Koulè
Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
“Nesans Samson an, zanj la anonse a”
NAN LIV JIJ YO 13, 2-7. 24 25a
Jou sa yo :
Te gen yon mesye nan Sorea nan
ras Dan, yo te rele l’ Manwe, li te gen yon madanm ki te steril; zanj Granmèt
la parèt devan madanm nan; li di l’: “Fè
atansyon pou ou pa bwè diven ak bwason fò, ni pou ou pa manje okenn bagay ki pa
pwòp; paske w’apral ansent, w’a fè yon ti gason, razwa pa dwe touche tèt li:
sèke li konsakre pou Bondye depi l’ tou piti depi l’ nan vant manman, se li menm
k’ap kòmanse delivre Izrayèl sot nan men Filisten yo”.
Lè mari l’ rive, madanm nan di
l’ : “Gen yon mesye Bondye ki te
vin kote m’, li te gen fas yon zanj, li te fè kè m’ sote anpil. Lè m’ mande l’
kilès li te ye epi ki kote li te sòti epi ki non l’, li pa t’ vle di m’ ;
men li reponn mwen konsa : Men w’apral ansent epi w’ap anfante yon ti
gason. Fè atansyon pou ou pa bwè diven ni bwason fò, ni pou ou pa manje okenn
bagay ki pa pwòp ; sèke ti pitit la ap konsakre pou Bondye depi l’ tou
piti, depi l’ nan vant manman l’ jous jou lanmò li”.
Konsa li fè yon ti gason, li rele
non l’ Samson. Ti gason an grandi, Granmèt la beni l’. Lespri Granmèt la kòmanse
vin avèk li nan abitasyon Dan yo ant Sorea avèk Estawòl.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 70, 3-4a. 5-6ab. 16-17
R/ Bouch mwen
ap anonse delivrans ou, Granmèt.
Se pou ou sèvi m’ yon wòch
sitadèl, ak yon kay-defans pou ou sove m’, paske fòs mwen ak kachèt mwen, se ou
menm, Bondye mwen, wete m’ nan men moun peche a.R.
Paske se ou menm ki esperans mwen,
Granmèt ; Granmèt, esperans mwen depi m’ tou jèn. Se sou ou mwen apiye depi
m’ nan vant, depi m’ nan vant manman m’ se ou menm ki soutni m’.R.
M’ap vin kot pouvwa Granmèt la :
Granmèt, m’ap fè sonje jistis ou ki pa gen parèy la. Bondye, ou ban m’ansèyman
depi m’ tou jèn ; jous koulye a m’ap anonse mèvèy ou yo.R.
LEVANJIL
“Nesans Jan Batis Gabriyèl anonse a”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 1, 5-25
Nan tan Ewòd yo, wa Jide a, te gen
yon prèt yo te rele Zakari, nan ras Abya, madanm li te sòti nan yon fanmi Aawon,
non l’ se te Elizabèt. Yo toulede te kòrèk devan Bondye, yo te obeyi tout
kòmandman ak desizyon Granmèt la san kont. Men yo pa t’ gen pitit, paske
Elizabèt te steril, yo toulede te avanse nan laj yo.
Rive, pandan li t’ap fè sèvis
prèt li nan ran klas li devan Bondye, daprè abitid prèt yo, sò a tonbe sou li
pou l’ prezante lansan antan l’antre nan Tanp Granmèt la ; tout foul pèp
la te deyò, yo t’ap priye pandan lè lansan an.
Zanj Granmèt la parèt devan l’,
li kanpe adwat lotèl lansan an. Zakari twouble lè l’ wè sa, sezisman tonbe sou
li.
Zanj la di l’ : “Pa pè, Zakari, yo tande priyè w’ la ;
madanm ou, Elizabèt, ap fè yon ti gason ba ou, w’ap rele non l’ Jan, w’ap
kontan, w’ap fete, anpil moun ap kontan nan nesans li. Sèke l’ap gran devan
Granmèt la, li p’ap bwè diven ak alkòl, l’ap plen Lespri Sen an depi nan vant
manman l’. L’ap fè anpil pitit Izrayèl yo tounen kot Granmèt Bondye yo a. Li menm
l’ap mache devan l’ nan Lespri ak pouvwa Eli, « pou l’ fè kè papa yo vire
kot pitit yo », pou l’ fè moun ki pa kwè yo vin gen entelijans moun kòrèk
yo, pou l’ pare yon pèp ki kòrèk nèt pou Granmèt la”
Zakari menm di zanj la. “Kòman m’ap
fè konn sa? Sèke mwen menm mwen se yon granmoun, epi madanm mwen avanse nan jou
l’ yo”.
Zanj la reponn, li di l’ : “Se mwen menm Gabriyèl, ki kanpe devan Bondye ;
li voye m’ pou m’ pale ak ou, epi pou m’anonse ou bòn nouvèl sa yo. Ebyen men w’apral
baba epi ou p’ap kapab pale jous nan jou bagay sa yo ap fèt, poutèt ou pa t’ kwè
pawòl mwen yo, k’ap reyalize nan tan yo”.
Foul la menm t’ap tann Zakari, yo
te sezi poutèt li te mize nan Tanp la. Lè l’ sòti menm li pa t’ kapab pale avèk
yo, yo te rekonèt se yon vizyon li te genyen nan Tanp la. Li menm menm li
t’ap fè yo siy, epi li te rete baba.
Rive, lè jou sèvis li yo fini, li
pati al lakay li. Aprè jou sa yo, Elizabèt madanm li vin ansent, li te ret kache,
pandan senk mwa, li t’ap di: “Se
konsa Granmèt la aji avèk mwen, nan jou sa yo, kote li voye je pou l’ wete wont
mwen an nan pami lèzòm yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pouvwa Bondye se
yon bagay nou pa kapab mezire ak pwòp ti entelijans nou, paske Bondye pi gran
pase nou, se kreyati li nou ye. Entelijans li ba nou twò piti pou nou ta rive
konprann li nan Sajès li ki san mezi ak nan renmen li ki san limit. Gen yon gwo
vid ki separe Kreyatè a ak kreyati a. Nou li de tèks jodi a ki sanble tèt
koupe: premye lekti a ak levanjil la. Youn pale de istwa nesans Samson; lòt la
pale de istwa nesans Jan Batis. Nan tou de istwa sa yo nou wè Bondye fè gwo
entèvansyon, kidonk se Bondye k’ap aji, atravè mesaje li. Tou de istwa yo
montre kòman Bondye kapab aji nan feblès nou. Lè tout bagay parèt enposib pou
nou, lè nou santi nou dekouraje, n’ap pase wont nan sosyete a, Bondye li menm
li kapab aji pou li leve tèt nou. Paske li Se Bondye Abraam, Izaak ak Jakòb la,
li se Bondye ki onore pwomès li, li se yon Papa fidèl. Nan premye moso labib
la, Manwe se te yon nèg ki pa t’ espere gen pitit ak madanm li, paske madanm
nan te steril; sa vle di li pa t’ gen kapasite natirèl pou li te fè pitit. Nan
kilti pa nou, nou konnen lè yon fi steril ki non yo ba li, epi kijan fi sa
kapab santi li jennen pou li mache nan sosyete a. Se yon sitiyasyon ki vrèman
imilyan, sitou lè tout moun konnen entèl se yon jèn fi ki gen 5 an oubyen 10
zan depi li marye epi li pa janm fè pitit. Nan Levanjil la nou wè Elizabèt,
madanm Zakari te twouve li nan ka sa tou, li te steril epi li te avanse nan
laj. Kidonk se yon fi ki te dezespere gen pitit. Men nou wè pandan Zakari t’al
prezante lansan nan Tanp la Bondye te anonse li yon bòn nouvèl, li di li atravè
zanj Gabriyèl: «Pa pè, Zakari, yo tande priyè w’ la ; madanm ou, Elizabèt, ap fè yon
ti gason ba ou, w’ap rele non l’ Jan, w’ap kontan, w’ap fete, anpil moun ap
kontan nan nesans li…». Mezanmi, se yon istwa ki envite nou mize lavi nou sou
Bondye epi pou nou mete tout konfyans nou nan li, paske se Bondye sèl ki ka
pote lavi ak lespwa pou nou. Se li menm sèl ki kapab chanje lavi nou, se li
menm sèl ki kapab leve tèt nou devan sosyete a.
LAPRIYÈ:Bondye, ou menm ki devwale klète glwa ou bay tè a, gras a Pitit Lavyèj ki
sen an anfante a, tanpri, mistè gran Bondye sa a ki vin pran chè a, fè nou
adore l’avèk yon lafwa ki entak, fè nou toujou frekante l’avèk tout respè nou.
Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap fè Bondye plis
konfyans nan pwoblèm mwen yo, paske li gen tout pouvwa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario