Koulè
Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
“M’ap fè yon desandans kòrèk leve pou David”
NAN LIV PWOFÈT JEREMI 23, 5-8
“Men jou k’ap vini, deklarasyon Granmèt la, m’ap fè yon desandans
kòrèk leve pou David ; l’ap kòmande kòm wa, l’ap gen sajès, l’ap fè jijman
ak jistis sou tè a. Nan jou sa yo, Jida ap sove, Izrayèl ap abite avèk asirans ;
men ki non y’ap rele l’ : « Granmèt
nou an ki kòrèk la ».
Poutèt sa, men jou k’ap vini, deklarasyon
Granmèt la, yo p’ap di ankò : “Granmèt
la vivan, li menm ki te fè pitit Izrayèl yo sot nan peyi Ejip la”, men : “Granmèt la vivan, li menm ki te fè ras kay Izrayèl la sòti nan peyi
nan Nò a ak nan tout peyi yo, kote mwen te jete yo a, epi li kondui yo vini, y’ap
abite nan peyi l’ la”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 71, 2. 12-13. 18-19
R/ Jistis
ap fleri nan tan l’avèk lapè an kantite pou tout tan.
Bondye, bay wa a jijman ou, bay
pitit wa a jistis ou, l’ap jije pèp ou a nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman. R.
Sèke l’ap delivre malere a k’ap rele a, ak pòv
la ki pa gen sekou a. L’ap pran pitye pou pòv la ak mizerab la,
l’ap sove nanm pòv yo.R.
Konpliman pou Granmèt Bondye,
Bondye Izrayèl, li menm ki fè mèvèy pou kont li ; konpliman
pou non l’ ki gran an pou tout tan, tout tè a ap plen ak grandè l’. Amèn, amèn.R.
LEVANJIL
“Jezi fèt sot nan Mari, ki te fiyanse ak Jozèf, pitit David”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MATYE KI SEN 1, 18-24
Men kijan Jezikri te fèt :
Lè manman l’ Mari te fiyanse avèk
Jozèf, anvan yo te abite ansanm, rive li te vin ansent pa pouvwa Lespri Sen an ;
Jozèf menm, mari l’, kòm li te kòrèk, epi li pa t’ vle denonse l’, li te vle
ranvwaye l’an kachèt.
Pandan l’ap kalkile sa, zanj
Granmèt la parèt devan l’ nan rèv, li di : “Jozèf, pitit David, pa pè resevwa Mari, madanm ou an : sèke
sa k’ fèt nan li a se nan Lespri Sen an li sòti ; l’ap anfante yon pitit
gason, w’ap rele non l’ Jezi, se li menm k’ap sove pèp li a sot nan peche l’
yo.”
Tout sa rive pou pawòl Granmèt la
te di pa lentèmedyè pwofèt la rive vre : “Men vyèj la ap vin ansent, l’ap anfante yon ti gason ; y’ap rele
non l’Emanyèl, sa vle di Bondye-avèk-nou.”
Lè Jozèf leve sot nan dòmi, li fè
jan zanj Granmèt la te pase lòd la, li resevwa madanm li an.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Nou abitye sonje ke Bondye te mande Lavyèj
Mari si l’ te aksepte ansent Jezi, avan l’ te fè mirak la. Nou toujou di konsa,
Bondye respekte libète moun nan, li pa enpoze volonte l’ sou nou. Tout sa se
vre, epi li enpòtan pou n’ sonje sa.
Men pafwa, gen sityasyon nan lavi nou ki
sanble plis ak eksperyans Jozèf te fè a. Jozèf li menm, li pa t’ janm konnen si
Lespri Sen an te pral ansent fiyanse li, Mari. Yo pa t’ mande Jozèf si l’ te
dakò. Se aprè sa te fin fèt, li te vin rann li kont sa.
Anpil fwa nan lavi nou, gen bagay ki rive nou,
nou pa t’ janm mande yo, nou pa t’ menm prepare pou yo. Nan sityasyon sa yo,
nou ka sonje Sen Jozèf, ak jan l’ te reyaji lè sa menm te rive l’ tou.
Jozèf te sezi lè l’ wè Mari ansènt epi se pa
li menm ki te ansènt li, men l’ pa t’ reyaji ak vyolans. Menm avan l’ te fin
konprann sa ki t’ap pase a, li te pran desizyon aji yon fason ki pa ta pral fè
Mari mal.Daprè lalwa alepòk, li te gen dwa touye Mari ak kout wòch, men li te
pran desizyon separe avè l’ tou senpleman, san moun pa konnen ki sa k’ te pase
nan mitan yo. Lè zanj Bondye a te eksplike Jozèf vrè rezon Mari te ansent la,
Jozèf te aksepte l’ak tout kè li. Li te leve Jezi kòm si l’ te pitit pa l’. Malgre
li pa te konnen sa alavans, li te wè jan Bondye te bezwen l’ tou, epi li te
kolabore ak volonte Granmèt la jiskobou.
Nou menm tou, lè yon bagay rive nou ki fè n’
sezi epi ki ba nou malalèz, nou ta dwe reflechi sou ekzanp Jozèf. Si l’ te reyaji
ak vyolans, se yon gwo erè li t’ap fè, paske se Pitit Bondye a menm li ta pral
touye.
Okontrè, fò n’ chache reyaji ak sajès, ak
renmen, epi pou n’ chache konprann nan ki fason Granmèt la ap sèvi ak sityasyon
sa a pou envite m’ kolabore ansanm avè l’, pou tout moun ka sove.
LAPRIYÈ : Bondye ki gen tout pouvwa, tanpri, nou
menm k’ap deperi anba jouk peche a nan esklavaj lontan an, delivre nou gras a
nouvo nesans Sèl Pitit ou a n’ap tann nan. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Ki
sityasyon m gen nan lavi m ki sanble ak sa k te rive Jozèf ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario