Koulè
Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
“Yo p’ap wete baton kòmandman an sot nan Jida”
NAN LIV LAJENÈZ 49, 2. 8-10
Jou sa yo : Jakòb rele pitit
li yo, li di yo :
“Rasanble,
pou m’ anonse nou sa k’ap rive nou nan jou yo k’ap vini yo. Rasanble, koute,
pitit Jakòb yo, koute Izrayèl papa nou.
Jida, frè ou yo ap fè lwanj ou ;
men ou sou kou ènmi ou yo, pitit papa ou yo ap ajenou devan ou. Se pitit lyon Jida
ye. Pitit mwen, ou te monte pou lachas, ou repoze, ou kouche tankou yon lyon,
tankou yon femèl lyon : kilès k’ap reveye l’ ? Yo p’ap wete baton
kòmandman an sot nan men Jida, ni chèf la sot nan jenou l’, joustan sa a y’ap
voye a ap rive ; se li menm nasyon yo ap tann nan”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 71, 2. 3-4ab. 7-8. 17
R/ Jistis
ap fleri nan tan l’avèk lapè an kantite pou tout tan.
Bondye, bay wa a jijman ou, bay
pitit wa a jistis ou, l’ap jije pèp ou a nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman.R.
Mòn yo ap pote lapè pou pèp la, ti wotè
yo ap pote jistis. L’ap jije pòv yo nan pèp la, l’ap sove pitit malere
yo.R.
Nan tan l’ yo jistis ap fleri ak
lapè an kantite joustan lalin nan disparèt. L’ap kòmande sot
nan lanmè al nan lanmè,epi sot nan gran rivyè a jous nan bout
fas tè yo.R.
Se pou non l’ beni pou tout tan,
devan solèy la se pou non l’ dire. Se pou tout ras tè yo jwenn benediksyon nan
li. Se pou tout nasyon yo fè lwanj li.R.
LEVANJIL
“Ras Jezikri, Pitit David”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MATYE KI SEN 1, 1- 17
Liv jenerasyon Jezikri, pitit
David, pitit Abraam.
Abraam anfante Izaak, Izaak
anfante Jakòb, Jakòb anfante Farès ak Zara pa lentèmedyè Tama, Farès anfante Eswòm,
Eswòm anfante Aram, Aram anfante Aminadab, Aminadab anfante Naason, Naason
anfante Salmon, Salmon anfante Bòz pa lentèmedyè Raab, Bòz anfante Obèd pa lentèmedyè
Rit, Obèd anfante Jese, Jese anfante wa David.
Wa David anfante Salomon pa lentèmedyè
sa a ki te madanm Iri a. Salomon anfante Roboam, Roboam anfante Abya, Abya
anfante Asa, Asa anfante Jozafat, Jozafat anfante Joram, Joram anfante Ozyas,
Ozyas anfante Joatan, Joatan anfante Akaz, Akaz anfante Ezekyas, Ezekyas anfante
Manase, Manase anfante Amòn, Amòn anfante Jozyas, Jozyas anfante Jekonyas ak
frè l’ yo lè ekzil Babilòn nan.
Aprè ekzil Babilòn nan, Jekonyas
anfante Salatyèl, Salatyèl anfante Zowobabèl, Zowobabèl anfante Abiyoud, Abiyoud
anfante Elyasim, Elyasim anfante Azò, Azò anfante Sadòk, Sadòk anfante Akim,
Akim anfante Eliyoud, Eliyoud anfante Eleaza, Eleaza anfante Matan, Matan
anfante Jakòb.
Jakòb menm anfante Jozèf, ki te
marye avèk Mari, se nan Mari Jezi vin pran nesans, li menm yo rele Kris la.
Konsa tout jenerasyon yo sot nan
Abraam jous nan David, sa fè katòz jenerasyon ; epi sot nan David jous nan
ekzil Babilòn nan, katòz jenerasyon ; epi sot nan ekzil Babilòn nan jous
nan Kris la, katòz jenerasyon.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON :
N’ap avanse ak gran pa pi pre selebrasyon gwo mistè Enkanasyon Pitit Bondye a,
sa vle di Fèt Nwèl la, kote nou selebre prezans Bondye nan mitan nou, kote nou
santi Bondye nou an pi pre nou, li pi solidè ak nou, paske li fè li tounen youn
nan nou, li fè kominyon ak nou menm nan pwòp chè nou. Nou sot li premye lekti a
nan Liv Lajenèz, ki se liv ki pale nou sou kreyasyon an. Petèt se pa pou san
rezon puiske nou nou deja konsidere Nwèl la kòm renouvèlman kreyasyon an.
Vrèman vre, nan fèt sa a, Bondye vini pou renouvle nou, pou li fè tout bagay
nouvo.Si nou li avèk anpil atansyon, nou kapab dekouvri kòman nan finisman
premye moso Labib la, yo te deja anonse vini Mesi a te gen pou vini kòm wa a. «Yo p’ap wete baton
kòmandman an sot nan men Jida, ni chèf la sot nan jenou l’, joustan sa a y’ap
voye a ap rive ; se li menm nasyon yo ap tann nan».
Tankou nou konnen li deja, Jezi se alafwa moun ak Bondye, kidonk li gen de (2)
nati ; an Kredo nou nou di : «Mwen kwè
gen yon sèl Granmèt, se Jezikri, sèl Pitit Bondye a... Li se Bondye nan Bondye
a, Limyè nan Limyè a, Bondye tout bon vre nan Bondye tout bon vre a, …. Li se menm Bondye ak Papa a. Se pa Pouvwa li tout bagay fèt. Se pou tout moun, se pou l’ vin sove nou, li
desann sot nan syèl. Se pa pouvwa Lespri Sen an kò li vin fèt nan vant Mari ki
vyèj e li tounen yon moun…». Premye pati Levanjil Sen Matye a pale nou sou
orijin Jezi kòm moun antan li prezante nou avèk presizyon tout jenerasyon ki
sòti depi nan Abraam pou rive nan Jozèf ki te marye avèk Mari e ki te papa
adoptif Jezi. Zanmi m’ yo an nou kontinye fè bèl preparasyon pou nou akeyi Mèt
la ki pa lwen nou. Li te deja vini e nou p’ap espere ke l’ap vin fèt kou yon ti
bebe pami nou ankò. Si nou ta panse konsa, se ta yon gwo ilizyon !
Okontrè, an nou rete veyatif antan n’ap prepare nou pou nou fete gwo evènman
istorik Enkanasyon Pitit Bondye a, pou nou kapab pare, dekwa pou lè li tounen
kòm Jij la, li jwenn nou pare ap rete tann li pou akeyi li.
LAPRIYÈ : Bondye, ki kreye moun nan epi ki delivre
l’, ou menm ki te vle pou Pawòl ou a pran chè nan vant sa a ki toujou rete vyèj
la, tanpri, konsidere priyè nou yo, pou Sèl Pitit ou a, ki pran kondisyon moun
nou an, fè nou asosye nan menm destine avèk li menm ki Bondye a. Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON : Pataje
sa ou genyen ak moun ki pa gen anyen, viv yon fason ki senp pou kè tout moun
kontan nan fèt Nwèl la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario