kè sansib ou yo, paske se depi tout tan yo ekziste, daprè kè sansib
ou, sonje m’, poutèt bon kè ou, Granmèt.R.
Granmèt la bon, li
dwat, se pousa l’ap aprann moun ki nan peche yo chemen an ; l’ap kondui moun ki
dosil yo nan jijman an ; l’ap aprann moun ki dou yo chemen l’ yo.R.
LEVANJIL
« Batèm Jan an,
kote l’ te sòti !»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
21, 23-27
Lè sa a :
Lè Jezi antre nan Tanp
la, pandan l’ap bay ansèyman, chèf prèt yo pwoche kote l’ansanm ak ansyen pèp
la, yo di : « Nan ki pouvwa w’ap fè bagay sa yo? Epi kilès ki te ba ou pouvwa
sa a ?»
Jezi pran lapawòl, li
di yo : « M’ap poze nou kesyon tou sou yon sèl bagay, si nou di m’ li, mwen
menm tou m’ap di nou nan ki pouvwa m’ap fè bagay sa yo. Batèm Jan an, kote l’
te sòti ? Nan syèl la, oubyen nan lèzòm ?»
Men yo menm yo t’ap
reflechi antre yo, yo t’ap di : « Si nou di : « Nan sièl la », l’ap di nou : «
Ebyen pouki sa nou pa t’ kwè nan li »? Men si nou di : « Nan lèzòm », nou pè
foul la ; sèke tout moun te konsidere Jan kòm pwofèt ».
Yo reponn Jezi, yo di : « Nou pa
konnen ».
Li di yo li
menm tou : « Ebyen ni mwen menm tou mwen p’ap di nou nan ki pouvwa mwen fè
bagay sa yo».
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou,
Granmèt.
REFLEKSYON
« Gen yon zetwal
k’ap leve sot nan Jakòb ». Se bòn nouvèl sa premye moso labib nou li nan chapit vennkat Liv Nomb la
anonse nou. Zetwal sa y’ap pale a, se pa lòt bagay pase Jezikri, Pitit David
la, sila ki te pral sòti nan rasin Jese a. Se sila ki vini pou kraze fènwa
peche a ki bouche je nou ki fè nou pa kapab kontanple mèvèy Bondye. Limyè sa
vini pou klere ekzistans nou, pou klere chemen nou. Li vini montre nou kilès
Bondye ye, li vin di nou Bondye renmen nou, Bondye wè mizè nou, li koute rèl
nou e li pote liberasyon pou nou. Li pote yon lavi tou nèf pou nou, li vin
restore nou. Se li menm tou ki vini aprann nou santye Granmèt la (sòm 24).
Deja, se Jezi menm ki di nou : «Mwen se Chemen an, Laverite a ak Lavi a. Pèsonn
pa ale kot Papa a si li pa pase pa mwen menm.»
Moso Levanjil Matye
nou li pou jodi a prezante nou Jezi ki nan konfli avèk chèf prèt yo. Mesye sila yo kesyone otorite Jezi
ak orijin otorite li. Lè yo wè Jezi ap bay lansèyman nan Tanp la, yo oze mande
li : «Nan ki pouvwa w’ap fè bagay sa yo? Epi kilès ki te ba ou pouvwa sa a ?».
Jezi li menm li poze yo yon kesyon ki te anbarase yo, li di yo : « Batèm Jan
an, kote l’ te sòti ? ». Atravè kesyon sa Jezi te kraze tout pretansyon chèf
prèt e li fè yo pase wont, paske yo pa t’kapab reponn li jan yo te dwe reponn.
Jezi montre tou ki relasyon li genyen avèk Jan Batis, sila ki t’ap prepare
teren an pou te akeyi Jezi a ; li montre yo kòman travay li a se kontinuite
travay Jan t’ap fè a.Se sa k’ fè li mande yo ki kote batèm Jan an te sòti. Jezi ap aji, l’ap
fè travay Papa li e li envite nou kolabore ak li.
LAPRIYÈ:
Granmèt, tanpri, panche zòrèy bon
kè ou sou rèl n’ap pouse, klere fènwa kè nou, ak gras Pitit ou a k’ap vizite
nou an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Gade nan ki fason ou kapab tounen yon zetwal
pou klere lòt yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario